II Timothée 1
1
1Paul #II Kor 1:1yon apot a Kris Jésus pa volonte Bondye, selon pwomès lavi ki nan Kris Jésus, 2a Timothée #I Tim 1:2fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an.
3 #
Wo 1:8
Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen 4#II Tim 4:9,21avèk lanvi pou m wè ou #Trav 20:37menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.
5Paske mwen sonje #I Tim 1:5lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete #Trav 16:1nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou. 6Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe #I Tim 4:14don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.
7Paske Bondye pa bannou yon #Jn 14:27lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
8Konsa #Mc 8:38pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan #II Tim 2:3,9soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a, 9ki te sove nou e te #Wo 8:28rele nou avèk yon apèl ki sen, #Ef 2:9pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, 10men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te #I Kor 15:26aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la. 11#I Tim 2:7Pou li menm, mwen te chwazi kòm predikatè, apot, ak pwofesè pou ale vè etranje yo. 12Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men #II Tim 1:8,16mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.
13 #
Tit 1:9
Kenbe fèm a pawòl sen ke ou tande de mwen yo, nan #I Tim 1:14lafwa ak lanmou ki nan Kris Jésus a.
14Veye byen, selon lespri Sen ki #Wo 8:9demere nan nou an, trezò kite konfye a ou a.
15Ou byen okouran ke tout moun ki an Asie yo, te #II Tim 4:10,16vire kite m, pami yo menm, Phygelle ak Hermogène.
16Ke Senyè a bay mizerikòd a #II Tim 4:10,16lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo; 17men lè li te Rome, li te chèche mwen avèk dilijans e li te jwenn mwen. 18Ke Senyè a fè li jwenn mizerikòd Senyè a nan #I Kor 1:8jou sa a—e ke ou konnen trè byen tout sèvis li te rann nan Éphèse.
Currently Selected:
II Timothée 1: BSA
Highlight
Share
Copy

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in
Copyright © 2017-2023 Ron Smith