YouVersion Logo
Search Icon

Rev 21

21
Yon Jerizalèm nouvo
1Lè sa a, m wè yon syèl ak yon tè nouvo. Premye syèl la ak premye tè a te disparèt. Epi pa t gen lanmè ankò. 2M gade m wè vil ki apa pou Bondye a, yon Jerizalèm nouvo,#21:2 Jerizalèm nouvo Lavil espirityèl kote pèp Bondye a ap viv ansanm avè l. m wè l ap desann soti nan syèl kote Bondye ye a. Se pa ti bèl li pa fè tèt li bèl, menm jan ak yon lamarye ki fè tèt li bèl pou yon mesye marye.
3Epi m tande yon vwa byen fò ki soti kote fotèy wa a. Li di: “Kounye a Bondye fè bitasyon l pami lèzòm. L ap rete ansanm avèk yo. Yo va pèp Bondye, Bondye li menm ap avè yo, l ap Bondye yo. 4L ap siye tout dlo nan je yo. Lanmò p ap egziste ankò, p ap gen dèy ankò, ni kriye, ni soufrans. Tout bagay pase yo ap disparèt.”
5Moun ki chita sou fotèy la di konsa: “Gade sa, m refè tout bagay tou nèf.” Epi li di m: “Ekri sa, paske pawòl mwen yo se verite a, yo merite tout konfyans nou.”
6Li di m ankò: “Sa deja reyalize! Mwen se Alfa ak Omega,#21:6 Alfa ak Omega Se premye ak dènye lèt nan alfabè lang Grèk la, sa vle di kòmansman ak fin isman. Se menm bagay nan 22:13. kòmansman ak finisman. Moun ki swaf, m ap ba l bwè gratis nan sous dlo lavi a. 7Tout moun ki ranpòte laviktwa ap jwenn sa; m ap Bondye li epi l ap yon pitit gason pou mwen. 8Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”
9Youn nan sèt zanj yo vin kote m. Se te youn nan sèt zanj ki te gen sèt koup plen ak sèt dènye gwo kalamite yo. Li di m konsa: “Vini, m pral montre w lamarye, fiyanse Ti Mouton an.” 10Zanj lan kapte lespri m epi l mennen m sou tèt yon gwo mòn byen wo. Li montre m vil ki apa pou Bondye a, Jerizalèm Bondye voye desann soti nan syèl la.
11Vil la te gen laglwa Bondye sou li, li t ap klere tankou bijou ki fèt ak bèl wòch ki koute byen chè. Li sanble ak wòch jas, klè tankou kristal. 12Vil la te gen yon miray byen wo epi byen laj ak douz pòtay. Sou douz pòtay yo te gen douz zanj. Chak pòtay gen non yon tribi Izrayèl ekri sou li. 13Te gen twa pòt sou kote lès; te gen twa pòt sou kote nò; te gen twa pòt sou kote sid; te gen twa pòt sou kote lwès. 14Miray vil la te bati sou yon fondasyon ki fèt ak douz wòch. Non douz apot Ti Mouton an te ekri sou douz wòch yo.
15Anj ki t ap pale avè m nan te gen yon gòl nan men l, ki fèt ak lò, pou l mezire vil la, pòt li yo, epi miray la. 16Vil la te gen yon fòm kare: longè l te menm ak lajè l. Anj lan mezire l avèk gòl la. Longè a te mezire 12,000 estad,#21:16 12,000 estad Egal ak 2,400 kilomèt konsa. lajè a te mezire 12,000 estad, wotè a te mezire 12,000 estad. 17Zanj lan te mezire miray la: li jwenn li mezire 144 koude.#21:17 144 koude 60 mèt. Yon “koude” se longè soti nan koud bra rive nan zong ti dwat men an. Yon demi mèt konsa. Anj lan te sèvi ak mezi tout moun te konn mezire. 18Miray yo te fèt ak bèl wòch koulè vèt#21:18 koulè vèt Tèks la pa di koulè vèt. Mo nou tradui a se “jasp”. Se yon wòch ki gen plizyè koulè, anpil fwa ki tire sou wouj, vèt, mawon, ble, jòn, vèt epi blan. Nan lantikite, yo te rele l “quartz”, kounye a yo rele l “jas”. Se yon wòch ki gen anpil valè. ki koute chè. Vil la menm te fèt ak bon lò, klè menm jan ak kristal.
19Vil la te gen douz fondasyon. Chak fondasyon te fèt ak yon kalite wòch bijou ki koute chè anpil. Premye wòch la te an jas. Dezyèm nan te an safi. Twazyèm nan te an agat. Katriyèm nan te an emwod. 20Senkyèm nan te an oniks. Sizyèm nan te an sadwan. Setyèm nan te an krizolit. Uityèm nan te an beril. Nevyèm nan te an topaz. Dizyèm nan an krizopaz. Onzyèm nan an tikwaz. Douzyèm nan an ametis. 21Douz pòtay yo se te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan vil la te fèt ak bon lò, klere kon kristal.
22Men nan vil la, m pa wè tanp, tanp lan se Senyè a menm, Bondye ki gen tout pouvwa a, ansanm ak Ti Mouton an. 23Vil la pa bezwen solèy la oubyen lalin nan pou klere l. Glwa Bondye se limyè ki klere l, Ti Mouton an se lanp vil la.
24Nasyon yo ki sou latè, yo mache nan limyè Ti Mouton an bay la. Dirijan yo ki sou latè, yo pote glwa pa yo vini nan vil la. 25Pòtay vil la p ap janm fèmen lajounen kou lannuit, paske p ap gen lannuit nan vil la. 26Tout glwa ak tout lonè nasyon yo, y ap pote yo vini nan vil la. 27P ap gen anyen ki pa pwòp k ap antre nan vil la. Moun k ap fè vye bagay sal, moun k ap bay manti, pa gen youn k ap antre ladan i. Se sèlman moun ki te enskri nan liv lavi Ti Mouton an k ap antre nan vil la.

Currently Selected:

Rev 21: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in