YouVersion Logo
Search Icon

Amos 3

3
1Tande pawòl sa a ke SENYÈ a te pale kont nou menm, fis Israël yo; kont tout fanmi ke Li te mennen fè monte soti nan peyi Égypte la:#Jr 8:3
2“Nou sèlman, Mwen te chwazi
pami tout fanmi sou latè yo.
Akoz sa, Mwen va #Jr 14:10pini nou
pou tout inikite nou yo.”
3Èske de mache ansanm,
san yo pa antann yo?
4Èske yon lyon va gwonde nan rak bwa
san ke li pa kaptire yon bagay?
Èske yon jèn ti lyon
ka kriye deyò tanyè a san li pa pran anyen?
5Èske yon zwazo ka kenbe
nan yon pèlen atè, si resò a pa t rale?
Èske pèlen an ka vòltije sòti atè,
san ke li gen yon bagay pou kenbe?
6Èske twonpèt sone nan vil la,
san pèp la p ap pè?
Èske malè kon rive nan yon vil,
san ke SENYÈ a ki fè l?#És 14:24-27
7Anverite, SENYÈ a p ap fè anyen,
san Li pa #Jen 6:13aveti sèvitè li yo, pwofèt yo.
8Yon lyon fin gwonde!
Se kilès ki p ap pè?
SENYÈ a fin pale!
Se kilès ki ka refize pwofetize?
9Pwoklame sou sitadèl Asdod yo,
ak sitadèl peyi Égypte yo.
Di yo konsa:
Rasanble nou sou #Am 4:1mòn Samarie yo
pou wè gwo zen ki anndan yo,
ak #Am 5:11 opresyon ki nan mitan yo.
10“Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a,
“sila yo k ap #Hab 2:8-10kache piyaj yo
ak sa yo ranmase nan palè pa yo.”
11Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a:
“Yon #Am 6:14lènmi va ranvwaye peyi a.
Li va rale desann barikad ou yo,
epi#Am 2:5 sitadèl ou yo va piyaje.”
12Konsa pale SENYÈ a:
Menm jan bèje a #I Sam 17:34-37rache de janm
soti nan bouch lyon an,
oswa yon mòso zòrèy,
konsa, fis Israël ki rete Samarie yo,
alèz sou bèl mèb yo,
ak kousen swa yo sou kabann nan,
va vin chape.
13“Tande, e fè temwaye kont kay Jacob la,” di Senyè BONDYE a, Bondye dèzame yo.#Éz 2:7
14“Paske nan jou ke Mwen va vizite
transgresyon Israël yo sou li,
Mwen va anplis, vizite lotèl Béthel yo.
Konsa, kòn lotèl yo va vin koupe retire nèt.
Yo va tonbe atè.#II Wa 23:15
15Kay #Jr 36:22 sezon livè a, Mwen va frape
ansanm avèk kay #Jij 3:20 sezon lete a.
Kay livwa yo va vin peri,
e gran mezon yo p ap la ankò,”
di Senyè a.

Currently Selected:

Amos 3: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in