YouVersion Logo
Search Icon

Ézéchiel 24

24
1Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen, nan nevyèm ane, nan dizyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, e te di: 2“Fis a lòm, ekri non a jou a, jou sa a menm. Wa Babylone nan te vin #II Wa 25:1 mete syèj sou Jérusalem nan menm jou sa a. 3Pale yon #Sòm 78:2 parabòl a kay rebèl la pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Mete chodyè a sou difè a.
Mete l,
e anplis, vide dlo ladann.
4 # Mi 3:2-3 Mete mòso yo ladann,
tout bon mòso yo:
kwis ak zepòl la.
Plen li ak zo byen chwazi yo.
5Pran mouton ki pi byen #Jr 39:6chwazi
nan bann nan,
e anplis, mete pil bwa anba chodyè a.
Fè l bouyi fò.
Anplis, fè bouyi zo ki ladann yo nèt.”
6“‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a:
“Malè a peyi #II Wa 24:3-4sanglan sila a,
a chodyè nan sila gen lawouy ladann l!
Lawouy la ki pa sòti ladann l!
Retire ladann mòso pa mòso,
san menm tire oso.
7“‘“Paske san fanm nan vèse
se nan mitan l.
Li te mete l sou wòch vid la.
Li pa t #Lev 17:13vide li atè a,
pou kouvri li ak pousyè.
8Pou l kapab #És 26:21koze gwo chalè
ak kòlè k ap pran vanjans,
Mwen te mete san li sou wòch vid la,
pou li kab pa kouvri.”
9“‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: #Éz 24:6
“Malè a vil sanglan sila a!
Anplis, Mwen menm, Mwen va fè pil la gwo.
10Ogmante bwa a.
Byen ranje dife a.
Bouyi chè vyann nan byen.
Mele epis ladann e kite zo yo vin brile.
11Epi mete li vid sou chabon limen li an
pou li ka byen cho,
pou bwonz li an kapab
gen koulè wouj
pou tout #Éz 22:15salte li yo
kapab vin fann ladann,
jiskaske lawouy li a fin manje nèt.
12Fi a te #Jr 9:5fè M fatige
ak travay di ke M fè;
malgre sa, gwo lawouy li a pa t kite li.
Kite lawouy li a rete nan dife a!
13“‘“Nan salte ou a se tout zak ki lèd yo. Akoz mwen ta netwaye ou, malgre sa, ou pa pwòp; ou p ap vin pwòp de salte ou yo jiskaske Mwen #Éz 5:13fè chalè kòlè Mwen an sou ou poze.
14“‘“Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale. Sa ap vini e Mwen va aji. Mwen p ap ralanti e Mwen p ap gen pitye ni mwen p ap gen regrè. Selon zak ou yo, Mwen va jije ou,” deklare Senyè BONDYE a.’”
15Konsa, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: 16“Fis a lòm, gade byen, Mwen prèt pou retire sou ou #Kan 7:10dezi zye ou yo ak yon sèl kou; men ou p ap plenyen, ni ou p ap kriye, ni dlo p ap vini nan zye ou. 17Plenn nan gòj san fè bri. Pa fè dèy pou mò. Mare moso twal long ou nan tèt ou, mete soulye nan pye ou. Pa kouvri bouch ou e #Jr 16:7pa manje pen fè dèy a.”
18Konsa, mwen te pale ak pèp la nan maten an, e nan aswè, madanm mwen te mouri. Konsa, nan maten an, mwen te fè jan yo te kòmande mwen an.
19Pèp la te mande m: “Èske ou p ap di nou kisa sa vle di ke ou ap aji konsa?”
20Epi mwen te di yo: “Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 21‘Pale ak lakay Israël: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou pwofane sanktyè Mwen an, ògèy a pouvwa nou an, dezi a zye nou, e plezi a nanm nou. Epi #Jr 6:11fis ak fi nou yo, ke nou te kite dèyè yo; yo va tonbe pa nepe. 22Nou va fè jan mwen te fè a. Nou p ap kouvri bouch nou, ni nou p ap manje pen fè dèy a. 23Tiban nou va sou tèt nou e soulye nou nan pye nou. Nou p ap fè dèy, ni nou p ap kriye; men #Lev 26:39nou va plenyen nan inikite nou yo e nou va plenyen youn bay lòt. 24Konsa, Ézéchiel va vin yon #Éz 4:3sign pou nou, selon tout sa ke li menm te fè, nou va fè yo. Lè sa rive, alò nou va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.’”’”
25“Pou ou menm, fis a lòm, èske sa p ap nan jou a, lè M ap retire #Sòm 48:2fòs yo nan men yo, lajwa fyète yo, dezi a zye yo e plezi a kè yo, fis ak fi pa yo, 26pou nan jou sila a, sila ki #I Sam 4:12chape a va vin kote ou ak enfòmasyon pou zòrèy ou? 27Nan jou sa a, #Éz 3:26bouch ou va vin louvri a sila ki te chape a, ou va pale, e ou p ap bèbè ankò. Konsa, ou va vin yon sign pou yo, e yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

Currently Selected:

Ézéchiel 24: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in