YouVersion Logo
Search Icon

Amos 1

1
1Pawòl a Amos, ki te pami bèje mouton #II Sam 14:2; Za 14:5 Tekoa yo, de sa li te wè nan vizyon konsènan Israël nan jou a Ozias, wa Juda a, e nan jou a Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la, dezan avan tranbleman tè an. 2Li te di:
# És 42:13 “SENYÈ a va gwonde soti nan Sion.
Li va fè son vwa Li soti Jérusalem;
epi patiraj a bèje yo va fè dèy,
e anwo tèt Carmel va vin seche nèt.”
3Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de #Am 2:1,4,6twa transgresyon a Damas yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon li;
akoz yo te bat Galaad ak zouti an fè yo.
4Pou sa, Mwen va voye dife sou kay Hazaël
e li va devore sitadèl a Ben-Hadad yo.#I Wa 20:1
5Anplis, Mwen va #Jr 51:30 kase baryè an fè Damas la;
Mwen va koupe retire sila ki rete nan vale Bikath-Aven nan,
ak sila ki kenbe baton wayal la soti Beth-Éden;
epi pèp Syrie a va ale an egzil an #II Wa 16:9Kir,”
di SENYÈ a.
6Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon Gaza yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon an,
akoz yo te depòte tout pèp la,
pou #Éz 35:5 livre yo bay Édom.
7Pou sa, Mwen va voye dife sou miray Gaza a,
epi li va devore sitadèl li yo nèt.
8Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo,
ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon.
Mwen va tounen men mwen kont Ékron,
epi retay a #És 14:29-31Filisten yo va peri,”
di Senyè BONDYE a.
9Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon Tyr yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon an,
akoz yo te livre tout pèp la nèt bay Édom,
e yo pa t sonje akò #I Wa 9:11-14 fratènèl la.
10Akoz sa, Mwen va #Za 14:5voye dife sou miray Tyr la,
e li va devore sitadèl li yo.”
11Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat;
Mwen p ap retire pinisyon an,
akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe
e te refize gen pitye.
Mekontantman li te dechire tout tan,
e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan.#Nonb 20:14-21; És 57:16
12Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman,
e li va devore tout sitadèl Botsra yo.”#Jr 49:7,20
13Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat;
Mwen p ap retire pinisyon an,
akoz yo te #II Wa 15:16chire vant fanm ansent Galaad yo
pou #És 5:8 agrandi lizyè yo.
14Pou sa, Mwen va sanble yon dife sou miray #Det 3:11Rabba a.
Li va devore sitadèl li yo nèt,
nan mitan gwo kri lagè nan jou batay la,
nan mitan siklòn nan jou tanpèt la.
15Konsa, wa yo a va antre an egzil, #Jr 49:3 li menm ansanm ak prens li yo,”
di Senyè a.

Currently Selected:

Amos 1: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in