YouVersion Logo
Search Icon

Estè 5

5
Estè pale ak wa a
1Lè pèp Jwif la te sou twazyèm jou jèn yo, Estè mete wòb rèn li sou li epi l al kanpe nan lakou ki anndan bò palè wayal la, anfas kote twòn wa a ye a. Wa a te chita sou twòn li sou estrad la ki bay fas lakou a. 2Lè wa a wè rèn Estè kanpe nan lakou a, li te kontan wè l. Li lonje baton lò a ba li. Konsa, Estè avanse epi li touche pwent baton an.
3Wa a di Estè: “Kisa m ka fè pou ou rèn Estè? Di mwen kisa ou vle! M ap ba ou nenpòt sa ou mande, menm si se mwatye nan wayòm nan.”
4Estè di konsa: “Mwen prepare yon festen pou ou jodi a. Si sa fè ou plezi, èske ou menm ak Aman ta vini?”
5Alò, wa a di sèvitè li yo konsa: “Ale vit chache Aman pou n ka fè touswit sa Estè mande a.”
Wa a ak Aman ale nan festen Estè prepare pou yo a.
6Pandan yo t ap bwè diven, wa a di Estè konsa: “Di mwen sa ou vle. M ap ba w nenpòt sa ou mande, menm si se mwatye nan wayòm nan, l ap pou ou.”
7Estè reponn: “Wi se vre mwen gen yon rekèt. 8Si mwen fè wa mwen an plezi, epi si li ta panse se yon bon bagay pou l ban mwen mwen mande l, m ap mande l souple pou l vini demen ankò avèk Aman nan yon lòt festen m ap prepare pou li. Lè sa a, wa mwen an, m ap rakonte ou rekèt mwen an.”
Plan Aman pou touye Madoche
9Jou sa a, Aman kite palè wayal la ak anpil kontantman. Men, lè li wè Madoche bò baryè palè wa a#5:9 baryè palè wa a “Ansyen baryè yo te genyen yon espas yo te fè, kote pou moun enpòtan te rankontre.”, touswit li vin an kolè paske Madoche pa t manifeste okenn siy respè oubyen perèz pou li lè l ap pase. 10Men, li kache kolè l la epi l ale lakay li. Lè l rive lakay li rasanble zanmi l yo ak tout madanm li Zerèch. 11Lè sa a, Aman te kòmanse fè dyòlè pou anpil richès ak anpil pitit gason li genyen. Li rakonte yo tout jès wa a fè pou li onore l. Li di yo wa a ba li gwo pwomosyon paske li mete l chèf sou tout lòt lidè ak ofisye l yo. 12Li ajoute: “Gen plis bagay toujou. Mwen se sèl moun rèn Estè te envite pou ale nan yon festen li t ap fè pou wa a. Li envite m pou m akonpanye wa a ankò demen. 13Men, mwen p ap janm santi m alèz tout tan Jwif ki rele Madoche a chita devan baryè palè a.”
14Konsa, Zerèch, madanm Aman, ak tout zanmi Aman yo ba l konsèy sa a tou: “Fè yon moun prepare poto ki gen anviwon swasant kenz pye wotè. Demen maten, mande wa a pou fè pann Madoche ladan l. Konsa, w ap prale nan festen an ak wa a ak kè kontan.”
Aman te renmen konsèy yo ba li a. Konsa, li fè prepare platfòm poto a pou li.

Currently Selected:

Estè 5: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in