YouVersion Logo
Search Icon

Luc 24

24
1 # Jn 20:1-8 Men nan premye jou semèn nan, nan granmmaten, yo te vini nan tonm nan, e te pote epis ke yo te fin prepare yo. 2Konsa, yo te twouve wòch la woule akote tonm nan, 3men lè yo te antre, yo pa t twouve kò a #Luc 7:13Senyè Jésus a. 4Pandan yo te twouble akoz sa, vwala sibitman, #Jn 20:12de mesye te kanpe toupre yo a ak yon abiman briyan. 5Fanm yo te sezi avèk laperèz, e te bese figi yo jis atè.
Mesye yo te di yo: “Poukisa nou ap chache Sila ki vivan an pami mò yo? 6#Mc 16:6Li pa la, men Li gen tan leve. Sonje #Mat 17:22jan Li te pale avèk nou pandan Li te toujou Galilée a? 7Li t ap di ke fòk #Mat 16:21Fis a Lòm nan livre nan men a moun pechè yo, pou krisifye, e leve ankò nan twazyèm jou a.”
8Konsa #Jn 2:22yo te sonje pawòl Li yo. 9Yo te retounen soti nan tonm nan e te bay rapò a tout bagay sa yo a onz yo ak tout lòt yo. 10Alò, se te #Mat 27:56Marie Magdala, Jeanne, Marie, manman a Jacques; anplis, lòt fanm ki te avèk yo, ki t ap pale apòt yo bagay sa yo. 11Men pawòl sa yo te parèt a yo menm tankou foli, e yo te refize kwè yo. 12Men Pierre te leve, e te #Jn 20:3-6kouri nan tonm nan. Lè l te bese pou gade ladann, li te wè sèlman twal lèn ki te sèvi pou vlope a; epi li te sòti pou rive #Jn 20:10lakay li byen etone de sa ki te pase a.
13E konsa, de nan yo t ap prale menm jou sa nan yon vil yo te rele Emmaüs, ki te anviwon a onz kilomèt de Jérusalem. 14Yo t ap pale youn ak lòt sou tout bagay sa yo ki te fèt. 15Pandan yo t ap pale ak diskite, Jésus Li menm te pwoche, e te kòmanse mache fè wout la ansanm avèk yo. 16Men #Luc 24:31zye pa yo te anpeche yo rekonèt Li. 17Li te di yo: “Kilès pawòl sa yo ke n ap pataje youn avèk lòt konsa pandan n ap mache a, plen tristès konsa?” 18Youn nan yo ke yo te rele Cléopas, te reponn e te di Li: “Èske se ou sèl k ap vizite Jérusalem ki pa konnen sa ki te pase isit la nan jou sa yo?”
19Li te di yo: “Ki bagay”? Epi yo te di Li: “Bagay sou Jésus de Nazareth la, ki te yon pwofèt byen fò nan zèv, ak pawòl nan zye Bondye avèk tout pèp la. 20Kijan chèf prèt yo avèk #Luc 23:13dirijan nou yo te livre li kondane a lanmò, e te krisifye Li. 21Men nou t ap espere ke se te Li ki t ap fè #Luc 1:68redanmsyon Israël a. Anplis de tout sa, se twazyèm jou a depi bagay sa yo te fèt. 22Men osi, kèk fanm pami nou te etone nou. #Luc 24:1Lè yo te nan tonm nan bonè maten an, 23epi pa t twouve kò Li, yo te vin di ke yo te wè yon aparisyon de zanj ki te di ke Li te vivan. 24Kèk nan sila ki te avèk nou yo te ale nan tonm nan, e te twouve li vrèman menm jan ke fanm yo te di a; men Li menm, yo pa t wè L.”
25Konsa, Li te reponn yo: “O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan #Mat 26:24tout sa ke pwofèt yo te pale yo; 26#Luc 24:7-44 Èske li pa t nesesè pou Kris la te soufri bagay sa yo, pou antre nan glwa Li?” 27Answit, Li te kòmanse avèk #Jen 3:15Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.
28Konsa, yo te pwoche vil kote yo t ap prale a, e Li #Mc 6:48te fè tankou Li t ap prale pi lwen.
29Men yo te ankouraje Li, e te di L: “Rete avèk nou, paske nwit lan ap pwoche, e jounen an prèt pou fini.” Konsa, Li te antre pou rete avèk yo. 30Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te #Mat 14:19beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li. 31Answit #Luc 24:16zye yo te vin ouvri e yo te rekonèt Li; epi Li te disparèt devan zye yo. 32Yo te di youn ak lòt: “Èske kè nou pa t ap boule nan nou pandan Li t ap pale avèk nou sou wout la, pandan Li #Luc 24:45t ap eksplike nou Ekriti Sen yo?” 33Epi yo te leve menm lè a; yo te retounen Jérusalem, e yo te twouve onz yo reyini ansanm avèk #Trav 1:14sila ki te avèk yo. 34Yo te di yo ke #Luc 24:6Senyè a vrèman leve, e #I Kwo 15:5te parèt a Simon. 35Yo te kòmanse pataje sa ki te pase nan wout la, ak jan #Luc 24:30yo te vin konnen Li nan kase pen an.
36Pandan yo t ap pale bagay sa yo, Li menm te kanpe nan mitan yo, e te di yo: “Ke lapè rete avèk nou.”
37Men yo te etone, pè e te panse ke se te yon #Mat 14:26lespri ke yo te wè a.
38Epi Li te di yo: “Poukisa nou twouble, e poukisa dout leve nan kè nou? 39Gade men Mwen, ak pye Mwen, ke se Mwen menm; #Jn 20:27touche Mwen pou wè, paske yon lespri pa gen chè avèk zo, tankou nou wè ke M genyen an.” 40Lè l fin di sa, Li te montre yo men Li avèk pye Li. 41Pandan yo te toujou #Luc 24:11mal pou kwè akoz lajwa ak sezisman yo, Li te di yo: “Èske nou pa gen anyen isit la pou manje?”
42Yo te bay Li yon mòso pwason boukannen. 43Li te pran l e te #Trav 10:41manje l devan yo. 44Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan #Luc 24:27Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”
45Answit Li te #Luc 24:32ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo. 46Li te di yo: “Se #Luc 24:26-44 konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a. 47Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a #Mat 28:19 tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem. 48Nou menm se #Trav 1:8-22temwen a bagay sa yo. 49Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”
50Li te mennen yo deyò jiska #Mat 21:17Béthanie, e Li te leve men L yo, e te beni yo. 51Pandan Li t ap beni yo, Li te kite yo e te leve monte nan syèl la. 52Yo menm, lè yo te fin adore Li, yo te retounen Jérusalem avèk gran jwa. 53Yo te rete nan tanp lan tout tan e yo t ap bay lwanj a Bondye.

Currently Selected:

Luc 24: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in