YouVersion Logo
Search Icon

I Timothée 6

6
1Tout sila ki #Ef 6:5anba jouk esklavaj yo dwe gade pwòp mèt yo kòm moun ki dign de tout onè pou pèsòn pa kapab pale mal kont non a Bondye e ak doktrin nou an. 2Sila ki gen kwayan kòm mèt yo pa dwe derespekte yo paske yo se #Gal 3:28frè yo, men dwe sèvi yo plis toujou, paske sila ki pataje benefis yo se kwayan e byeneme. Enstwi e preche prensip sa yo.
3Si yon moun #Tit 1:3ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a, 4li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo #Trav 18:15ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal, 5diskisyon san rete antre#II Tim 3:8moun ak panse konwonpi e san verite, ki #II Pi 2:3sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.
6Men vi sentete a vrèman gen #Luc 12:15-21anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7Paske #Job 1:21nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
8Si nou #Pwov 30:8genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.
9 # Pwov 15:27 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10Paske #Kol 3:5lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan #Jc 5:19vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
11Men #II Tim 2:22kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès. 12#I Tim 1:18Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo. 13#I Tim 5:21Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te #II Kor 9:13temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la, 14pou ou kenbe kòmandman an san tach oubyen repwòch, jiska #II Tes 2:8aparisyon Senyè nou an, Jésus Kri. 15Li va fè rive nan #I Tim 2:6tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo. 16#I Tim 1:17Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
17Enstwi sila ki #Mat 12:32rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye #Trav 14:17ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan #I Tim 5:10bon zèv, pou #Wo 12:18renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19Konsa, y ap toujou #Mat 6:20ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab #I Tim 6:12kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
20O Timothée, gade byen #II Tim 1:12,14sa ki konfye a ou menm nan, e #II Tim 2:16evite pale pawòl mond lan, pawòl vid e san sans, ak tout diskou fo pawòl yo rele “konesans” lan, 21ke kèk moun te pwofese, e konsa yo te vin #II Tim 2:18egare kite lafwa.
Ke lagras avèk nou. Amen.

Currently Selected:

I Timothée 6: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in