YouVersion Logo
Search Icon

Travay 21

21
1Lè nou te rive #Trav 16:10nou te kite yo pou pran bato a vwal.
Nou te kouri toudwat pou Cos, jou apre a pou Rhodes, epi soti la a pou Patara.
2Lè nou te twouve yon bato ki t ap travèse vè #Trav 11:19Phénicie, nou te monte e pran vwal. 3Lè nou te vin wè #Trav 4:36Chip, kite l agoch, e te kontinye kouri bato pou Syrie, e te rive nan Tyr, paske se la bato a te gen pou debake chaj li.
4Apre nou fin twouve disip yo, nou te rete la pandan sèt jou. Yo menm te kontinye ap di Paul #Trav 20:23selon Lespri a pou l pa mete pye l Jérusalem.
5Lè l rive ke jou nou yo pou rete la te fini, nou te pati fè wout nou, pandan yo menm avèk madanm ak timoun yo te akonpanye nou jiskaske nou te kite vil la. Apre nou te #Luc 22:41mete nou ajenou bòdmè a pou fè lapriyè, nou te di orevwa a youn lòt. 6Answit, nou te monte bato a, e yo te retounen#Jn 19:27lakay yo ankò.
7Lè nou te fin fè vwayaj la sòti #Trav 12:20Tyr, nou te rive Ptolémaïs. Lè nou te fin salye frè yo, nou te rete avèk yo pandan yon jou.
8Nan jou apre a nou te sòti e te rive Césarée. Nou te antre lakay #Trav 6:5Philippe, evanjelis la, ki te youn nan sèt yo. Nou te rete avèk li. 9Alò, nonm sa te gen kat fi vyèj ki te #Luc 2:36pwofetès.
10Pandan nou te rete la pandan kèk jou, yon sèten pwofèt ki te nome Agabus te desann sòti Judée. 11Epi lè l te vini kote nou, li te pran sentiwon a Paul; li te mare pwòp pye l ak men l, e te di: #Trav 8:29“Men sa ke Lespri Sen an di: Se konsa ke Jwif nan Jérusalem yo #Trav 21:33va mare nonm ki mete sentiwon sila a e va livre li nan men pèp etranje yo.”
12Lè nou te tande sa, nou menm, menm jan avèk rezidan lokal yo, nou te kòmanse mande l pou #Trav 21:15pa monte Jérusalem.
13Paul te reponn yo: “Kisa nou ap fè la a, n ap kriye pou kase kè m? Paske mwen prepare non sèlman pou m mare, men menm pou m ta mouri Jérusalem pou #Trav 5:41non Senyè Jésus a.”
14Epi Akoz ke li pa t kab konvenk, nou te tonbe an silans e t ap di: “Ke volonte a Senyè a fèt!”
15Apre jou sa yo, nou te prepare pou #Trav 21:12kòmanse fè wout nou pou monte Jérusalem. 16Anplis, Kèk nan disip Césarée yo te vini avèk nou, e te mennen nou kote Mnanson ki sòti Chypre, yon #Trav 15:7disip depi anpil tan avèk sila nou te vin rete.
17Apre nou te rive Jérusalem #Trav 1:15frè fidèl yo te resevwa nou avèk kè kontan.
18Jou swivan an Paul te antre avèk nou vè #Trav 12:17Jacques, epi tout ansyen yo te la. 19Apre li te salye yo, li te #Trav 14:27kòmanse pale youn pa youn, tout bagay ke Bondye te fè pami pèp etranje yo atravè #Trav 1:17ministè pa li a.
20Lè yo te tande sa yo te kòmanse #Mat 9:8bay glwa a Bondye. Yo te di li: “Ou wè, frè, konbyen milye ki gen pami Jwif yo nan sila ki te kwè yo, e yo tout te ranpli ak #Trav 15:1zèl pou Lalwa a. 21Konsa, yo konn tande de ou, ke w ap enstwi tout Jwif k ap viv pami pèp etranje yo pou renonse a Moïse, e k ap pale yo pou yo #I Kwo 7:18pa sikonsi pitit yo, ni pou yo pa mache selon #Trav 6:14koutim nou yo. 22Alò, kisa ki dwe fèt? Sètènman yo va tande ke ou gen tan vini.
