YouVersion Logo
Search Icon

Joël 2

2
1Soufle twonpèt la nan Sion,
e sone alam nan sou mòn sen Mwen an!
Kite tout moun k ap viv nan peyi a tranble,
paske jou SENYÈ a ap vini.
Anverite, li vin pwòch.#Jl 1:15
2Yon jou fènwa ak pèdi espwa,
yon jou nwaj yo ak tenèb byen pwès.
Tankou solèy k ap leve sou mòn yo;
konsa gen yon gwo pèp pwisan.
Pa t janm gen yon bagay konsa,
ni p ap janm gen anyen ankò,
jis rive nan ane anpil jenerasyon yo.#Jl 2:10,31; Lam 1:12
3Devan yo, se dife k ap devore,
e dèyè yo, se yon flanm k ap brile.
Peyi a vin #És 51:3 tankou jaden Eden devan yo,
men yon savann #Egz 10:5,15dezole dèyè yo,
e nanpwen anyen ki chape.
4 # Rev 9:7 Aparans yo se tankou aparans cheval la;
epi kon yon kavalye kouri cheval li,
se konsa yo kouri.
5Tankou bri cha a k ap vòltije sou tèt mòn yo,
se konsa yo sote;
tankou bri a yon flanm dife k ap devore pay,
se konsa yon gwo pèp ranje li pou batay.#Rev 9:9
6Devan yo, pèp yo vin nan gwo #És 13:8soufrans.
Tout figi yo vin pal.
7Yo kouri tankou mesye pwisan yo.
Yo monte mi tankou sòlda.
Konsa, yo #Pwov 30:27mache byen ranje,
ni yo pa kite pa yo.
8Youn pa jennen lòt.
Yo chak mache nan pa yo.
Lè y ap eklate travèse defans yo,
yo pa kase ran ranje an.
9Yo kouri sou vil la.
Yo kouri sou miray la.
Yo antre nan #Egz 10:6 kay yo;
# Jr 9:21 nan fenèt yo antre kon vòlè.
10Devan yo, tè a #Sòm 18:7 souke.
Syèl yo tranble.
# És 13:10 Solèy la ak lalin nan vin tou nwa,
e zetwal yo vin pèdi briyans yo.
11Vwa SENYÈ a pale devan lame Li a.
Anverite, kan Li vin byen gran,
paske #Jr 50:34 byen fò se sila ki akonpli pawòl Li a.
# Jl 1:15 Anverite, jou SENYÈ a gran.
Li tèrib anpil!
Se kilès ki ka sipòte li?
12“Koulye a menm”, deklare SENYÈ a,
# Det 4:29 “retounen kote Mwen ak tout kè nou;
avèk #Dan 9:3jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.”
13Konsa, #Sòm 34:18 rann kè nou, olye vètman nou.”
Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,
paske Li #Egz 34:6plen gras ak mizerikòd,
lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,
e konn ralanti nan fè malè.
14Kilès ki ka konnen #Jr 26:3si Li p ap repanti kite sa a,
pou L kite dèyè Li yon benediksyon,
menm yon ofrann sereyal
ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.
15Soufle yon twonpèt nan Sion!
# Jl 1:14 Konsakre yon jèn.
Pwoklame yon asanble solanèl.
16Rasanble moun yo.
# I Sam 16:5 Fè yon asanble ki sen.
Reyini ansyen yo.
Rasanble timoun ak sila pran tete yo.
Kite mesye marye a sòti nan chanm li,
e lamarye a sòti nan chanm maryaj la.
17Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo,
kriye antre galri a ak lotèl la,
kite yo di: #Egz 32:11,12 “Epagne pèp Ou a, O SENYÈ!
Pa fè eritaj Ou a vin yon repwòch,
yon vye mò pami nasyon yo.
Poukisa nasyon yo ta dwe di: #Sòm 42:10“Kote Bondye Yo a ye?”
18Konsa, SENYÈ a te vin jalou pou peyi Li a,
e Li te #És 60:10 fè mizerikòd a pèp Li a.
19SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a:
“Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil.
Nou va vin satisfè nèt ak yo.
# Éz 34:29 Mwen p ap fè nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo.
20Men #Jr 1:14,15Lame nò a, Mwen va retire li ale lwen nou,
Mwen va pouse li ale nan yon peyi sèk e dezole.
Tèt devan lame a, Mwen va lage nan lanmè lès la;
pwent dèyè a, nan lanmè lwès la.
Konsa, sant pouriti li a va vin leve.
Movèz odè li va vin monte,
paske se gwo bagay li te konn fè.”
21 # És 54:4 Pinga nou pè, O peyi a!
Rejwi e fè kè nou kontan,
paske SENYÈ a te fè gwo bagay.
22Pa pè, nou menm bèt chan yo;
paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt,
paske pyebwa a vin bay fwi li.
Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.#Sòm 65:12,13
23Konsa, se pou nou fè kè kontan,
O fis a Sion yo!
Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an;
paske Li te #Det 11:14 bay nou lapli bonè nan kantite ki jis,
li te fè vide sou nou lapli,
premyè ak #Lev 26:4denyè lapli lan tankou avan an.
24Glasi vannen yo va plen ak sereyal,
e chodyè yo va debòde ak diven nèf ak lwil.#Lev 26:10
25Konsa, Mwen va restore bannou pou ane
ke #Jl 1:4-7 gwo krikèt te manje yo,
ak ti krikèt la ki kouri a tè a,
ak ti cheni ak gwo cheni ke M voye pami nou,
gwo lame ke Mwen menm te
voye pami nou.
26Nou va genyen anpil manje,
nou va vin satisfè,
e nou va fè lwanj non SENYÈ a,
Bondye nou a,
ki te #Sòm 126:2,3 aji ak mèvèy avèk nou.
Konsa, pèp Mwen an #És 45:17p ap janm vin desi ankò.
27Konsa, nou va konnen ke
Mwen nan mitan Israël,
ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,
e ke pa gen okenn lòt;
epi pèp Mwen an p ap janm vin desi.#Lev 26:11,12; És 45:5,6
28Li va vin rive apre sa,
ke Mwen va #És 32:15 vide Lespri M sou tout #És 40:5chè.
Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,
e granmoun nou yo va fè vizyon yo.
29Menm sou sèvitè ak sèvan yo,
mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo.
30Mwen va #Mat 24:29montre mèvèy yo
nan syèl la ak sou tè a:
san, dife, ak gwo kolòn lafimen.
31Solèy la va vin tou nwa,
e lalin nan tankou san
devan gwo jou tèrib SENYÈ a.#És 13:10
32Epi li va vin rive ke #Jr 33:3nenpòt moun
ki rele non SENYÈ a, li va delivre;
paske nan Mòn Sion ak Jérusalem,
va gen sila ki chape yo,
jan SENYÈ a te di a,
menm pami retay la, sa yo SENYÈ a rele.

Currently Selected:

Joël 2: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in