YouVersion Logo
Search Icon

Joël 3

3
1“Paske gade byen, nan jou sila yo
ak nan lè sa a,
lè Mwen va restore davni Juda ak Jérusalem,#Jr 16:5
2Mwen va #És 66:18 rasanble tout nasyon yo
pou mennen yo desann nan vale Josaphat la.
Epi Mwen va #Jr 25:31antre la nan jijman avèk yo
pou pèp ak eritaj Mwen an, Israël,
ke yo te gaye pami nasyon yo.
Yo te divize tè Mwen an,
3epi te #Ab 11 voye tiraj osò pou pèp Mwen an.
Yo te #Am 2:6twoke yon gason pou yon pwostitiye
ak yon fi yo vann pou diven,
pou yo ta ka bwè.”
4“Anplis, se kisa ou ye pou Mwen, O Tyr, ak Sidon,
ak tout rejyon a Philistine yo?
Èske se yon rekonpans ke n ap ban Mwen?
Men si Mwen pa jwenn rekonpans
byen vit e san delè,
Mwen va fè rekonpans nou an
# És 34:8 retounen sou tèt nou.
5Akoz nou te #II Wa 12:18pran ajan Mwen
ak lò Mwen, e te mennen bagay
presye sakre Mwen yo nan tanp nou yo,
6epi nou te vann #Éz 27:13fis a Juda ak Jérusalem yo
bay Grèk yo pou yo ta ka vin rete lwen teritwa yo,
7gade byen, Mwen va #És 43:5fè yo leve soti
nan plas kote nou te vann yo,
pou retounen rekonpans nou an
sou pwòp tèt nou.
8Anplis, Mwen va #És 14:2 vann fis nou yo
ak fi nou yo nan men a fis a Juda yo.
Konsa, yo va vann yo bay #Job 1:15Sabeyen yo,
yon nasyon byen lwen,”
paske SENYÈ a fin pale.
9Pwoklame sa pami nasyon yo:
# Jr 6:4 “Prepare nou pou fè lagè!
Anime mesye pwisan yo!
Kite tout sòlda yo vin pi pre.
Kite yo monte kote nou.
10 # És 2:4 Bat lam cha pou yo fè epe,
ak kwòk rebondaj pou fè lans.
Kite moun fèb yo di: ‘Mwen pwisan!’
11 # Éz 38:15,16 Fè vit vini, tout nasyon ki ozalantou yo.
Rasanble nou ansanm.”
Fè desann la, O SENYÈ, moun pwisan Ou yo.
12“Kite nasyon yo leve pwop tèt yo
pou vin monte nan vale Josaphat la;
paske se la Mwen va chita pou jije
tout nasyon ki ozalantou yo.#Jl 3:2,14; Sòm 7:6
13 # Rev 14:14-19 Fè antre boutdigo rekòlt la,
paske #Jr 51:33rekòlt la vin mi.
Vin mache foule anba pye,
paske pèz diven an vin plen.
Chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo vin gran.”
14 # És 34:2-8 Gwo foul yo, gwo foul nan vale desizyon an!
Paske jou SENYÈ a toupre nan vale desizyon an.
15 # Jl 2:10,31 Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa,
e zetwal yo va pèdi briyans yo.
16Senyè a va gwonde soti nan Sion,
e va sone vwa Li soti Jérusalem.
Syèl yo ak tè a va tranble,
men SENYÈ a se yon #Sòm 61:3refij pou pèp Li a,
ak yon #Jr 16:9 sitadèl pou fis Israël yo.
17Konsa, nou va #Jl 2:27 konnen
ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,
ka p viv nan Sion, mòn sen Mwen an.
Nan lè sa a Jérusalem va sen,
e #És 52:1etranje yo p ap pase ladann ankò.
18Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf.
Nan kolin yo, se lèt ki va koule;
tout #És 30:25 ravin nan Juda va gen dlo,
epi yon #Éz 47:1-12sous va sòti lakay SENYÈ a
pou awoze vale a Sittim nan.
19Égypte va vin yon dezè,
Edom va vin yon savann dezole,
akoz #Ab 10vyolans ki te fèt sou fis Israël yo,
akoz yo te vèse san inosan an nan peyi yo.
20Men Juda va gen moun ladann jis pou tout tan
e Jérusalem de jenerasyon an jenerasyon.#Éz 37:25
21Epi Mwen va vanje san ke M potko vanje yo,
paske SENYÈ a rete nan Sion.”#És 4:4

Currently Selected:

Joël 3: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in