23“Alò, fè sa ke nou di ou a. Nou gen kat mesye ki #Nonb 6:13-21anba yon ve. 24Pran yo avèk ou, #Jn 11:55pirifye ou menm ansanm avèk yo, e peye depans pou yo kapab taye tèt yo. Konsa, tout moun va konnen ke pa gen anyen nan tout sa ke moun di de ou yo, men ke ou menm osi mache nan lòd, epi swiv Lalwa a.
25“Men konsènan pèp etranje, ki te kwè yo, nou te ekri #Trav 15:19,29selon desizyon nou, ke yo ta dwe evite vyann ki ofri kon sakrifis a zidòl, ak san, ak sa ki toufe, e ak imoralite seksyèl.”
26Alò Paul te pran mesye yo avè l nan jou swivan an. Li te pirifye li menm ansanm avèk yo. Yo te #Nonb 6:13antre nan tanp lan e te bay avètisman ke yo t ap konplete jou pirifikasyon yo jiskaske sakrifis la te ofri pou yo chak.
27#Nonb 6:9; 13:20sèt jou yo te prèske fini #Trav 20:19Jwif Asie yo, lè yo te wè l nan tanp lan, te kòmanse soulve foul la pou mete men sou li. 28Yo t ap kriye fò: “Mesye Israël yo, vin bay nou konkou! #Trav 6:13Sa se mesye ki preche a tout moun kont pèp nou an ak Lalwa a, ak kote sila a. Anplis de sa, li gen tan fè Grèk yo antre nan tanp lan, e te souye lye sen sa a.” 29Paske avan yo te konn wè Trophime, #Trav 18:19Efezyen an nan vil la avèk li, e yo te sipoze ke Paul te mennen l nan tanp lan.
30Alò tout vil la te leve, e pèp la te kouri ansanm pou te kenbe Paul. Yo te #II Wa 11:15rale l deyò tanp lan, epi nan menm moman an, pòt yo te vin fèmen. 31Pandan yo t ap chache pou touye l, yon rapò te rive devan kòmandan #Trav 10:1Kowòt Women an, ke tout Jérusalem te boulvèse. 32Lapoula li te #Trav 23:27pran sòlda yo avèk santenye yo, e te kouri desann kote yo. Lè yo te wè sòlda yo avèk kòmandan an, yo te sispann bat Paul.
33Kòmandan an te parèt, e te kenbe li. Li te kòmande pou li #Trav 20:23mare avèk #Trav 12:16de chenn, e li te kòmanse mande l ki moun li te ye, ak kisa li fè. 34Men pami foul la #Trav 19:32kèk t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt bagay. Lè l pa t kapab twouve laverite ki koze tout boulvèsman an, li te mande yo mennen l nan kazèn nan. 35Lè l te rive nan #Trav 21:40eskalye a, sòlda yo te pote li akoz vyolans a foul la; 36paske yon gran foul moun te kontinye ap swiv yo, e t ap rele: #Luc 23:18“Touye li!”
37Pandan Paul te prèt pou antre nan #Trav 21:34kazèn nan, li te mande kòmandan an: “Èske m kapab di ou yon bagay?”
E li te reponn: “Ou konn pale Grèk? 38Alò se pa ou menm #Trav 5:36Ejipsyen an ki kèk tan pase te soulve yon revòlt, e te mennen kat mil òm asasen pou rive nan dezè a?”
39Men Paul te di: #Trav 9:11“Mwen se yon Jwif ki sòti Tarse nan Cilicie, yon sitwayen a yon vil ase enpòtan. Mwen mande w, kite m pale avèk pèp la.”
40Lè l te bay permisyon, Paul, te vin kanpe sou eskalye a. Li te fè sinyal a foul la avèk men l. Lè te vin gen yon gwo silans, li te pale avèk yo nan lang #Jn 5:2Ebre, e te di,

Currently Selected:

Travay 21: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in