YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 91

91
SÒM 91 (90)
Anba zèl Bondye
1Moun #Sòm 32.7; 121.5; Eza 25.4; 32.2 ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la,
Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
2yo ka #Sòm 11.1; 14.6; 18.2 di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen.
Se ou ki tout pwoteksyon mwen.
Ou se Bondye mwen.
Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
3Se #Sòm 124.7 li menm ki p'ap kite ou pran nan pèlen,
ki p'ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou.
4L'ap #Sòm 35.2; 57.1; 61.4 kouvri ou anba zèl li.
Anyen p'ap rive ou kote ou kache a.
L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou,
se sa ki defans ou.
5Ou #Jòb 5.19-23; Pwo 3.25; Eza 43.1,2 pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit,
ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen.
6Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit,
ni epidemi k'ap touye mou gwo midi.
7Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou,
dimil sou bò dwat ou,
anyen p'ap rive ou.
8W'ap rete konsa, w'ap gade,
w'a wè jan y'ap bay mechan yo sa yo merite.
9Paske #Sòm 71.3; 91.2 ou pran Senyè a
pou defans ou,
paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou,
10okenn #Pwo 12.21 malè p'ap rive ou,
okenn mechan p'ap ka pwoche bò kote kay ou.
11Bondye #Egz 23.20; Sòm 34.7; Pwo 3.23; Mat 4.6; Eb 1.14 ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou,
pou yo pwoteje ou kote ou pase.
12Y'ap pote ou nan men yo,
pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.
13W'ap #Lik 10.19; Tra 28.5 mache sou lyon ak sou sèpan,
w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.
14Bondye #Sòm 9.10 di: M'ap sove moun ki renmen mwen,
m'ap pwoteje moun ki konnen mwen.
15Lè l #1 Sam 2.30; Jòb 12.4; Sòm 50.15; Jer 33.3; Zak 13.9; Jan 12.26 rele m, m'ap reponn li.
Lè l nan tray, m'ap la avèk li.
M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.
16M'ap #1 Wa 3.14; Sòm 21.4; 50.23 fè l viv lontan, m'a fè l wè jan m'ap delivre l.

Currently Selected:

Sòm 91: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in