1
Rev 21:4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
L ap siye tout dlo nan je yo. Lanmò p ap egziste ankò, p ap gen dèy ankò, ni kriye, ni soufrans. Tout bagay pase yo ap disparèt.”
Compare
Explore Rev 21:4
2
Rev 21:5
Moun ki chita sou fotèy la di konsa: “Gade sa, m refè tout bagay tou nèf.” Epi li di m: “Ekri sa, paske pawòl mwen yo se verite a, yo merite tout konfyans nou.”
Explore Rev 21:5
3
Rev 21:3
Epi m tande yon vwa byen fò ki soti kote fotèy wa a. Li di: “Kounye a Bondye fè bitasyon l pami lèzòm. L ap rete ansanm avèk yo. Yo va pèp Bondye, Bondye li menm ap avè yo, l ap Bondye yo.
Explore Rev 21:3
4
Rev 21:6
Li di m ankò: “Sa deja reyalize! Mwen se Alfa ak Omega, kòmansman ak finisman. Moun ki swaf, m ap ba l bwè gratis nan sous dlo lavi a.
Explore Rev 21:6
5
Rev 21:7
Tout moun ki ranpòte laviktwa ap jwenn sa; m ap Bondye li epi l ap yon pitit gason pou mwen.
Explore Rev 21:7
6
Rev 21:8
Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”
Explore Rev 21:8
7
Rev 21:1
Lè sa a, m wè yon syèl ak yon tè nouvo. Premye syèl la ak premye tè a te disparèt. Epi pa t gen lanmè ankò.
Explore Rev 21:1
8
Rev 21:2
M gade m wè vil ki apa pou Bondye a, yon Jerizalèm nouvo, m wè l ap desann soti nan syèl kote Bondye ye a. Se pa ti bèl li pa fè tèt li bèl, menm jan ak yon lamarye ki fè tèt li bèl pou yon mesye marye.
Explore Rev 21:2
9
Rev 21:23-24
Vil la pa bezwen solèy la oubyen lalin nan pou klere l. Glwa Bondye se limyè ki klere l, Ti Mouton an se lanp vil la. Nasyon yo ki sou latè, yo mache nan limyè Ti Mouton an bay la. Dirijan yo ki sou latè, yo pote glwa pa yo vini nan vil la.
Explore Rev 21:23-24
Home
Bible
Plans
Videos