YouVersion Logo
Search Icon

Ézéchiel 26

26
1Alò, nan onzyèm ane, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2“Fis a lòm, akoz Tyr te di konsènan Jérusalem: ‘Ha ha! Gade byen, #És 62:10pòtay a pèp yo fin kraze; koulye a l ap remet nan men m. Mwen va vin ranpli koulye a akoz li devaste nèt;’ 3akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen vin kont ou, O Tyr, e Mwen va mennen fè monte #Mi 4:11anpil nasyon kont ou, tankou lanmè mennen lanm li. 4Yo va #És 23:11detwi miray a Tyr e demoli tou wo li yo. Anplis, Mwen va grate retire ranblè li yo, e fè l vin yon wòch vid. 5Li va vin yon kote pou ouvri filè nan mitan lanmè a, paske Mwen te pale,’ deklare Senyè BONDYE a. ‘Konsa, li va vin #Éz 25:7piyaj pou nasyon yo. 6Anplis, fi li yo ki lòtbò pi gwo teren an va vin touye pa nepe e yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’
7“Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va mennen sou Tyr soti nan nò Nebucadnetsar, wa Babylone nan, #Éz 7:12wadèwa a, ak cheval, cha, kavalye ak yon gwo lame. 8Li va touye fi ou yo sou gwo chan an ak nepe. Li va fè miray syèj kont ou, fè monte yon #Jr 32:24ran kont ou e fè monte yon gwo boukliye kont ou. 9Ak gwo mòso bwa fèt pou kraze a, ke l ap dirije kont miray ou yo, e ak rach li yo li va demoli tou wo ou yo. 10Akoz gwo fòs kantite cheval li yo, pousyè leve la yo va kouvri ou. Miray ou yo va #Éz 26:15souke ak bri kavalye, ak charyo ak cha yo lè l ap antre nan pòtay ou yo tankou lè moun ap antre nan yon vil lè yo fin fè brèch ladann. 11Ak zago #És 5:28cheval li yo, li va foule tout lari ou yo nèt. Li va touye moun ou yo ak nepe. Gwo pilye lafòs ou yo va tonbe atè. 12Anplis, yo va fè piyaj a tout richès ak machandiz ou yo. #Jr 52:14 Yo va kraze mi ou yo, detwi bèl kay ou yo, e jete wòch ak, poto bwa yo ak tout ranblè ou yo nan dlo. 13Konsa, Mwen va fè son a chante ou yo vin sispann, e son #És 5:12ap ou yo p ap tande ankò. 14Mwen va fè ou yon wòch vid. Ou va sèvi kon yon kote pou ouvri filè. Ou p ap #Det 13:16bati ankò, paske Mwen, SENYÈ a te pale’, deklare Senyè BONDYE a.
15“Konsa pale Senyè BONDYE a a Tyr: ‘Èske #Éz 26:18peyi kot lanmè yo pa ta souke menm nan son chit ou a lè sila ki blese yo plenn nan gòj yo, lè masak fèt nan mitan nou? 16Nan lè sa a, tout prens lanmè yo va #Jon 3:6desann soti nan twòn yo retire wòb yo, e menm retire bèl vètman bwodri yo. Yo va abiye tèt yo ak men yo k ap tranble; yo va chita atè, ap tranble tout tan e vin efreye akoz de ou. 17Yo va leve yon #Éz 19:1-14lamantasyon sou ou e di ou:
“Gade kijan ou vin peri, O sila ki te plen moun nan,
Soti sou lanmè yo, O gwo vil byen renome
ki te pwisan sou lanmè,
li menm ak tout moun ki te rete ladann yo,
ki te enpoze gwo laperèz li sou tout abitan li yo!”
18Koulye a, #És 41:5peyi bò lanmè yo va tranble nan jou chit ou a.
Wi, peyi kot ki bò lanmè yo
va vin etone jiskaske yo tranble akoz ou vin disparèt.’
19“Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Lè Mwen fè ou vin yon vil dezole, kon vil ki pa gen moun yo, lè Mwen #És 8:7-8mennen pwofondè a sou ou pou gwo dlo vin kouvri ou, 20konsa, Mwen va fè ou desann ak sila ki #És 14:9desann nan twou fòs la, al jwenn pèp ansyen yo. Mwen va fè ou rete nan pati ki piba sou tè a, tankou ansyen kote dezole yo, ak sila ki desann nan twou fòs la, pou ou pa menm gen moun ki abite nan ou. Men Mwen va mete laglwa nan peyi a vivan yo. 21Mwen va mennen #Éz 26:15-16gwo laperèz sou ou e ou p ap egziste ankò. Malgre y ap chache ou, yo p ap janm jwenn ou ankò’, deklare Senyè BONDYE a.”

Currently Selected:

Ézéchiel 26: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in