YouVersion Logo
Search Icon

Estè 2

2
Estè vin rèn
1Nan pita, kòlè wa Asyeris te desann, li sonje sa rèn Vasti te fè a epi dekrè li pran poutèt sa. 2Alò, sèvitè pwòch li yo bay wa a yon konsèy. Yo di: “Ann chache jenn fi ki bèl epi ki poko nan gason pou wa a. 3Se pou wa a chwazi yon delege nan chak pwovens wayòm li a epi y a mennen ba li tout bèl jenn fi vyèj sa yo nan sitadèl lavil Souz la, kapital la. Yo va mennen fi sa yo kote medam yo ye nan sitadèl la epi, Ege ki responsab enik wa yo, va bay tout jenn fi sa yo bon jan swen ak pwodui pou yo pase sou kò yo. 4Apre sa, jenn fi ki va satisfè wa a pi plis la va vin rèn nan plas Vasti.” Wa a te wè se te yon bon lide, epi l fè sa kon sa vre.
5Pandan tan sa a, te gen yon jwif ki soti nan ras Benjamen ki t ap travay nan sitadèl la, Souz, kapital la. Nonm sa a te rele Madoche. Li se pitit Jayi, pitit Chimeyi epi pitit Kich. 6Nebikadnetsa ki te wa Babilòn nan, te mennen Madoche soti Jerizalèm vin Babilòn kòm prizonye, ansanm ak Jekonya,#2:6 Jekonya Tèks Ebre genyen “Jekonya”, men nan kèk lòt vèsyon, n ap jwenn “Jekonyas” pou non wa Jekonya, yo te mennen li kòm prizonye ekzile nan lane 597 AV.JK. wa peyi Jida a. 7Madoche te gen kouzin li ki rele Adasa, yo te rele l Estè tou. Li pa t gen ni manman ni papa. Madoche te adopte l kòm pitit fi li, apre manman l ak papa l te mouri. Madoche te elve li epi pran swen li. Adasa te bèl anpil.
8Apre yo te pibliye dekrè wa a, yo mennen anpil jenn fi vil Souz. Yo te mennen Estè nan palè wa a tou. Menm jan ak tout lòt jenn fi yo, yo te mennen Estè nan palè a. Yo te mennen l bay Ege avèk lòt medam yo. Se Ege ki te responsab kay medam yo. 9Estè te tèlman fè Ege plezi, li te vin pi renmen li pase lòt yo. Touswit, li bay Estè tout sa li bezwen pou l manje ak pou l pran swen kò l. Li chwazi sèt sèvant nan palè wa a pou sèvi Estè epi li ba l pati ki bèl nan kay medam yo pou l rete ak tout sèvant li yo. 10Madoche te pase Estè lòd pou l pa di pèsonn si l se Jwif. Li pa di pèsonn anyen sou fanmy li a. 11Chak jou, Madoche fè ale vini devan lakou kay medam yo, yon fason pou l ka konnen kijan Estè ye, epi kijan sa te ye pou Estè.
12Tout jenn fi yo te dwe pase douz mwa ap pase bon pwodui kosmetik sou kò yo: 6 mwa ap fwote kò yo ak lwil lami epi lòt 6 mwa a pou mete pafen ak lòt pwodui kosmetik. Apre sa, chak jenn fi sa yo te dwe vin jwenn wa Asyeris pou pase yon nwit avèk li, youn pa youn. 13Lè moman an te rive pou yon jenn fi al jwen wa a pou pase nwit la, yo te ba li sa li vle pran nan kay medam yo pou ale kay wa a. 14Jenn fi a ale kay wa a nan aswè. Nan demen maten, yo mennen l nan yon lòt kay wa te genyen pou medam li yo. Kay sa a te sou kontwòl chachgaz, yon enik ki te responsab tout madanm wa a te genyen. Jenn fi sa a pa t ka tounen nan kay wa a ankò, sof si wa a te kontan moman yo te pase epi li ta voye rele l ak non li.
15Moman an te rive pou Estè ale kay wa a. Se Estè sa a Madoche te adopte a. Li se pitit Abikayil, tonton Madoche. Ege, yon enik wa a ki te responsab medam yo, ba li konsèy ki rad pou l mete ak kisa pou l pran nan kay medam yo. Tout moun tonbe damou pou Estè, lè yo wè l. 16Yo mennen Estè nan palè a bay wa Asyeris. Sa te pase nan dizyèm mwa a, mwa Tebèt.#2:16 Tebèt Mwa Tebèt se dizyèm mwa nan kalandriye Jwif la. Li koresponn a mwa Janvye ki se premye mwa nan kalandriye gregoryen an. Lè sa a, Asyeris te sou setyèm ane li kòm wa.
17Wa a te fè foli pou Estè plis pase tout lòt jenn fi yo. Pami tout jenn fi vyèj yo te mennen lavil Souz, se Estè ki te satisfè wa a pi plis. Wa a te tonbe damou pou li. Estè te fè wa a plezi plis pase tout lòt vyèj yo. Alò, wa Asyeris mete yon kouwòn sou tèt Estè epi li fè l vin rèn nan plas Vasti. 18Wa a fè yon gran festen pou tout lidè ak tout fonksyonè sèvitè l yo pou onore Estè. Li bay jou sa a kòm konje nan tout vil pwovens yo. Apre sa, li voye kado toupatou bay pèp la poul montre jan l se yon wa ki jenere.
Madoche sove lavi wa Asyeris
19Lòt fwa yo t ap rasanble medam yo kay wa a, Madoche t ap travay kòm ofisyèl gouvènman an nan antre palè. 20Jis nan pwen sa a, Estè pa t janm fè mansyon nan ki ras oubyen pèp kote l soti. Li te kenbe sa sekrè paske Madoche te mande l fè sa. Estè te kontinye obeyi l menm jan l te konn fè sa depi lè l te lakay li.
21Nan epòk sa a, Bigtan ak Terèch te de (2) chèf sekirite nan baryè kay prive wa a. Yon jou, pandan Madoche te chita toupre baryè a, de mesye sa yo ki te fache kont wa a, t ap fè konplo pou touye l. 22Lè Madoche vin konn sa, li voye nouvèl la bay rèn Estè. Lè Estè tande sa, li rakonte wa a tout sa nan non Madoche. 23Wa a mennen yon ankèt. Apre li fin jwenn bon jan prèv mesye yo koupab, li fè pann toulede mesye yo sou poto byen wo. Wa a te pase lòd pou ekri zafè sa a nan achiv wayòm nan.

Currently Selected:

Estè 2: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy