YouVersion Logo
Search Icon

Matthïeu 11

11
1 # Mat 7:28 Lè Jésus te fin bay enstriksyon a douz disip Li yo, Li te kite kote sa a pou enstwi e preche nan vil pa yo.
2 # Mat 4:12 Alò, lè Jean, depi nan prizon an, te tande tout zèv ke Kris la t ap fè yo. Konsa, li te voye yon mesaj pa disip Li yo. 3Li te mande L: “Èske Ou se #Sòm 118:26Sila ke nou t ap tann nan, oubyen èske nou bezwen tann yon lòt?”
4Jésus te reponn yo e te di: “Ale fè rapò a Jean selon tout sa nou tande e wè: 5#És 35:5Avèg yo vin wè, sila ki t ap bwate yo vin mache dwat, lepre yo vin pirifye, soud yo vin tande, mò yo vin resisite, e malere yo tande bòn nouvèl la. 6Beni se sila ki #Mat 5:29pa chite akoz Mwen menm nan.”
7Pandan mesye sa yo, disip a Jean Baptiste yo t ap prale, Jésus te kòmanse pale avèk foul la konsènan Jean: “Kisa nou te #Mat 3:1ale wè nan savann nan? Yon wozo ki souke pa van? 8Men kisa nou te ale wè? Yon nonm abiye ak rad ki swa? Sila ki mete rad swa yo rete nan palè a wa yo. 9Men kisa nou te sòti pou wè? #Mat 14:5Yon pwofèt? Wi, Mwen di nou e se youn ki plis ke yon pwofèt. 10Se selon sila menm ke pwofèt yo te ekri: #Mal 3:1Gade byen! Mwen voye mesaje Mwen an devan fas nou, ki va prepare chemen an devan nou.” 11Anverite Mwen di nou, pami sila ki fèt pa fanm yo, pa janm leve youn ki pi gran ke Jean Baptiste; malgre sa, sila ki pi piti nan wayòm syèl la, pi gran pase li. 12#Luc 16:16Depi jou a Jean Baptiste yo jis rive kounye a, wayòm syèl la ap soufri vyolans, e lòm vyolan yo pran li pa lafòs. 13Paske tout pwofèt yo ansanm ak Lalwa a te pwofetize jiska Jean. 14Konsa, si nou kapab aksepte l, se li menm ki #Mal 4:5Elie, sila ki te genyen pou vini an. 15#Mat 13:9,43Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.
16 “Men a kisa Mwen kapab konpare jenerasyon sila a? Li tankou timoun ki chita nan mache a, k ap rele lòt timoun 17pou di: ‘Nou te jwe flit pou nou, e nou pa t danse. Nou te chante yon antèman, e nou pa t kriye’. 18Paske Jean te vini san manje ni #Luc 1:15bwè, e yo di: #Mat 9:34 ‘Li gen yon move lespri’! 19Men Fis a Lòm nan te vini avèk manje e avèk bwè, e yo di: #Mat 9:11‘Gade, li manje twòp, li bwè twòp, e li fè zanmi avèk moun biwo kontribisyon an, ak pechè yo!’ Men sajès la toujou jistifye pa zanfan li yo.”
20Li te kòmanse repwoche vil kote pi fò #Luc 10:13-15mirak yo te fèt yo, paske yo pa t repanti. 21#Luc 10:13-15Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann. 22Malgre sa Mwen di nou, l ap pi tolerab pou Tir ak Sidon nan #Mat 10:15jou jijman an pase pou nou menm. 23Epi nou menm, #Mat 4:13Capernaüm; nou p ap monte nan syèl la! Nou konnen sa? Nou ap #És 14:13-15desann nan Lanfè. Paske si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Sodome; yo ta toujou la jodi a. 24Malgre sa, Mwen di nou ke #Mat 10:15li va pi tolerab pou peyi Sodome nan jou jijman an pase pou nou menm.
25 # Luc 10:21 Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo. 26Wi #Luc 22:42Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou. 27Papa M #Mat 28:18fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.
28 # Jr 31:25 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29Pran jouk mwen sou nou, e vin #Jn 13:15aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e #Jr 6:16 nou va jwenn repo pou nanm nou. 30Paske #I Jn 5:3jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

Currently Selected:

Matthïeu 11: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in