YouVersion Logo
Search Icon

Jean 7

7
1Apre bagay sa yo, Jésus #Jn 4:3t ap mache nan Galilée. Li pa t dakò pou mache nan Judée pwiske Jwif yo #Jn 5:18t ap chache pou touye L.
2Koulye a, fèt a Jwif yo, #Lev 23:34Fèt Tonèl yo, t ap pwoche. 3#Mat 12:46Frè Li yo te di L: “Kite isit la epi ale nan Judée pou disip pa W yo osi kapab wè zèv ke Ou ap fè yo. 4Paske pèsòn pa fè anyen nan sekrè lè li vle rekonèt an piblik. Si Ou fè bagay sa yo, Ou bezwen montre Ou menm a tout monn lan.” 5Paske menm #Mat 12:46frè Li yo pa t kwè nan Li.
6Pou sa, Jésus te di yo: #Mat 26:18“Lè M poko rive, men lè pa nou toujou bon.
7 # Jn 15:18 “Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke #Jn 3:19zèv li yo mechan.
8 “Monte nan fèt la nou menm. Mwen pa ale nan fèt sila a, paske #Jn 7:6lè Mwen poko fin acheve.” 9Lè L fin di yo bagay sa yo, Li te rete nan Galilée.
10Men lè #Mat 12:46frè Li yo te ale nan fèt la, alò, Li menm tou te monte. Pa an piblik, men kòmsi an sekrè.
11Konsa, Jwif yo #Jn 11:56t ap chache pou Li nan fèt la e t ap di: “Kote Li ye?”
12Epi te gen anpil pale pami foul la ki t ap fèt sou Li. #Jn 7:40-43Kèk t ap di: “Li se yon bon moun.” Lòt t ap di: “Non, okontrè l ap egare moun yo.” 13Malgre sa, pèsòn pa t pale ovètman konsènan Li, paske #Jn 9:22yo te pè Jwif yo.
14Men se lè yo te rive nan mitan fèt la ke Jésus te monte nan tanp lan, e te kòmanse #Mat 26:55ansegne.
15Pou sa, #Jn 1:19Jwif yo te etone, e t ap di “Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?”
16Pou sa, Jésus te reponn yo e te di: #Jn 3:11“Lenstriksyon pa M se pa pa M, men se pou Li menm ki te voye M nan.
17 # Sòm 25:9-14 “Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen. 18Sila ki pale pou kont li #Jn 5:41chache pwòp glwa pa li, men Sila k ap chache glwa a Sila ki te voye L la; Li menm se verite, e pa gen linikite nan Li.
19 # Jn 1:17 “Èske Moïse pa t bay nou lalwa, men malgre sa, pa gen nan nou ki swiv lalwa? Poukisa nou ap #Mc 11:18chache touye M?”
20Foul la te reponn Li: #Mat 11:8“Ou gen yon move lespri! Kilès k ap chache touye W la?”
21Jésus te reponn yo e te di: “Mwen te fè #Jn 5:2-16yon sèl zèv, e nou tout etone.
22 “Sou kont sila a, #Lev 12:3Moïse te bay nou sikonsizyon (pa paske li te soti nan Moïse, men nan #Jen 17:1papa zansèt yo), e nan Saba a, nou sikonsize yon moun. 23#Mat 12:2Si yon moun resevwa sikonsizyon nan Saba a, pou anpeche lalwa Moïse la vyole, èske nou fache avè M akoz ke Mwen te fè yon moun geri nèt nan Saba a.
24 “Pa #Lev 19:15jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”
25Pou sa, kèk nan pèp Jérusalem la t ap di: “Se pa mesye sila a ke y ap chache touye a? 26Epi gade, L ap pale devan tout moun, e yo p ap di L anyen. #Luc 23:13Otorite yo pa petèt sipoze konnen ke sa se Kris La? 27Men #Jn 6:42nou menm konnen kote mesye sa a sòti. Men nenpòt lè Kris La vini, pèsòn p ap konnen kote Li sòti.”
