YouVersion Logo
Search Icon

Zakari 3

3
Zakari fè vizyon granprèt la
1Apre sa, Senyè a fè m wè Jozye, granprèt #1 Kwo 21.1; Sòm 109.6; Esd 3.2 la, ki te kanpe devan zanj Senyè a. Satan #3.1: Satan: Se yon mo ebre ki vle di: Moun k'ap pote move plent, k'ap fè move rapò sou moun. menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l te ka akize l. 2Zanj Senyè a #3.2: Zanj Senyè a: Osinon dapre tèks ebre a: Senyè a. di Satan konsa:
— Se #Am 4.11; Jid 9 pou Senyè a regle ou, Satan. Wi, se pou Senyè a ki renmen lavil Jerizalèm lan regle ou! Nonm sa a tankou yon bout bwa tou limen yo kouri wete nan dife pou l pa fin boule nèt.
3Jozye #Eza 64.6; Jid 23 te kanpe la devan zanj Senyè a, ak rad li tou sal. 4Zanj #Eza 6.7; 61.10; Lik 1.19; 15.22; Rev 7.14; 19.8 lan pran lapawòl ankò, li pale ak lòt zanj ki te la tou devan li. Li di yo:
— Wete rad sal ki sou li a.
Epi li di Jozye konsa:
— Ou wè. Mwen wete tout peche ou yo. M'ap ba ou bèl rad pwòp pou ou mete sou ou.
5Lèfini, #Jòb 29.14 li pase yon lòd, li di lòt zanj yo:
— Mare tèt li ak yon mouchwa pwòp.
Yo mare tèt Jozye ak yon bèl mouchwa pwòp, epi yo mete rad pwòp sou li. Zanj lan menm te kanpe la ap gade.
6Apre sa, zanj Senyè a pale ak Jozye, li di l konsa:
7— Men #Lev 8.35; Det 17.9 sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ou: Si ou fè sa mwen di ou fè, si ou swiv lòd mwen ba ou yo, se ou menm ki pral gouvènen kay mwen an. W'a reskonsab lakou m lan. M'a koute lapriyè ou menm jan mwen koute lapriyè zanj ki devan m yo. 8Koute #Eza 11.1; 42.1; Jer 23.5; Eze 12.11; Zak 6.12 byen, ou menm Jozye, granprèt la, ansanm ak prèt parèy ou yo ki la devan ou. Nou pral sèvi remak pou bagay ki gen pou rive a. M'ap fè sèvitè m lan, sa yo rele Boujon an, vini. 9Men #Sòm 118.22; Eza 28.16; Zak 4.10; Rev 5.6 m'ap mete yon wòch devan Jozye. Wòch sa a gen sèt fas. Se mwen menm ki pral make pawòl ki pou make sou wòch la. Se mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. M'ap pran yon sèl jou pou m wete tout peche ki nan peyi a. 10Jou #1 Wa 4.25 sa a, yonn pral envite lòt vin lakay nou anba pye rezen ak pye fig frans nou yo. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.

Currently Selected:

Zakari 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in