YouVersion Logo
Search Icon

Ézéchiel 23

23
1Pawòl SENYÈ a te vini kote Mwen ankò e te di: 2“Fis a lòm, te gen #Éz 16:46de fanm, fi a yon sèl manman. 3Yo te #Lev 17:7jwe pwostitiye an Égypte. Yo te jwe pwostitiye a nan jenès yo. Tete yo te peze e flè vyèj yo te touche. 4Non yo se te Ohola ak sè li, Oholiba. Konsa, yo te vin pou Mwen, epi yo te vin fè fis ak fi. Epi pou zafè non yo a, Samarie se Ohola e Jérusalem se Oholiba.
5“Ohola te jwe pwostitiye a pandan li te pou Mwen an. Li te kouri ak anvi dèyè moun ki renmen li yo, dèyè #II Wa 15:19Asiryen yo, vwazen li yo. 6Sila yo te abiye an mov, #Éz 23:12-13chèf ak ofisye yo. Yo tout te bèl jenn gason, chevalye k ap galope cheval. 7Li te pataje pwostitiye li ak yo; tout nan yo te dè mesye byen chwazi an Assyrie. Epi avèk yo tout, li te kouri ak anvi lachè a, ak tout zidòl yo, li te #Éz 20:7souye tèt li. 8Li pa t abandone zak pwostitisyon li yo ki te la #Egz 32:4depi nan tan Égypte la; paske nan jenès li, gason te kouche avèk li. Yo te manyen tete vyèj li e te vide dezi lachè sou li.
9“Akoz sa, Mwen te bay li nan men a moun ki #Éz 16:37renmen li yo, nan men Asiryen yo. Sou sila yo, li te pote anvi lachè yo. 10Yo te #Éz 16:37-41dekouvri nidite li. Yo te pran fis ak fi li yo, men yo te touye li menm ak nepe. Konsa, li te vin yon pawòl avètisman pami fanm yo, e yo te egzekite jijman yo sou li.
11“Alò sè li, Oholiba, te wè sa, men li menm te vin #Jr 3:8-11pi konwonpi nan anvi pa li a ke sè li a, e pwostitiye li a te pi mal pase pwostitiye sè li. 12Li te gen anvi pou #II Wa 16:7Asiryen yo, chèf yo, ak ofisye yo, sila ki pre yo, sila ki abiye kon prens yo, chevalye k ap galope cheval yo, yo tout se bèl gason byen pòtan. 13Mwen te wè ke li te souye tèt li. Yo toulède te pran menm wout la.
14“Konsa, li te fè pwostitiye li a vin pi gwo. Epi li te wè #Éz 8:10pòtre gason yo sou miray la, imaj a Kaldeyen yo fèt an penti wouj, 15abiye ak sentiwon nan ren yo, avèk mòso twal long nan tèt yo, yo tout te sanble ofisye, tankou Babilonyen ki Chaldée yo, peyi nesans yo. 16Lè li te wè yo, li te fè #Éz 23:20gwo anvi lachè dèyè yo, e te voye mesaje kote yo Chaldée. 17#II Wa 24:17Babilonyen yo te vin kote li sou kabann lanmou an e te souye li ak pwostitiye yo. Epi lè li te fin defile ak yo, li te bouke jis li about ak yo. 18Konsa, li te dekouvri zak pwostitisyon li an e li te dekouvri nidite li, epi Mwen te vin #Sòm 78:59about avèk li, menm jan Mwen te about ak sè li a. 19Malgre sa, li te miltipliye pwostitisyon li yo, lè l te sonje jou jenès li yo, lè l te konn jwe pwostitiye nan peyi Égypte la. 20Li te #Éz 16:26fè lanvi nan kouri dèyè tout moun ki gen chè tankou chè bourik ak ekoulman kon ekoulman cheval yo. 21Konsa, ou te fè lanvi pou #Jr 3:9bagay lèd jenès ou yo lè Ejipsyen yo te konn manyen lestonmak ou akoz tete jenès ou yo.
22“Akoz sa, Oholiba, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va fè moun ki renmen ou yo soulve kont ou, soti nan sila yo ki pa byen avè w, e Mwen va mennen yo kont ou sou tout kote: 23#II Wa 20:14-17Babilonyen yo ak tout Kaldeyen yo, Pekod, Schoa, Koa, ak tout Asiryen ki avèk yo; yo tout, jenn gason byen pòtan yo, chèf yo ak tout ofisye yo, ofisye ak mesye ki gen bon renome yo, tout sila k ap galope cheval yo. 24Yo va vini kont ou ak zam, cha, ak charyo e avèk yon gwo twoup moun yo. Yo va mete yo menm kont ou avèk zam, cha e avèk gwo twoup moun. Yo va mete yo kont ou tout kote ak nepe, boukliye ak kas. Konsa, Mwen va angaje #Jr 39:5-6jijman a yo menm e yo va jije ou selon koutim yo. 25Mwen va pozisyone #Egz 34:14jalouzi Mwen kont ou, pou yo ka aji avèk ou nan kòlè a gwo chalè Mwen an. Yo va retire nen ou ak zòrèy ou. Sila ki chape yo va tonbe pa nepe. Yo va pran fis ou yo ak fi ou yo, e sila ki chape yo va manje nan dife. 26Anplis, yo va #Jr 13:22retire tout rad sou ou e yo va pran bèl bijou ou yo. 27Konsa, #Éz 16:41Mwen va fè zak lèd ak zak pwostitisyon ke ou mennen sòti an Égypte yo vin sispann nan ou, pou ou pa leve zye ou bay yo, ni sonje Égypte ankò.’
28“Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va livre ou nan men a sila ke ou #Jr 21:7-10rayi yo, nan men a yo menm de sila ou te vin ekate yo. 29Yo va #Det 28:48aji avèk ou ak rayisman, pran tout sa ou posede e kite ou toutouni san anyen menm. Konsa, nidite a zak pwostitisyon ou yo va vin ekspoze, ni zak lèd ou yo, ni zak pwostitisyon ou yo. 30Bagay sa yo ap fèt a ou menm akoz ou te #Éz 6:9jwe pwostitiye ak nasyon yo, akoz ou te souye tèt ou ak zidòl yo. 31Ou te mache nan chemen a sè ou a. Pou sa, Mwen va mete #II Wa 21:13tas pa li a nan men ou.’
32“Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Ou va #Sòm 60:3bwè tas a sè ou a ki fon e ki laj.
Yo va ri sou ou e fè rizib sou ou.
Li byen gwo.
33Ou va vin plen ak #Jr 25:15-27soulay ak tristès,
tas a gwo laperèz ak dezolasyon,
tas a sè ou a, Samarie.
34Ou va #Sòm 75:8bwè li e vide li nèt.
Epi ou va manje sou ti mòso chire yo
e dechire tete ou;
paske Mwen te pale sa a”, deklare Senyè BONDYE a.
35“Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz ou te bliye Mwen e te jete Mwen dèyè do ou, se pou ou sipòte, koulye a, pinisyon zak lèd ak zak pwostitisyon ou yo.’” 36Anplis, SENYÈ a te di mwen: “Fis a lòm, èske ou va jije Ohola ak Oholiba? Alò, #És 58:1deklare a yo menm abominasyon yo. 37Paske yo te komèt adiltè e yo gen san nan men yo. Konsa, yo te komèt adiltè ak zidòl yo e te menm fè fis yo, #Éz 16:20ke yo te fè pou Mwen yo, pase nan dife pou sèvi kon manje zidòl. 38Ankò, yo te fè M sa: yo te #II Wa 21:4-7souye sanktyè Mwen an nan menm jou a, e te pwofane Saba Mwen yo. 39Paske lè yo te fin masakre tout fis yo pou zidòl yo, yo te antre nan #Jr 7:9-11sanktyè Mwen an nan menm jou a pou pwofane li; epi konsa, yo te fè anndan lakay Mwen an.
40“Anplis, sè ou yo te menm voye pou mesye ki te sòti lwen yo, a sila yon mesaje te voye. Epi gade byen, yo te vini. Pou sa a, ou te benyen kò w, #II Wa 9:30pentire zye ou, e dekore tèt ou ak bijou yo. 41Ou te chita sou yon #Est 1:6sofa byen bèl ak yon tab byen ranje devan l sou sila ou te mete lansan Mwen ak lwil Mwen an.
42“Bri a #Éz 16:49yon fèt ki plen moun ki alèz te avèk li. Lezòm klas ba, ak moun banal yo te mennen soti nan dezè a. Yo te mete braslè nan men a fanm sa yo ak bèl kouwòn nan tèt yo. 43Epi Mwen te di a li menm ki te #Éz 23:3epwize nèt akoz adiltè li yo: ‘Èske yo va jwe pwostitiye ak li, koulye a, pandan li konsa a? 44Men yo te antre ladann konsi yo t ap antre nan yon pwostitiye. Konsa, yo te antre nan Ohola ak Oholiba, fanm zak lèd yo. 45Men yo menm, moun ladwati yo, va #Éz 16:38jije yo ak jijman a yon fanm adiltè, e avèk jijman a yon fanm ki te vèse san, akoz se fanm adiltè ke yo ye, epi yo gen san sou men yo.
46“Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Mennen yon twoup kont yo e livre yo a #Jr 15:4gwo laperèz ak piyaj. 47Twoup sa a va #Lev 20:10 lapide yo ak wòch e rache yo ak nepe yo. Yo va touye fis ak fi yo e brile lakay yo ak dife.
48“‘Konsa, Mwen va fè zak lèd yo kite peyi a, pou tout fanm yo kapab vin avèti e pa komèt zak lèd jan nou konn fè a. 49Zak lèd nou yo va #És 59:18 vin rekonpanse sou nou e nou va pote pinisyon pou adorasyon zidòl nou yo. Konsa, nou va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.’”

Currently Selected:

Ézéchiel 23: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in