YouVersion Logo
Search Icon

Jean 8

8
1Men Jésus te ale nan #Mat 21:1Mòn Oliv la. 2Gran maten a Li te vini ankò nan tanp lan, e tout pèp la t ap vin kote Li. E #Mat 26:55Li te chita, pou kòmanse enstwi yo. 3Skrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm ki te kenbe nan adiltè e te fè l chita nan mitan yo.
4Yo te di Li: “Mèt, fanm sa te kenbe nan adiltè, nan zak la menm. 5Epi nan Lalwa #Lev 20:10Moïse la, li te kòmande nou pou nou te lapide yon fanm konsa ak wòch. Kisa ou menm di?” 6Yo t ap di sa pou yo ta kapab #Mat 16:1sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.
7Men lè yo te pèsiste avèk demann sa a, Li te leve dwat epi te reponn yo: #Det 17:7“Sila a ki pa gen peche pami nou, kite l se premye moun pou voye yon wòch sou li.” 8Ankò Li te bese e te kòmanse ekri atè a.
9Lè yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a. 10Jésus te leve, e te di li: “Fanm, kote yo ye? Nanpwen youn ki kondane ou?” 11Li te di: “Pa youn, Senyè.” Jésus te di #Jn 3:17“Ni Mwen menm, mwen pa kondane ou nonplis. Ale, epi depi koulye a, #Jn 5:14pa peche ankò.”
12Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: #Jn 1:4“Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”
13Pou sa, Farizyen yo te di Li: #Jn 5:31“Ou fè temwayaj pwòp tèt ou. Konsa temwayaj Ou pa vrè.”
14Jésus te reponn e te di yo: “Menmsi Mwen pote pwòp temwayaj pa M, temwayaj Mwen vrè, paske Mwen konnen #Jn 8:28kote Mwen sòti, e kote M ap prale, men nou pa konnen kote Mwen sòti, ni kote M ap prale.
15 “Nou menm nou jije pa lachè, men #Jn 3:17Mwen p ap jije pèsòn. 16Men menmsi #Jn 5:30Mwen jije, jijman Mwen vrè, paske Mwen pa sèl, men Mwen avèk Li menm ki te voye M nan.
17 “Menm nan #Det 17:6 lalwa pa w la Li te ekri ke temwayaj a de moun vrè. 18Mwen se Sila ki pote temwayaj pou pwòp tèt Mwen menm, e anplis, #Jn 5:37Papa a ki te voye M nan pote temwayaj sou Mwen.”
19Pou sa yo te di Li: “Kote Papa ou?” Jésus te reponn yo: “Nou pa konnen ni Mwen, ni Papa M. Si nou te #Jn 7:28konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou.”
20Pawòl sa yo Li te pale nan trezò a, pandan #Jn 7:14Li t ap enstwi nan tanp lan. Men pèsòn pa t sezi Li, paske #Jn 7:30lè Li poko te rive.
21Li te di yo ankò: “M ap prale, e #Jn 7:34nou va chache M, e va mouri nan peche nou. Kote M ap prale, nou p ap kab vini.”
22Pou sa, Jwif yo t ap di: “Asireman Li p ap vin touye tèt Li. Konsi l ap di #Jn 7:35‘Kote m ap prale, nou p ap kab vini?’”
23Li t ap di yo: #Jn 3:31“Nou sòti pa anba, men Mwen sòti pa anwo. Nou a lemonn sila a; #Jn 17:14-16Mwen pa a lemonn sila a. 24Pou sa, Mwen te di nou ke nou tout va mouri nan peche nou yo. Paske anmwenske nou kwè #Mat 24:5ke Mwen menm se Sila a, nou va mouri nan peche nou yo.”
25Epi yo t ap di Li: “Ki moun Ou ye?” Epi Jésus te di yo “Menm sa a Mwen t ap di nou depi kòmansman. 26Mwen gen anpil bagay pou pale e pou jije konsènan nou. #Jn 3:33Sinon, Li menm ki te voye M nan vrè. E bagay ke M te tande de Li yo, sa yo Mwen pale a lemonn.”
27Yo pa t konprann ke Li t ap pale avèk yo konsènan Papa a.
28Pou sa, Jésus te di yo: “Lè nou #Jn 3:14leve Fis a Lòm nan, nou va konnen ke Mwen menm se Li menm, e ke M pa fè anyen pou kont Mwen, men Mwen pale bagay sa yo tankou Papa a te enstwi Mwen. 29E Li ki te voye M nan avèk Mwen. #Jn 8:16Li pa t kite M pou kont Mwen, paske Mwen toujou fè bagay ki fè L kontan.” 30Pandan Li t ap pale, #Jn 7:31anpil moun te vin kwè nan Li.
31Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, #Jn 15:7“Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen. 32E nou va konnen laverite a, e #Jn 8:36verite a va fè nou lib.”
33Yo te reponn Li: #Mat 3:9“Nou se pitit Abraham. Nou pa t janm esklav a pèsòn. Kijan ou kapab di ‘nou va vin lib?’”
34Jésus te reponn yo “Anverite, anverite, Mwen di nou, #Wo 6:16tout moun ki fè peche se esklav a peche a.
35 “Epi esklav la pa p toujou rete nan kay la, men #Luc 15:31 Fis la ap toujou la. 36Se pou sa, si Fis la #Jn 8:32 fè nou lib, nou ap vrèman lib.
37 “Mwen konnen ke nou se pitit # Mat 3:9 Abraham, men nou ap chache touye M, paske pawòl Mwen pa gen plas nan nou. 38Mwen pale bagay ke M gen tan wè avèk Papa M. E nou menm tou fè bagay ke nou te tande de #Jn 8:41-44papa pa nou.”
39Yo te reponn Li e te di: “Abraham se Papa nou”.
Jésus te di yo: #Wo 9:7 “Si nou se pitit Abraham, fè zèv Abraham yo. 40Men jan li ye a, nou ap chache pou touye M, yon nonm ki #Jn 8:26 di nou laverite ke M te tande depi nan Bondye.
“Sila a, Abraham pa t janm fè. 41Nou ap fè pwòp zèv papa nou.”
Yo te di Li: “Nou pa t fèt kon pitit deyò. #Det 32:6Nou gen yon sèl papa, Bondye.”
42Jésus te di yo: “Si Bondye te Papa nou, #I Jn 5:1nou ta renmen M, paske Mwen sòti nan Li, e se nan Li ke M vini. Mwen pa vini pou kont Mwen, men se Li ki voye M.
43 “Poukisa nou pa konprann sa ke M ap di a? Se paske nou pa kapab # Jn 5:25 tande pawòl Mwen.
44 # I Jn 3:8 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi #Jn 7:17nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.
45 “Men akoz ke #Jn 18:37Mwen pale laverite, nou pa kwè M. 46Kilès nan nou ki gen prèv ke M peche? Si Mwen pale laverite, poukisa nou pa kwè M?
47 # I Jn 4:6 “Sila ki se pou Bondye, tande pawòl a Bondye. Men nou pa tande, paske nou pa pou Bondye.”
48Jwif yo te reponn e te di Li: “Èske nou pa di vrèman ke Ou se yon Samariten epi ke Ou gen yon move lespri?”
49Jésus te reponn: “Mwen pa #Jn 7:20gen yon move lespri. Men Mwen onore Papa M, e nou dezonore M. 50Men #Jn 5:41Mwen pa chache glwa pa M. Men gen youn ki chache, epi ki jije.
51 “Anverite, anverite Mwen di nou, si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm #Mat 16:28wè lanmò.”
52Jwif yo te di Li: “Koulye a nou konnen ke Ou gen yon move lespri. Abraham te mouri, e pwofèt yo osi. Men Ou di: ‘Si nenpòt moun #Jn 8:55 kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.’ 53Anverite Ou #Jn 4:12pa pi gran pase Papa zansèt nou, Abraham ki te mouri an? Pwofèt yo te mouri tou. Ki moun menm Ou fè pretansyon ke Ou ye?”
54Jésus te reponn yo: “Si Mwen bay glwa a Mwen menm, glwa sa a pa anyen. #Jn 7:39Se Papa M ki fè M resevwa glwa. De kilès ke ou di M: ‘Li se Bondye Nou.’
55 “Nou poko vin rekonèt Li, #Jn 7:29men Mwen menm, mwen konnen Li. Si Mwen di ke M pa konnen L, Mwen ta yon mantè tankou nou menm, men Mwen vrèman konnen Li, e kenbe pawòl Li.
56 “Papa zansèt nou, Abraham #Mat 13:17te rejwi pou wè jou sa a, e Li te wè l, e te ranpli avèk jwa.”
57 # Jn 1:19 Pou sa, Jwif yo te di L: “Ou poko gen senkant ane, e Ou te gen tan wè Abraham?”
58Jésus te di yo “Anverite, avan Abraham te la, #Egz 3:14Mwen se.”
59Konsa, yo pran wòch pou lapide Li, men Li te kache kò Li, e te kite tanp la.

Currently Selected:

Jean 8: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in