YouVersion Logo
Search Icon

Estè 3

3
Aman fè plan pou detwi Jwif yo
1Apre tout bagay sa yo fin pase, wa Asyeris te onore Aman ki se pitit Amedata. Amedata sa te soti nan ras Agag. Wa a te plase l nan plas ki pi wo pami tout lòt ofisye l yo. 2Wa a te pase lòd pou tout ofisyèl k ap sèvi nan palè a mete ajenou epi koube tèt byen ba devan Aman pou onore l. Men, Madoche te refize mete ajenou devan Aman pou onore l. 3Responsab ofisyèl yo ki t ap sèvi nan palè a poze Madoche kesyon sa a: “Poukisa ou pa obeyi lòd wa a pou ou met ajenou devan Aman?”
4Se chak jou sèvitè ofisyèl wa yo t ap pale ak Madoche sou menm koze sa a, men Madoche refize koube anba lòd wa a. Li di yo: Mwen se Jwif, se poutèt sa mwen pa mete ajenou devan Aman. Yo rakonte Aman sa pou yo ka wè kisa l ap fè ak Madoche. 5Aman te fin anraje, lè yo fè li wè Madoche pa vle met ajenou nan pye l pou onore l. 6Lè Aman aprann Madoche se yon Jwif, li pa t santi touye Madoche sèlman te sifi, li te vle touye tout Jwif ki nan tout wayòm Asyeris la.
7Evènman sa te pase premye mwa nan lane, nan mwa Nisan.#3:7 Nisan Mwa Nisan se premye mwa nan kalandriye Jwif la. Li koresponn ak dènye mwatye mwa Mas epi premye mwatye mwa Avril nan kalandriye gregoryen an. Lè sa a, Asyeris te sou douzyèm ane depi l wa. Aman fè sèvitè l yo fè tiraj osò#3:7 Tiraj osò Mo nou tradui “Tiraj osò” a, nan sans literal, se Pourim. Se yon bagay menm jan ak yon de yo te konn sèvi pou devine laverite. pou devine nan ki dat egzat pou l egzekite plan li a. Tiraj osò a montre se nan douzyèm mwa a, nan mwa Ada#3:7 Ada Mwa Ada se douzyèm mwa nan kalandriye Jwif la. Li koresponn ak dènye mwatye mwa Fevriye epi premye mwatye mwa Mas nan kalandriye Gregoryen an. ki pi bon. 8Apre sa, Aman ale kote wa Asyeris epi li di l: “Gen yon seri moun ki gaye nan tout pwovens ki nan wayòm ou a epi y ap viv tankou you gwoup separe ki pa mele ak pèsonn. Koutim pa yo diferan ak koutim tout lòt pèp yo. Yo pa vle obeyi okenn lòd wa a pase. Nan ka sa a, se pa yon bon bagay ki nan enterè w non, Majeste, pou ou kite moun sa yo viv kon sa nan wayòm ou.
9Si sa fè w plezi, pase lòd pou touye tout moun sa yo. Si ou deside fè sa, m ap pwomèt ou m ap bay trezorye w yo 375 tòn lajan pou mete nan trezò pou ou.”
10Alò, wa a wete bag ki te nan dwèt li a, li bay Aman l, pitit Amedata a ki soti nan fanmi Agag, yon lènmi Jwif yo. 11Wa a di Aman konsa: “Ou ka kenbe lajan w lan, men ou mèt fè sa ou vle ak bann moun sa yo.”
12Konsa, nan trèzyèm jou nan mwa Nisan an, Aman konvoke tout sekretè wa a. Li mande yo pou yo ekri yon dekrè voye bay tout ofisye gouvènman yo, gouvènè nan tout pwovens yo ak tout lidè pèp yo. Yo ekri dekrè sa nan diferan lang ak ekriti moun sèvi nan chak pwovens yo. Yo te voye lèt sa yo nan non wa Asyeris epi yo te sele yo ak bag wa a.
13Mesaje yo pote dekrè a nan tout tèritwa ki anba lòd wa Asyeris. Lèt sa yo deklare pou yo touye tout Jwif, granmoun kou timoun, fi kou gason, san manke youn. Lòd sa dwe egzekite yon sèl jou, trèzyèm jou nan mwa Ada ki se douzyèm mwa nan ane a. Dekrè sa a te di pou yo piye tout sa Jwif yo te posede tou.
14Yo voye yon kopi dekrè sa a nan chak pwovens ki nan wayòm nan. Lòd sa dwe tounen yon lwa epi li dwe al jwenn tout moun, tout kalite nasyon ki nan wayòm nan. Konsa, tout moun va prepare pou jou sa a. 15Sou lòd wa a, mesaje yo prese pote lèt yo ale tout kote nan wayòm nan. Yo bay mesaj la kote palè a ye a tou, nan lavil Souz la. Apre, wa a ak Aman te chita ansanm pou yo bwè. Epoutan, moun nan lavil Souz te boulvèse anpil lè yo te tande nouvèl sa a.

Currently Selected:

Estè 3: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in