YouVersion Logo
Search Icon

Jean 6

6
1Apre bagay sa yo, #Mat 14:13-21Jésus te ale lòtbò Lamè Galilée a (oubyen Tibériade).
2E yon gran foul te swiv Li paske yo te wè #Jn 2:11-23sign ke Li t ap fè sou sa ki te malad yo.
3 # Mat 5:1 Jésus te monte sou mòn nan, epi la Li te chita avèk disip Li yo.
4Alò, Pak Jwif la t ap pwoche.
5Jésus te leve zye Li, e lè L wè yon gran foul ki t ap pwoche Li, te di a #Jn 1:43Philippe: “Kibò n ap achte pen pou sila yo kapab manje.” 6Li t ap di L sa pou #II Kor 13:5sonde l. Paske Li menm te konnen deja kisa Li te gen lentansyon pou fè.
7Philippe te reponn Li: “Fòs pen pou #Mc 6:37desan denye frè jounalye pou desan jou pa t ap sifi pou chak moun twouve menm yon ti mòso.”
8Youn nan disip yo, #Jn 1:40André, frè a Simon Pierre te di L: 9“Gen yon jènjan isit la ki gen senk pen fèt avèk lòj avèk #Jn 6:11de pwason, men kisa sa ye pou tout fòs kantite moun sa yo?”
10Jésus te di: “Fè moun yo chita.”
Te gen #Mc 6:39anpil zèb nan plas sa a. Epi anviwon #Mat 14:21senk-mil moun te chita.
11Konsa, Jésus te pran pen yo epi #Mat 15:36aprè Li te bay Bondye remèsiman, Li te pataje l a tout sa yo ki te chita la. Menm jan tou avèk pwason yo. Tout kantite ke yo te vle.
12Lè yo te plen, Li te di a #Jn 2:2disip Li yo, “Ranmase tout mòso ki rete yo pou anyen pa pèdi.”
13Konsa yo te ranmase yo, e yo te plen douz #Mat 14:20panyen yo avèk ti mòso fèt pa senk pen lòj ke sa ki t ap manje yo te kite.
14E pou sa, lè moun yo te wè sign ke Li te fè a, yo te di: “Anverite sa se #Mat 11:3Pwofèt ki gen pou vini nan lemonn nan.”
15Lè Jésus apèsi ke yo gen lentansyon pou te vin pran L pa lafòs pou fè L wa, Li te #Mat 14:22-33retire kò Li ankò, epi ale nan mòn nan pou kont Li.
16Alò, lè aswè vini, #Jn 2:2disip Li yo te ale bò kote lamè a. 17Yo antre nan yon kannòt, epi yo te travèse lamè a #Mc 6:45vè Capernaüm.
Li te fènwa deja, e Jésus poko te vin kote yo. 18Lamè a te kòmanse boulvèse akoz yon gwo van ki t ap soufle.
19Akoz sa, lè yo ta p naje ak zaviwon, a senk o sis kilomèt distans, yo te wè Jésus t ap vin vè kannòt la, tou mache sou dlo a. E yo te pè.
20Men Li te di yo: “Se Mwen menm. #Mat 14:27Pa pè.”
21Konsa, yo te dakò pou resevwa L nan kannòt la. Epi imedyatman, kannòt la rive atè, kote yo t ap ale a.
22Jou apre a #Jn 6:2foul la ki te lòtbò lamè a te wè ke pa t gen lòt ti kannòt sof ke youn, epi ke Jésus pa t antre nan kannòt la avèk disip Li yo, men ke yo te kite la pou kont yo. 23Te gen lòt ti kannòt ki te sòti Tibériade toupre plas kote yo te manje pen an apre Senyè a #Jn 6:11te bay remèsiman an. 24Konsa, lè foul la te wè ke Jésus pa t la, ni disip Li yo, yo menm te antre nan ti kannòt yo, e te #Mat 14:34vini a Capernaüm pou chache Jésus.
25E lè yo te twouve Li lòtbò lamè a, yo te di L: #Mat 23:7“Rabbi, kilè ou rive la a?”
26Jésus te reponn yo e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou, nou pa chache M paske nou te wè #Jn 6:2-14sign yo, men paske nou te manje pen epi te plen.
27 # És 55:2; Jn 3:33 “Pa travay pou manje k ap peri, men pou manje k ap dire jiska lavi etènèl, ke Fis a Lòm nan va bay nou. Pwiske sou Li, Papa a, Bondye menm, gen tan mete so Li.”
28E pou sa moun foul la te di Li: “Ki zèv nou kapab fè pou nou menm kapab fè zèv a Bondye?”
29Jésus te reponn e te di yo: “Sa se #I Tes 1:3zèv a Bondye, ke nou ta kwè nan Sila ke Li voye a.”
30Pou sa yo te di Li: #Mat 12:38“Kisa konsa ou fè kon sign, pou nou kapab wè epi kwè ou? Ki zèv ou fè?” 31“Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Kon li ekri a: #Sòm 78:24‘Li te bay yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje.’”
32Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, se pa Moïse ki te bay nou pen ki sòti nan syèl la, men se Papa M ki bay nou vrè pen ki sòti nan syèl la. 33Paske pen Bondye a se sila ki #Jn 6:41-50desann, sòti nan syèl la, e bay lavi a lemonn lan.”
34Pou sa yo te di L: “Senyè, toujou #Jn 4:15bay nou pen sa a”.
35Jésus te di yo: #Jn 6:48“Mwen menm se pen lavi a. Moun ki vini kote Mwen p ap grangou, e sila ki kwè nan Mwen, #Jn 4:14p ap janm swaf.
