YouVersion Logo
Search Icon

Travay 22

22
1 # Trav 7:2 “Frè yo ak papa yo, tande defans mwen ke m ap ofri nou koulye a.”
2Epi lè yo te tande ke li t ap pale avèk yo an Ebre, yo te vin kalme plis; e li te di: #Trav 21:40 3#Trav 9:1-22“Mwen menm se yon Jwif, fèt a Tarse nan Cilicie, men leve nan vil sila a, edike anba #Trav 5:34Gamaliel, byen disipline selon lalwa zansèt nou yo, avèk anpil zèl pou Bondye, menm jan ke nou menm ye jodi a. 4#Trav 8:3Mwen te pèsekite #Trav 9:2Chemen sila a jiska lanmò. Mwen te mare e te mete nan chenn ni fanm, ni gason pou mete nan prizon, 5kòm osi #Trav 9:1wo prèt la ak tout #Luc 22:66konsèy ansyen yo kapab temwaye. Nan men yo, mwen te resevwa osi lèt pou tout frè yo, e te pati pou Damas, pou m ta kapab mennen menm sila ki te la Jérusalem yo kòm prizonye, pou yo ta kab pini.
6 # Trav 9:3-8 “Men li te rive ke lè m te nan wout, e t ap pwoche Damas nan anviwon midi, sibitman yon limyè briyan te klere sòti nan syèl la, tou antoure mwen. 7Mwen te tonbe atè e te tande yon vwa ki te di m: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?’
8“Epi mwen te reponn: “Kilès ou ye, Senyè?”
“E Li te di mwen: ‘Mwen se #Trav 26:9Jésus de Nazareth, ke w ap pèsekite a.’
9“Sila ki te avè m yo #Trav 26:13te wè limyè a, men #Trav 9:7pa t konprann vwa a Sila a ki t ap pale avèk mwen an.
10“Epi mwen te di: #Trav 16:30“Kisa pou m ta fè, Senyè?”
“Senyè a te reponn mwen: ‘Leve, ale antre Damas. La ou va vin tande tout sa ki nome pou ou ta fè.’
11“Men akoz ke m #Trav 9:8pa t kab wè akoz briyans a limyè a, mwen te mennen pa lamen pa sila ki te avè m yo pou te vini Damas.
12“Yon sèten #Trav 9:10Ananias, yon mesye fidèl pa règ Lalwa a, e byen pale pa tout Jwif ki te rete la yo 13te vin kote mwen, te kanpe toupre m, e te di mwen: #Trav 9:17‘Frè Saul, resevwa vizyon ou! Epi nan menm moman an, mwen te gade anlè e te wè li.
14“Li te di: #Trav 3:13‘Bondye a zansèt nou yo te nome ou pou konnen volonte l, pou #Trav 9:17wè Sila Ki Jis la, e pou tande yon pawòl ki sòti nan bouch Li. 15Paske ou va #Trav 23:11yon temwen pou Li a tout moun de sila ou wè ak tande yo. 16Koulye a poukisa ou fè reta? Leve, batize e #Trav 2:38lave peche ou yo, pandan w ap rele non Li.
17“Konsa li te rive ke lè m te retounen Jérusalem e t ap priye nan tanp lan, ke m te #Trav 10:10tonbe nan yon pwofon somèy. 18Epi mwen te wè Li t ap di mwen: #Trav 9:29‘Fè vit! Sòti Jérusalem vit, paske yo p ap aksepte temwayaj ou de Mwen menm.’ 19Epi mwen te di: ‘Senyè, yo menm yo konprann ke nan yon sinagòg apre lòt, #Trav 8:3mwen te konn mete yo nan prizon, e te konn bat sila ki te kwè nan Ou yo. 20Menm #Trav 7:58lè san a temwen ou, Étienne t ap vèse, mwen osi te kanpe byen dakò e t ap veye vètman a sila ki t ap touye l yo.’
21“Men Li te di mwen: ‘Ale, pwiske Mwen va voye ou byen lwen #Trav 9:15kote pèp etranje yo.’
22Jiska pwen sa a, yo te koute l, e alò yo te leve vwa yo e te di: “Retire sou latè a yon nonm konsa; #Trav 25:24li pa merite viv!”
23Pandan yo t ap rele konsa, yo t ap #Trav 7:58retire gwo vètman yo pou voye pousyè anlè, 24kòmandan an te bay lòd pou yo mennen l anndan kazèn nan, e t ap di ke li ta dwe #Trav 22:29egzamine plis avèk kout fwèt pou l ta kapab detèmine rezon an yo t ap rele kont li konsa.
25Men lè yo te tire kò l avèk kòd fèt an kwi, Paul te di a santenye a ki te kanpe akote a: “Éske li pèmi pou ou fwete yon #Trav 16:37sitwayen Women ki pa menm kondane?”
26Lè santenye a te tande sa, li te ale kote kòmandan an, e te di l: “Kisa w ap fè? Paske nonm sa a se yon Women.
27Kòmandan an te parèt e te mande l: “Di mwen, “Èske se yon Women ou ye?”
E li te di: “Wi.”
28Kòmandan an te reponn: “Mwen te twouve tit sitwayen sa a ak yon gwo sòm lajan.”
Paul te di: “Men mwen te ne sitwayen.”
29Konsa, sila ki t ap kesyone li yo, te lage L imedyatman; epi #Trav 22:24kòmandan an osi te pè lè li te vin konprann ke se te yon sitwayen Women ke li te ye, paske li te mete li nan chèn.
30Men nan pwochen jou a, akoz ke li te #Trav 23:28anvi konnen poukisa Jwif yo te akize l la, li te demare li, e li te bay lòd pou wo prèt yo avèk konsèy la reyini. Konsa yo te mennen Paul devan yo, e te fè l chita devan yo.

Currently Selected:

Travay 22: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in