1
Matthïeu 11:28
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
“Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo.
Compare
Explore Matthïeu 11:28
2
Matthïeu 11:29
Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou.
Explore Matthïeu 11:29
3
Matthïeu 11:30
Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
Explore Matthïeu 11:30
4
Matthïeu 11:27
Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.
Explore Matthïeu 11:27
5
Matthïeu 11:4-5
Jésus te reponn yo e te di: “Ale fè rapò a Jean selon tout sa nou tande e wè: Avèg yo vin wè, sila ki t ap bwate yo vin mache dwat, lepre yo vin pirifye, soud yo vin tande, mò yo vin resisite, e malere yo tande bòn nouvèl la.
Explore Matthïeu 11:4-5
6
Matthïeu 11:15
Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.
Explore Matthïeu 11:15
Home
Bible
Plans
Videos