28Akoz sa a, Jésus te rele fò nan tanp lan e te enstwi e te di: “Nou non sèlman konnen Mwen e kote Mwen sòti. #Jn 8:42Mwen pa t vini pou kont Mwen, men Li menm ki te voye M nan vrè. Li menm ke nou pa konnen an. 29Mwen konnen Li paske Mwen #Jn 6:46 sòti nan Li, e #Jn 3:17 Li te voye M.”
30E yo #Mat 21:46t ap chache pou sezi Li, men pèsòn pa t mete men sou Li, paske lè Li poko te rive.
31Men #Jn 2:23anpil nan foul la te kwè nan Li, e t ap di: “Lè Kris la vini, èske nou sipoze l ap fè plis #Jn 2:11sign pase sa mesye sila a gen tan fè yo?”
32Farizyen yo te tande foul la ki t ap repete bagay sa yo konsènan Li. Epi chèf prèt yo avèk Farizyen yo te voye #Mat 26:58ofisye yo pou sezi Li.
33Pou sa, Jésus te di: #Jn 12:35“Pou yon ti tan anplis, Mwen avèk nou. Apre, M ap prale a Li menm ki te voye M nan. 34#Jn 7:36Nou va chache M, e nou p ap twouve M. E kote Mwen ye, nou p ap kab vini.”
35Pou sa Jwif yo te di youn ak lòt: “Kote mesye sa a prale pou nou p ap kab twouve L? Ou pa sipoze ke L ap prale #Sòm 147:2nan dyaspora pami Grèk yo, pou l enstwi Grèk yo? 36Kisa li t ap di la a: #Jn 7:34‘Nou va chache M, e nou p ap twouve M; epi Kote Mwen ye, nou p ap kab vini’?”
37Nan #Lev 23:36dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè! 38Sila ki kwè nan Mwen, #És 44:3tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’” 39Men sa, Li te pale #Jl 2:28konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.
40Kèk nan moun yo, lè yo te tande pawòl sa yo, t ap di: “Vrèman, sa se #Mat 21:11pwofèt la.”
41Lòt t ap di: “Sa se Kris la”. Men toujou lòt t ap di: #Jn 1:46“Asireman nou pa ta kwè Kris la ta pral sòti nan Galilée! 42Èske Ekriti Sen an pa konn di ke Kris la va sòti #Sòm 89:4nan ras David, epi nan Bethléem, vil kote David te ye a?”
43Konsa, te gen yon #Jn 9:16divizyon nan foul la akoz Li. 44#Jn 7:30Kèk te vle sezi Li, men pèsòn pa t mete men l sou Li.
45Konsa, #Jn 7:32ofisye yo te vin kote chèf prèt ak Farizyen yo e te di yo: “Poukisa nou pa t mennen Li?”
46Ofisye yo te reponn: #Mat 7:28“Janmen yon moun pa pale tankou moun sa a pale.”
47Pou sa, Farizyen yo te reponn yo: #Jn 7:12“Èske Li gen tan egare nou menm tou? 48Èske gen pami #Luc 23:13gwo chèf Farizyen yo ki kwè nan Li? 49Men foul sa a ki pa konnen Lalwa, gen madichon.”
50 # Jn 3:1 Nicodème (ki te vin kote Li avan an, epi te youn nan yo) te di yo: 51#Egz 23:1“Lalwa pa nou pa jije yon moun avan ke premyèman li tande li epi konnen ki sa li fè. Èske sa konn fèt?”
52Yo te reponn li e te di: #Jn 1:46“Èske ou menm sòti nan Galilée tou? Egzaminen Lekriti yo epi ou va wè ke nanpwen pwofèt ki sòti nan Galilée.” 53E tout moun ale lakay yo.

Currently Selected:

Jean 7: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in