YouVersion Logo
Search Icon

Amos 2

2
1Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon Moab yo, menm kat;
Mwen p ap retire pinisyon an,
akoz li te #II Wa 3:26,27brile zo a wa Édom nan
pou l fè lacho.
2Pou sa, Mwen va voye dife sou Moab
e li va devore sitadèl #Jr 48:24,41Kérijoth yo.
Moab va mouri nan mitan gwo zen,
kri lagè ak son a twonpèt.
3Anplis, Mwen va koupe retire #Sòm 2:10jij la nan mitan yo,
e touye tout prens li yo ansanm avè l,” di SENYÈ a.
4Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon a Juda yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon an,
akoz yo te #Jij 2:17-20 rejte lalwa SENYÈ a,
e yo pa t kenbe règleman Li yo;
# És 9:15,16 manti yo te koz yo vin egare,
dèyè sila menm papa zansèt yo te mache.
5Pou sa, Mwen va voye dife sou Juda,
e li va devore palè a Jérusalem yo.”#Jr 17:27
6Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon a Israël yo, menm kat,
Mwen p ap retire pinisyon an;
akoz yo te #Jl 3:3vann sila ki dwat yo pou lajan,
e malere yo pou achte de grenn sapat.
7Sila yo k ap foule tèt a malere a,
jis pou l rive nan pousyè,
k ap refi bay jistis a oprimen an.
Yon gason ak papa li antre nan menm fanm nan
pou yo ka pwofane non sen Mwen an.
8Yo lonje kò yo bò kote tout lotèl,
sou vètman #Egz 22:26ki te pran kon garanti yo.
Nan kay Bondye yo a, yo bwè diven nan
ki te bay pou peye amann yo.
9Malgre sa, se te Mwen menm
ki te detwi #Nonb 21:23-25 Amoreyen yo devan yo,
malgre #Nonb 13:32wotè yo te tankou wotè a pye palmis
e yo te gen fòs tankou bwadchenn.
Mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba.
10“Se te Mwen menm ki te mennen nou
monte soti peyi Égypte la.
E Mwen te mennen nou nan dezè a pandan #Det 2:7karantan,
pou nou ta ka posede peyi #Egz 3:8 Amoreyen yo.
11Mwen te #Det 18:18 fè leve kèk nan fis nou yo kon pwofèt,
e kèk nan jennonm nou yo kon #Nonb 6:2,3Nazareyen.
Èske se pa sa, fis Israël yo?” di SENYÈ a.
12Men, nou te fè Nazareyen yo bwè divin,
e nou te kòmande pwofèt yo. Nou te di yo:
# És 30:10 “Pa pwofetize!”
13Gade byen, Mwen #És 1:14va peze nou anba chaj,
kon kabwa chaje lè l plen chaj sereyal.
14 # És 30:16,17 Kouri kite p ap posib, menm pou sila ki pi vit la;
Sila ki dyanm lan,
p ap ka ranfòse fòs li,
ni sila ki pwisan an,
p ap ka delivre tèt li.
15Ni sila ki #Jr 51:56 fò ak banza a, p ap ka kanpe.
Sila ki rapid a pye a p ap ka delivre tèt li.
Sila ki konn monte #És 31:3cheval la p ap chape.
16Menm pi brav pami gèrye yo
va #Jij 4:17chape poul yo toutouni nan jou sa a”,
di SENYÈ a.

Currently Selected:

Amos 2: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in