YouVersion Logo
Search Icon

Luc 23

23
1Alò kon yon sèl kò, yo te leve pou #Mat 27:2mennen L devan Pilate. 2#Mat 27:11-14Yo te kòmanse akize L, e te di: “Nou te twouve mesye sa t ap egare nasyon nou an, e t ap anpeche yo peye kontribisyon yo bay César, e te di ke Li menm, Li se Kris la, yon Wa.”
3Donk Pilate te mande Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Epi Li te reponn li: #Luc 22:70 “Se sa ou di l la”.
4Answit Pilate te di a chèf prèt yo avèk foul la: #Mat 27:23“Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sa a”.
5Men yo te kontinye ensiste, e t ap di: “L ap boulvèse pèp la, e L ap enstwi yo toupatou nan Juda, #Mat 4:12kòmanse soti nan Galilée, pou menm rive nan plas sa a.”
6Men lè Pilate te tande sa, li te mande si mesye sa a te yon Galileyen. 7Lè l te vin aprann ke Li te anba otorite Hérode, li te voye Li vè #Mat 14:1Hérode, ki te osi nan Jérusalem nan moman sa a.
8Alò, Hérode te trè kontan lè l te wè Jésus; paske #Luc 9:9li te vle wè L depi lontan, akoz ke li t ap tande de Li, e te espere wè l fè kalite mirak ki te fèt pa Li. 9Li te kesyone Li anpil, men #Mat 27:12,14Li pa t reponn li menm. 10Chèf prèt yo avèk skrib yo te kanpe la, e t ap akize Li avèk vanjans. 11Epi lè Hérode avèk sòlda li yo, te fin trete L avèk ensolans, e moke L, yo te #Mat 27:28fè L abiye ak yon bèl manto, e te voye Li retounen bay Pilate. 12Alò nan menm jou sa a, #Trav 4:27Hérode avèk Pilate te vin zanmi youn avèk lòt men avan sa, yo te lènmi youn ak lòt.
13Pilate te rasanble chèf prèt yo avèk #Luc 23:35ofisye yo avèk pèp la. 14Li te di yo: “Nou te mennen nonm sa a kote mwen tankou yon moun ki t ap #Luc 23:2pouse pèp la a rebelyon, e gade byen, selon egzamen ki fèt devan nou, mwen #Luc 23:4pa twouve okenn koupabilite nan Li, selon chaj ke nou fè kont Li yo. 15Non, ni #Luc 9:9Hérode pa twouve anyen, paske li te voye Li tounen bò kote nou; epi byen gade, anyen ki merite lanmò pa t fèt pa Li. 16Konsa, mwen va #Mat 27:26pini Li, epi lage Li.”
17Alò li te oblije lage pou yo yon prizonye nan fèt la. 18Men yo te kriye fò tout ansanm, e te di: #Jn 18:39“Fè nonm sa ale! Libere pou nou Barabbas!” 19(Li te yon moun ki te jete nan prizon pou yon rebelyon ki te fèt nan vil la, ak pou touye moun.)
20Pilate, ki te vle lage Jésus, te pale avèk yo ankò, 21men yo te kontinye kriye fò, e te di: “Krisifye! Krisifye Li!”
22Li te di yo yon twazyèm fwa: “Poukisa? Ki mal mesye sa a fè? Mwen pa twouve nan Li okenn fot ki mande lanmò. Konsa, mwen va #Luc 23:16pini Li, epi lage Li.” 23Men yo te ensiste toujou, e t ap mande ak gwo vwa pou Li krisifye. Epi vwa pa yo te kòmanse vin genyen. 24Konsa, Pilate te pase lòd ofisyèl pou sede bay yo sa yo te mande a. 25Li te libere mesye ke yo t ap mande a, ki te jete nan prizon pou rebelyon ak touye moun nan, men li te livre Jésus kon volonte pa yo.
