YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 92

92
SÒM 92 (91)
Jistis Bondye
(1) Sòm #Jen 14.19,20; Sòm 147.1 sa a se yon chante espesyal pou jou repo a.
1(2) Sa #Sòm 36.5; 119.147,148 bon nèt pou nou di Senyè a mèsi,
pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.
2(3) Sa #Sòm 33.2 bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib,
pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
3(4) Avèk #Sòm 8.6 mizik yo jwe sou enstriman akòd yo,
avèk mizik yo jwe sou gita,
sa bon nèt pou nou fè lwanj ou.
4(5) Paske, #Sòm 111.2; 139.17; Wòm 11.33; Rev 15.3 Senyè, ou fè kè m kontan ak bèl mèvèy ou yo,
m'ap fè fèt lè m wè tou sa w'ap fè.
5(6) Ala #Sòm 94.8 bèl bagay ou fè yo bèl!
Senyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou!
6(7) Se #Jòb 21.7; Sòm 94.4; Jer 12.1 bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.
7(8) Mechan #Sòm 93.4 yo ap grandi tankou zèb,
moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen,
men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt.
8(9) Men #Sòm 68.1 ou menm, Senyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan.
9(10) Paske, #1 Sam 2.1; Sòm 23.5; 75.10 Senyè, lènmi ou yo pral mouri.
Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo.
10(11) Ou #Sòm 54.7 fè m gen menm fòs ak towo bèf mawon yo.
Ou fè kè m kontan.
11(12) Mwen #Sòm 52.8; 72.7; Oze 14.5,6 wè ak je m jan lènmi m yo pèdi batay la,
mwen tande jan moun ki pa vle wè m yo ap rele.
12(13) Moun #Sòm 135.2 k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis,
y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.
13(14) Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Senyè a,
y'ap pouse bèl branch nan Tanp Bondye nou an.
14(15) Yo #Det 32.4; Sòm 58.11; Wòm 9.14 te mèt granmoun, y'ap donnen,
y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs.
15(16) Sa fè nou wè jan Senyè a pa gen patipri.
Se li ki tout pwoteksyon mwen.
Pa gen lenjistis nan kè li.

Currently Selected:

Sòm 92: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in