YouVersion Logo
Search Icon

Ézéchiel 22

22
1Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 2“Epi ou menm, fis a lòm, èske ou va jije? Èske ou jije vil sanglan an? Alò, fè l konnen tout abominasyon li yo. 3Ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon vil k ap #Éz 22:6-27vèsè san nan mitan li, pou tan pa li ka vini e ki fè zidòl kont enterè li, pou l ka vin souye! 4Ou te vin koupab pa san ke ou te vèse yo e vin souye pa zidòl ke ou te fè yo. Konsa, ou te mennen jou ou a vin pre, e ou fin rive nan ane ou yo. Akoz sa a, Mwen te fè ou vin yon repwòch pou nasyon yo, e yon vye rizib pou tout peyi yo. 5Sila ki pre ak sila ki lwen ou yo va moke ou, ou menm ak move repitasyon, plen #És 22:2twoub.
6“‘“Gade byen, #És 1:23chèf Israël yo, yo chak selon fòs pouvwa yo, te nan ou ak bi pou vèse san an. 7Nan ou yo te trete papa ak manman a lejè. #Egz 22:21Etranje yo te oprime nan mitan ou. Òfelen ak vèv yo te maltrete nan ou. 8Ou te meprize bagay sen Mwen yo, e ou pwofane #Éz 20:13-24Saba Mwen yo. 9Mesye medizan yo te anndan ou nan bi pou yo ta ka vèse san. Nan ou, yo te manje sou lotèl mòn yo. Nan mitan ou, yo te #Éz 23:29komèt zak ki tèlman lèd. 10Nan ou, yo te #Lev 18:8dekouvri nidite a papa yo. Nan ou, yo te imilye fanm ki pa t pwòp akoz règ yo. 11Youn te komèt abominasyon ak madanm a vwazen li, e yon lòt, nan yon zak byen lèd, te #Lev 18:15souye bèlfi li. Epi yon lòt, nan ou, te imilye sè li, pitit a papa li. 12Nan ou, yo te #Lev 19:13touche anba tab pou yo ta vèse san. Ou te pran enterè ak pwofi, ou te fè donmaj a vwazen ou yo pou ou kab vin genyen pa opresyon, e ou te bliye Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.
13“‘“Alò, gade byen, Mwen frape men M kont pwofi malonèt ou, ke ou te vin genyen nan vèse san moun pami ou. 14Èske #Éz 21:7kè ou kapab sipòte, oswa èske men ou kapab gen fòs nan jou ke Mwen va regle ou a? Mwen menm, SENYÈ a, te pale e Mwen va aji. 15Mwen va gaye ou pami nasyon yo, Mwen va dispèse ou nan tout peyi yo, e Mwen va #Éz 23:27-48fè disparèt sa ki pa pwòp pami ou. 16Ou va pwofane tèt ou devan zye a tout nasyon yo, e ou va #Sòm 83:18konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
17Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 18“Fis a lòm, lakay Israël la te vin dechè pou Mwen. Yo tout se #Jr 6:23-30bwonz, fè blan, fè ak plon nan fou. Yo se dechè ajan. 19Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou tout te vin dechè, pou sa, gade byen, Mwen pral rasanble nou nan mitan Jérusalem. 20Jan yo rasanble ajan, bwonz, fè, plon, ak fè blan nan #És 1:25fou pou soufle dife sou li pou fann li, konsa, Mwen va rasanble nou nan mekontantman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, e la, Mwen va depoze nou pou fann nou. 21Mwen va rasanble nou pou soufle sou nou avèk dife kòlè Mwen, e nou va vin fann nèt nan mitan li. 22Tankou ajan fann nan founo, se konsa nou va fann nan mitan li. Konsa, nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te #Éz 20:8-33vide chalè kòlè Mwen sou nou.’”
23Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 24“Fis a lòm, di a fi a: ‘Ou se peyi ki #És 9:13pa pwòp la, ki p ap gen lapli nan jou kòlè a.’ 25Gen konplo a pwofèt nan mitan li yo, kon yon lyon voras k ap dechire bèt pou li manje. Yo fin devore nanm moun. Yo te pran trezò presye ak tout bagay chè yo. Yo te fè anpil vèv nan mitan li. 26Prèt li yo te fè vyolans kont lalwa Mwen an, e te pwofane bagay sen Mwen yo. Yo pa t fè okenn #Lev 10:10separasyon antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, ni yo pa t ansegne distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. Yo kache zye yo devan Saba Mwen yo, e Mwen vin pwofane pami yo. 27Prens ki anndan li yo tankou lou k ap dechire bèt pou yo manje, k ap vèse san e detwi #Éz 22:25lavi pou fè benefis malonèt. 28Pwofèt li yo blanchi tout bagay ak lacho pou yo, nan fè fo #Jr 23:25-32vizyon ak divinasyon manti pou yo; divinasyon k ap di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’, lè SENYÈ a pa t pale. 29Pèp peyi a te pratike #És 5:7opresyon ak vòl, yo te vòlè malere ak endijan yo, e te oprime sila ki rete pami yo san jistis.
30“Mwen te #És 59:16chache pami yo yon nonm ki pou ta bati miray la, e kanpe nan brèch la devan Mwen pou peyi a, pou M pa ta detwi li, men Mwen pa t jwenn pèsòn. 31Pou sa, Mwen fin vide chalè a kòlè Mwen sou yo. Mwen te konsonmen yo nèt ak dife a chalè kòlè Mwen. #Éz 7:3-9Chemen pa yo, Mwen te fè l desann sou tèt yo,” deklare Senyè BONDYE a.

Currently Selected:

Ézéchiel 22: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in