YouVersion Logo
Search Icon

Zakari 2

2
Vizyon chenn pou mezire a
1Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve #Eze 40.3 je m gade. Mwen wè yon nonm avèk yon chenn pou mezire nan men l. 2Mwen mande l:
— Kote ou prale?
Li reponn mwen:
— Mwen pral pran mezi lavil Jerizalèm, pou m wè ki longè ak ki lajè li genyen.
3Zanj ki t'ap pale avèk mwen an te rete kanpe. Yon lòt zanj pwoche devan l vin jwenn li. 4Premye #Estè 9.19; Eza 49.19 zanj lan di dezyèm lan:
— Kouri al di jenn gason ou wè ak chenn nan men l lan: sitèlman pral gen moun ak bèt nan lavil Jerizalèm, yo p'ap bezwen bati miray pou fèmen l. 5Senyè a #Sòm 125.2; Eza 4.5 pale, li fè konnen se li menm k'ap tankou yon gwo miray dife k'ap fè wonn lavil la pou pwoteje l. Li di: M'ap rete nan mitan lavil la ak tout pouvwa mwen.
6Men #Eza 48.20; Eze 5.10 sa Senyè a di:
— Ey! Nou menm mwen te gaye nan kat kwen latè yo,
kouri, kouri kite peyi ki nan nò a.
7Ey! Nou menm moun Siyon ki rete lavil Babilòn yo,
sove kò nou!
8Men #Det 32.10; Jer 12.14 sa Senyè ki gen tout pouvwa di:
Se li menm ki voye m. Men sa li di sou nasyon ki te piye pèp li a.
Si yon moun manyen pèp la,
se tankou si li te foure dwèt nan je m.
9Mwen #Eza 11.15; 19.16; Eze 33.33; 39.10 menm mwen pral regle ak nou.
Moun nou te fè tounen esklav yo,
se yo menm ankò ki pral piye nou.
Lè sa a, tout moun va konnen
se Senyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m.
10Senyè a #Lev 26.12; Eze 37.27; Sof 3.14,15; Zak 8.3 di ankò:
— Nou menm moun lavil Jerizalèm, chante! Fè kè nou kontan! Men m'ap vini pou m rete nan mitan nou! Se mwen menm, Senyè a, ki di sa!
11#Eza 2.2 sa a, anpil nasyon va vin jwenn Senyè a pou yo sèvi l. Se pèp pa li menm y'ap ye. L'a vin rete nan mitan yo. Lè sa a, n'a konnen se Senyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m kote nou. 12Senyè a #Det 32.9 va pran peyi Jida a pou li tankou pòsyon pa l nan tè yo mete apa pou li a. L'a chwazi lavil Jerizalèm ankò.
13Se #Aba 2.20 pou tout moun pe bouch yo devan Senyè a, paske l'ap sòti kote ki apa pou li a, l'ap vin delivre nou!

Currently Selected:

Zakari 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in