YouVersion Logo
Search Icon

Estè 6

6
Wa Asyeris onore Madoche
1Nan menm lannwit lan, wa a pa t gen dòmi nan je l. Alò, li pase youn nan sèvitè l yo lòd pou l pote liv ofisyèl ki gen tout rapò yo ladan l, epi li mande l pou l li tout sa k te pase sou reny li a. 2Youn nan pati li te li yo te rapòte kòman Madoche te dejwe yon plan pou touye wa Asyeris. Se te Bigtan ak Terèch, 2 nan ofisye wa yo, ki te fè konplo sa a. Men, se te Madoche ki te denonse konplo sa a lè l vin okouran de sa.
3Wa a mande: “Ki onè ak rekonpans Madoche te resevwa pou sa?”
Sèvitè yo reponn wa a: “Yo pa t fè anyen pou li.”
4Nan menm moman sa, Aman antre nan lakou kay prive wa a. Li vin mande wa a pou pann Madoche nan poto li te fè prepare pou sa. Wa a mande: “Ki moun ki nan lakou a?” 5Sèvitè yo reponn li: “Se Aman ki kanpe deyò a.”
Alò, wa a di: “Fè l rantre.”
6Lè Aman rantre, wa a mande l: “Kisa w panse ki ta apwopriye pou wa a ta fè pou yon nonm li vle onore?”
Tousuit, Aman fè lide sa a: “Se de mwen menm menm wa a ap pale! Epi ki lòt moun wa a ta gen nan lide l pou l onore?”
7Alò, Aman reponn wa a konsa: “Men sa wa a ta dwe fè pou yon moun li vle onore: 8se pou l fè sèvitè l yo pran wòb espesyal wa a konn mete epi chwal li konn monte. Se pou yo mete yon kouwòn wayal sou tèt chwal la. 9Se pou wa a chwazi youn nan lidè ofisyèl li yo ki pi enpòtan epi pou l ba li responsab wòb la ak chwal la. Gwo lidè ofisyèl sa a ap mete wòb la sou nonm wa a vle onore a. Nonm lan ap monte chwal la epi gwo lidè ofisyèl sa a ap kenbe tèt chwal la pandan y ap mache tout ri ki nan vil la. Pandan l ap mennen chwal la, l ap rele byen fò: Men sa wa a fè pou yon nonm li vle onore.”
10Lè sa a, wa a di Aman: “Ale tousuit. Pran wòb la ak chwal la epi fè tout sa ou di yo pou Madoche, Jwif la, san manke anyen. Li chita nan baryè antre kay wa a.”
11Alò, Aman pran wòb la ak tout chwal la. Li mete wòb la sou Madoche epi li fè l monte sou do chwal la. Apre sa, li kenbe tèt chwal la pandan yo fè tout tou vil la. Aman te rele byen fò: “Men kijan wa a fè pou yon moun li vle onore.”
12Apre sa,, Madoche tounen al chita ankò devan baryè palè wa a. Men Aman menm kouri antre lakay li ak tèt li kouvri, tèlman l te wont. 13Li rakonte madanm li, Zerèch ak tout zanmi konseye l yo, tout sa k sot rive l. Madanm li ak tout zanmi konseye l yo ba l konsèy sa a: “Si se tout bon Madoche soti nan ras Jwif, ou p ap janm ka genyen l. Ou fèk kòmanse fè bèk atè devan l. Nan tout kote ou atake l, asireman w ap tonbe devan l.”
14Pandan yo kontinye ap pale kon sa ak Aman, ofisye wa yo te vin rive lakay la. Yo pran Aman epi yo kouri ale avè l nan festen Estè t ap fè a.

Currently Selected:

Estè 6: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in