YouVersion Logo
Search Icon

Ézéchiel 43

43
1Nan lè sa a, li te mennen m nan #Éz 10:19pòtay la; pòtay ki gen fas li vè lès la; 2Epi gade byen, glwa Bondye Israël la t ap vini soti nan chemen lès la. Vwa Li te tankou son anpil dlo; epi tè a te limen ak glwa Li. 3Epi se te tankou vizyon ke m te fè a, tankou vizyon ke m te fè lè Li te vini pou #Jr 1:10detwi vil la. Epi vizyon yo te tankou vizyon ke m te fè bò kote rivyè Kebar a; epi mwen te tonbe sou figi m. 4Konsa, glwa SENYÈ a te vini nan kay la pa chemen pòtay ki te gen fas li vè #Éz 10:19lès la. 5Epi Lespri a te leve m anlè e te mennen m antre nan lakou enteryè a; epi gade byen, glwa SENYÈ a te ranpli kay la.
6Nan lè sa a, mwen te tande yon moun ki t ap pale ak mwen soti nan kay la, pandan yon #Éz 1:26nonm te kanpe akote mwen. 7Li te di mwen: “Fis a lòm, sa se plas pou #Sòm 47:8twòn Mwen an, ak plas machpye Mwen an, kote Mwen va demere pami fis Israël yo jis pou tout tan. Lakay Israël p ap souye non sen Mwen an ankò, ni yo menm ni wa yo, pa zak pwostitisyon yo, e pa kadav a wa yo lè yo fin mouri, 8lè yo te mete papòt pa yo akote papòt pa Mwen, poto pòt pa yo akote poto pòt pa Mwen. Te gen yon miray ki te antre Mwen ak yo. Epi yo te #Éz 8:3-16souye non sen Mwen an ak abominasyon ke yo te komèt yo. Pou sa, Mwen te konsonmen yo nan gwo kòlè Mwen. 9Koulye a, kite yo #Éz 18:30-31mete akote zak pwostitisyon yo ak kadav a wa yo byen lwen Mwen. Konsa, Mwen va demere pami yo jis pou tout tan.”
10“Pou ou menm, fis a lòm, #Éz 40:4bay detay a tanp lan a lakay Israël, pou yo ka wont de inikite yo; epi kite yo mezire plan an. 11Si yo vin wont de tout sa ke yo te fè yo, fè yo konnen dizay kay la, fòm li, antre ak sòti li yo, dizay li, tout règleman ak tout lwa li yo. Ekri li #Éz 12:3devan zye yo pou yo ka wè tout dizay ak tout règleman li yo pou fè yo.
12“Sa se lwa kay la: tout espas toutozanviwon anwo #Éz 40:2mòn nan va sen pase tout kote. Gade byen, sa se lwa kay la.”
13“Epi sa yo se mezi lotèl la an koude #Éz 40:5(koude ki se yon koude plis mezi yon pla men): baz la va yon koude, lajè a va yon koude e arebò sou akote a va anviwon yon anpan; epi sa va wotè a baz lotèl la. 14Soti nan baz atè a pou rive #Éz 43:17-20piba ankadreman an, li va de koude, e lajè a va yon koude; epi soti nan pi piti ankadreman an pou rive nan pi gran ankadreman an, li va kat koude e lajè a va yon koude. 15Fou chofaj lotèl la va kat koude; epi soti nan fou chofaj la, kat kòn yo va monte anwo a. 16Alò, fou lotèl la va longè a douz koude pa douz nan lajè, #Egz 27:1ak kare nan kat kote li yo. 17Ankadreman an va katòz koude nan longè, katòz nan lajè nan kat kote li yo, arebò li va mwatye koude a e baz li va yon koude toutozanviwon li; epi #Egz 20:26eskalye li yo va bay fas vè lès.”
18Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sila yo se règleman pou lotèl la nan jou ke li bati a, pou ofri #Egz 40:29ofrann brile sou li e pou flite san sou li. 19‘Ou va bay a prèt Levit ki sòti nan fanmi #I Wa 2:35Tsadok yo, ki rapwoche de Mwen pou fè sèvis Mwen yo,’ deklare Senyè BONDYE a, ‘yon jenn towo pou yon ofrann peche. 20‘Ou va pran kèk nan san li, mete li sou kat #Lev 8:15kòn yo, sou kat kwen ankadreman an ak toutotou arebò a. Konsa, ou va fè l vin pwòp e fè ekspiyasyon pou li. 21Ou va, anplis, pran towo pou ofrann peche a, e li va vin #Egz 29:14brile nan kote ki chwazi nan kay la deyò sanktiyè a.
22“‘Nan dezyèm jou a, ou va ofri yon mal kabrit san defo kon ofrann peche, e yo va #Éz 43:20-26netwaye lotèl la jan yo te netwaye li ak towo a. 23Lè ou fin netwaye li, ou va prezante yon #Egz 29:1-10jenn towo san defo ak yon belye san defo ki soti nan bann mouton an. 24Ou va prezante yo devan SENYÈ a; prèt yo va jete #Lev 2:13sèl sou yo e yo va ofri yo kon ofrann brile a SENYÈ a.
25 # Egz 29:35-37 “‘Pandan sèt jou, ou va prepare chak jou yon kabrit kon ofrann peche; anplis, yon jenn towo ak yon belye san defo ki soti nan bann mouton an, va vin prepare. 26Pandan sèt jou, yo va fè ekspiyasyon pou lotèl la e fè l vin pwòp; se konsa yo va konsakre li. 27Lè yo fin konplete nonb de jou yo, li va rive ke nan #Lev 9:1uityèm jou a e kontinye, prèt yo va ofri ofrann brile pa nou an sou otèl la ak ofrann lapè nou yo. Konsa, Mwen va aksepte nou,’ deklare Senyè BONDYE a.’”

Currently Selected:

Ézéchiel 43: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in