36 “Men # Jn 6:26 Mwen di nou ke nou wè M, e malgre, nou pa kwè.
37 # Jn 6:39 “Tout sa ke Papa a ban Mwen yo ap vin kote Mwen, e sila a ki vin kote Mwen, Mwen p ap janm jete yo deyò.
38 “Paske #Jn 3:13Mwen pa t desann kite syèl la pou fè #Mat 26:39pwòp volonte pa M, men volonte a Li menm ki te voye M nan. 39E sa se volonte a Li menm ki te voye M nan, ke nan tout sa ke Li bay Mwen yo, Mwen #Jn 17:12pa pèdi anyen, men fè li leve nan dènye jou a. 40Paske sa se volonte a Papa M, ke tout moun ki wè Fis la epi #Jn 3:16kwè nan Li kapab gen lavi etènèl. Epi Mwen menm va #Mat 10:15fè l leve nan dènye jou a.”
41Pou sa, Jwif yo t ap mimire paske Li te di: “Mwen menm se #Jn 6:33-58pen ki desann soti nan syèl la.” 42E yo t ap di: “Se pa Jésus sa a, #Luc 4:22fis a Joseph la? #Jn 7:27Èske nou pa konnen ni manman L, ni papa L? Kijan Li di nou koulye a: ‘Mwen sòti nan syèl la’?”
43Jésus te reponn yo e te di yo: “Pa mimire pami nou menm. 44Pèsòn pa kapab vini a Mwen menm sof ke Papa a ki te voye M nan #Jr 31:3atire li, epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.
45 “Li ekri nan pwofèt yo: #És 54:13‘E yo tout va enstwi pa Bondye.’ Tout sa yo ki te tande epi enstwi pa Papa a, ap vini a Mwen.
46 # Jn 1:18 “Pa gen moun ki konn wè Papa a, sof ke sèl Sila a ki sòti nan Bondye a. Li konn wè Papa a.
47 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki kwè #Jn 3:36gen lavi etènèl. 48#Jn 6:35-51Mwen se pen lavi a.
49 “Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, e yo te mouri.
50 “Sila a se pen ki sòti desann nan syèl la. Pou moun kab manje l epi #Jn 3:36pa mouri.
51 “Mwen menm se pen vivan ki desann sòti nan syèl la. Si nenpòt moun manje pen sa a, l ap viv jis pou jamen. E pen osi ke M ap bay # Jn 1:29 pou lavi lemonn nan se chè Mwen.”
52Pou sa Jwif yo te #Jn 9:16kòmanse diskite youn avèk lòt e te di: “Kijan moun sa kapab bay nou chè Li pou manje?”
53Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite Mwen di nou, anmwenske nou manje chè #Mat 8:20Fis a Lòm nan, epi bwè san Li, nou pa gen lavi nan nou menm.
54 “Moun ki manje chè M, epi bwè san Mwen, genyen lavi etènèl, epi M ap #Jn 6:39fè l leve nan dènye jou a. 55Paske chè M se vrè manje a, e san Mwen se vrè bwason an.
56 “Moun ki manje chè M epi bwè san Mwen, #Jn 15:4rete avè M, epi Mwen menm avèk li. 57Kon Papa #Mat 16:16vivan an te voye M nan, e Mwen viv akoz Papa a, konsa, moun ki manje M, li menm osi va viv akoz Mwen.
58 “Sa se pen #Jn 3:36ki desann sòti nan syèl la. Se pa kon papa zansèt yo te manje a, e te mouri. Sila a ki manje pen sila a va viv jis pou janmen.”
59Bagay sa yo Li te di #Mat 4:23nan Sinagòg la pandan Li t ap ansegne nan Capernaüm nan.
60Konsa, anpil nan #Jn 2:2disip Li yo lè yo te tande sa te di: “Pawòl sa a tèlman difisil. Ki moun ki ka tande sa?”
61Men Jésus, byen konprann ke yo t ap plenyen konsa, te di yo: “Èske sa #Mat 11:6fè nou kilbite tonbe? 62Kisa li ta ye konsa si nou ta wè Fis a Lòm nan k ap #Jn 3:13monte kote Li te ye oparavan an?
63 # II Kor 3:6 “Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.
64 “Men gen nan nou ki pa kwè.” Pwiske Jésus #Jn 2:25te konnen depi nan kòmansman kilès nan yo ki pa t kwè, epi #Mat 10:4kilès li te ye ki t ap trayi li a. 65E Li t ap di: “Pou rezon sa a Mwen te di nou ke pèsòn pa kapab vin kote Mwen, sof ke #Mat 13:11se Papa a ki pèmèt sa.”
66Akoz sa a, anpil nan #Jn 2:2disip Li yo te retire kò yo, e pa t ap mache avèk Li ankò.
67Pou sa, Jésus te di a #Mat 10:2douz yo: “Epi nou menm pa vle ale tou?”
68Simon Pierre te reponn Li: “Senyè, a kibo nou ta ale? Ou gen #Jn 6:63pawòl lavi etènèl yo. 69Nou te kwè, epi te vin konnen ke Ou se #Mc 1:24 Li Menm ki Kris la, Fis a Bondye vivan an.”
70Jésus te reponn yo: #Jn 15:16-19“Èske se pa Mwen menm ki te chwazi nou, douz la, epi youn nan nou se yon dyab?” 71Konsa Li t ap refere a Judas Iscariot, #Jn 12:4 fis a Simon an, paske li menm, youn nan douz yo, t ap vin trayi Li.

Currently Selected:

Jean 6: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in