YouVersion Logo
Search Icon

Ézéchiel 42

42
1Epi li te mennen mwen deyò nan lakou a, nan chemen vè nò a. Li te mennen m nan #Éz 40:17chanm ki te anfas kote apa a, ak anfas konstriksyon an vè nò. 2Avèk longè a, ki te #Éz 41:13san koude a, se te pòt nò a; lajè a te senkant koude. 3Anfas ven koude ki te pou lakou enteryè a, e anfas #Éz 40:17pave ki te apatyen a lakou eksteryè a, se te galri ki te koresponn ak galeri sou twa etaj yo. 4Devan #Éz 46:19chanm yo, se te yon machpye pa anndan de dis koude nan lajè, yon chemen de san koude nan longè, epi ouvèti pa yo te vè nò. 5Alò, chanm anlè yo te pi piti akoz #Éz 42:3galri yo te pran plis espas sou yo ke sila nan baz ak mitan etaj nan konstriksyon yo. 6Paske se nan #Éz 41:6twa etaj yo te ye e pa t gen pilye tankou pilye nan lakou yo. Akoz sa, chanm anlè yo te vin pi etwat ke mitan ak piba yo. 7Pou #Éz 42:10-12miray eksteryè bò chanm yo, vè lakou deyò anfas chanm yo, longè li te senkant koude. 8Paske longè a chanm ki te nan lakou eksteryè yo te senkant koude. Epi gade byen, longè a sila anfas tanp yo te #Éz 44:5san koude. 9Pi ba chanm sa yo, se te antre sou kote lès la, kote yon moun ka antre nan yo soti nan lakou eksteryè a.
10Nan epesè miray la sou kote lès, anfas kote apa a e anfas konstriksyon an, te gen #Éz 40:17chanm yo. 11#Éz 42:4Chemen devan yo a te sanble ak chanm ki te sou kote nò yo. Selon longè yo, konsa lajè yo te ye e tout kote pou antre sòti yo te menm selon aranjman ak ouvèti pa yo. 12Nan koresponn a pòt chanm ki te vè sid yo, te gen yon pòt nan tèt chemen an, chemen devan #Éz 42:7miray ki te vè lès la, kote yon moun ta antre ladan yo.
13Konsa, li te di mwen: “Chanm nò yo ak chanm sid yo, ki anfas a kote apa a, yo se #Egz 29:31chanm sen kote prèt ki rapwoche de SENYÈ a va manje bagay ki sen pase tout lòt yo. La, yo va fè poze bagay pi sen yo, ofrann sereyal la, ofrann peche ak ofrann koupabilite a; paske kote sa a sen. 14Lè prèt yo antre, alò yo p ap sòti nan lakou eksteryè a lè yo kite sanktyè a san ke yo pa mete la vètman ak sila yo fè sèvis la, paske yo sen. Yo va mete lòt vètman sou yo; nan lè sa a, yo va pwoche sa ki pou pèp la.”
15Alò, lè l te fin mezire kay enteryè a, li te mennen mwen deyò pa chemen #Éz 40:6pòtay ki te bay fas vè lès la e te mezire li toupatou. 16Li te mezire kote lès la ak baton mezi a, senk-san baton pa #Éz 40:3mezi baton an. 17Li te mezire kote nò a, senk-san baton pa mezi baton an. 18Nan sid, li te mezire senk-san baton ak mezi baton an. 19Li te vire kote lwès e li te mezire senk-san baton ak mezi baton an. 20Li te mezire li nan kat kote yo. Li te gen yon #És 60:18miray ki te antoure l nèt; longè ki te senk-san ak lajè ki te senk-san an, pou te divize antre sa ki sen ak sa ki pwofàn.

Currently Selected:

Ézéchiel 42: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in