YouVersion Logo
Search Icon

Ézéchiel 25

25
1Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 2Fis a lòm, mete figi ou vè #Jr 49:1-6fis a Ammon yo e pwofetize kont yo, 3Di a fis a Ammon yo: ‘Tande pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz ou te di: ‘Ha ha!’ kont sanktyè Mwen an lè li te vin pwofane a, kont peyi Israël lè l te vin dezole nèt la, e kont lakay Juda lè l te antre an egzil la, 4pou sa, gade byen, Mwen va bay ou menm a #Jij 6:3-33fis lès yo pou yo genyen ou nèt. Yo va mete kan yo pami ou e fè anplasman yo pami ou. Y ap manje fwi ou yo e bwè lèt ou yo. 5Mwen va fè #Det 3:11Rabba vin yon patiraj pou chamo e fis a Ammon yo vin yon kote pou fè pak pou bann mouton. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.” 6Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te #Job 27:23bat men nou, frape pye nou atè e te rejwi ak tout mepriz ki te nan kè nou kont peyi Israël, 7pou sa, gade byen, Mwen te lonje men M kont nou e Mwen va bay nou kon #És 33:4piyaj a nasyon yo. Epi Mwen va koupe retire nou nèt de pèp yo, e fè nou peri soti nan peyi yo. Mwen va detwi nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
8“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz #És 15:1Moab ak Séir di: ‘Gade byen, lakay Juda a tankou tout nasyon yo,’ 9pou sa, gade byen, Mwen prive vil li yo de pòsyon bò kote yo, vil ki sou fwontyè li yo, ki se glwa a tout peyi a; #Nonb 33:49Beth-Jeschimoth Baal-Meon, ak Kirjathaïm, 10epi Mwen va bay li kon posesyon ansanm avèk #Éz 25:4fis a Ammon yo bay fis a lès yo, pou fis a Ammon pa vin sonje menm pami nasyon yo. 11Konsa, Mwen va egzekite jijman sou Moab, epi yo va #Sòm 9:16konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
12“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz #II Kwo 28:17Édom te aji kont lakay Juda lè l te pran vanjans, e te vin koupab anpil nan vanje tèt yo sou yo,” 13akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va osi #Jr 49:8lonje men M kont Édom e koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li. Mwen va fè dega ladann nèt. Soti nan Théman, jis rive nan Dedan, yo va tonbe pa nepe. 14#És 11:14Mwen va poze vanjans Mwen sou Édom pa men a pèp Mwen an, Israël. Pou sa, yo va aji nan Édom selon mekontantman Mwen e selon chalè kòlè Mwen. Konsa, yo va vin konnen vanjans Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a.
15“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Filisten yo te aji ak #És 14:29-31vanjans e te pran vanjans yo avèk tout mepriz a nanm pou detwi ak yon rayisman etènèl,” 16akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va lonje men M kont Filisten yo, menm koupe retire #I Sam 30:14Keretyen yo nèt, e detwi retay ki bò kot lanmè a. 17Mwen va egzekite gwo vanjans sou yo ak repwòch ki plen ak chalè kòlè Mwen. Epi yo va #Sòm 9:16konnen ke Mwen se SENYÈ a lè Mwen poze vanjans Mwen sou yo a.”’”

Currently Selected:

Ézéchiel 25: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in