26 # Jn 19:17 Lè yo te mennen L sòti, yo te mete men sou yon Simon de Cyrène ki t ap sòti andeyò, e te mete kwa a sou li pou l ta pote l dèyè Jésus. 27Yon gran foul nan pèp la t ap swiv Li, avèk fanm yo ki t ap #Luc 8:52kriye e fè lamantasyon pou Li. 28Men Jésus, te vin vire vè yo, e te di: “Fi Jérusalem yo, sispann kriye pou Mwen, men kriye pou nou menm, ak pou pitit nou yo. 29Paske, veye byen, jou yo ap vini lè yo va di: #Mat 24:19‘Beni se sila ki esteril yo, e vant ki pa t janm fè pitit yo, ak tete ki pa t janm bay timoun tete yo.’ 30Alò, yo va kòmanse di a mòn yo: #Os 10:8‘Tonbe sou nou, e a ti kolin yo, kouvri nou.’ 31Paske si yo fè bagay sa yo avèk bwa ki vèt, kisa k ap rive lè l sèch.”
32 # Mat 27:38 De lòt mesye ki te kriminèl yo t ap mennen sòti pou mete a lanmò avèk Li. 33#Mat 27:33-44Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.
34Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te #Sòm 22:18tire osò pou divize vètman Li pami yo menm. 35Pèp la te kanpe akote, e t ap gade. Menm ofisye yo t ap moke L, e t ap di: “Li te sove lòt yo, #Mat 27:43kite Li sove pwòp tèt Li si se Kris a Bondye a, Sila Ke Li Chwazi a.”
36Sòlda yo osi ki t ap moke Li, te vin kote L, pou #Mat 27:48ofri Li diven si. 37Yo t ap di: #Mat 27:43“Si Ou se Wa a Jwif yo, sove tèt Ou!”
38Alò te gen yon enskripsyon anwo Li: #Mat 27:37“Sa Se Wa a Jwif Yo”.
39 # Mat 27:44 Youn nan kriminèl ki te pann yo t ap voye pawòl abizif vè Li; li t ap di: “Èske se pa Kris la Ou ye? Sove tèt Ou, avèk nou!”
40Men lòt la te reponn ak repwòch e te di: “Èske ou pa menm pè Bondye, paske ou anba menm lòd kondanasyon an? 41Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.” 42Konsa li te di: “Jésus, sonje mwen lè Ou antre nan wayòm Ou an!”
43Li te reponn li: “Anverite Mwen di ou, jodi a, ou va avè M nan #II Kwo 12:4 Paradi.”
44 # Mat 27:45-56 Alò se te anviwon sizyèm lè, e tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè. 45Solèy la te kache nèt, e #Egz 26:31-33vwal tanp lan te chire an de bout. 46Jésus te kriye avèk yon gwo vwa, e te di: “Papa, #Sòm 31:5nan men Ou Mwen remèt lespri Mwen.” Lè L fin di sa, Li te respire dènye souf Li.
47 # Mat 27:54 Alò, lè santenye a te wè sa ki te rive a, li te kòmanse bay lwanj a Bondye, e te di: “Anverite, mesye sa a te inosan.” 48Alò tout foul la ki te vini ansanm pou espektak sila a, lè yo te wè sa ki te rive a, yo te retounen e t ap #Luc 8:52bat lestomak yo. 49#Mat 27:55Epi tout sila ki te rekonèt Li yo, ak fanm Galilée ki te akonpanye Li yo, te kanpe a yon distans e t ap gade tout bagay sa yo.
50 # Mat 27:57-61 Yon mesye ki te rele Joseph, yon manm Konsèy la, te yon nonm ki te bon e jis. 51Li pa t dakò avèk plan yo a. Se te yon mesye ki te soti Arimathée, yon vil a Jwif yo, e li #Mc 15:43t ap tann vini wayòm Bondye a. 52Mesye sila a te ale kote Pilate, e te mande kò Jésus. 53Konsa, li te desann kò li, li te vlope li nan yon twal lèn, e li te depoze li nan yon tonbo ki te fouye nan wòch, kote pèsòn pa t janm te depoze. 54Se te #Mat 27:62Jou Preparasyon an, e Saba te prèt pou kòmanse. 55Alò #Luc 23:49fanm ki te vini avèk Li yo depi Galilée te swiv, e te wè tonm nan ak jan kò L te depoze a. 56Answit yo te retounen pou #Mc 16:1prepare epis avèk pafen. Epi nan Saba a, yo te repoze selon Lalwa a.

Currently Selected:

Luc 23: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in