YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 44

44
SÒM 44 (43)
Lapriyè pou mande pwoteksyon
(1) Pou #Egz 10.2; 13.8,14; Sòm 77.5; 78.3 chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo.
1(2) Bondye, #Egz 15.17; Joz 3.10; Sòm 80.8 nou te tande ak zòrèy nou
tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan.
Wi, granmoun nou yo te rakonte nou
tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.
2(3) Yo #Det 10.15; Joz 24.12; Oze 1.7 di nou se avèk fòs kouray ou ou te chase moun lòt nasyon yo,
pou ou te kapab tabli yo nan peyi a.
Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon
pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo.
3(4) Se #Sòm 74.12 pat avèk nepe pèp ou a te pran peyi a,
se pat fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la.
Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou
ki te penmèt yo fè tou sa.
Ou te la avèk yo pou ba yo kouray.
Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.
4(5) Se #Sòm 60.12; Da 8.4 ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen.
Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans.
5(6) Avèk #1 Sam 17.47; Sòm 33.16 pouvwa ou, nou kilbite lènmi nou yo.
Avèk ou menm ki la avèk nou an, n'ap kraze moun ki leve dèyè nou yo.
6(7) Mwen p'ap mete konfyans mwen nan banza.
Se pa nepe m ki pou delivre m.
7(8) Se #Sòm 34.2 ou menm ki te delivre nou anba lènmi nou yo.
Ou fè moun ki pat vle wè nou yo wont.
8(9) Se #2 Sam 5.24; Sòm 60.1,10; 74.1; 108.11 chak jou n'ap fè lwanj ou.
Se tout tan n'ap nonmen non ou, n'ap di ou mèsi.
9(10) Men #Lev 26.17; Joz 7.8,12 kounye a, Bondye, ou vire do ban nou, ou fè nou pran wont,
ou pa sòti ansanm avèk lame nou yo ankò.
10(11) Ou #Det 4.27; 28.64; 2 Wa 17.6; Sòm 106.27; Eze 20.23; Lik 21.24 fè nou kouri devan lènmi nou yo.
Moun ki pa vle wè nou yo ap piye nou alèz.
11(12) Ou #Jij 2.14; 3.8; Eza 52.3 lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa.
Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo.
12(13) Ou #Sòm 79.4; 80.6 vann pèp ou a pou gremesi,
ou pa fè okenn benefis sou li.
13(14) Ou #Jer 24.9 fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz
Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
14(15) Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou.
Kou yo wè nou, y'ap fè siy sou nou.
15-16(16-17) Lè m #Sòm 8.2 tande #Da 9.13 moun k'ap joure m yo, moun k'ap vekse m yo,
mwen pa ka gade yo nan je.
Lè m devan lènmi ak moun ki pa vle wè m yo,
lawont fè m bouche figi m.
17(18) Wi, #Sòm 119.157 tout malè sa yo rive nou,
men, nou pa janm bliye ou.
Nou pat manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an.
18(19) Nou pa janm vire do ba ou,
nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an.
19(20) Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo?
Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la.
20(21) Si #1 Sam 16.7; Sòm 139.1; Jan 2.25; Wòm 2.16; Eb 4.13 nou te bliye rele Bondye nou an,
si nou te lapriyè yon lòt bondye,
21(22) eske #Wòm 8.36 Bondye pa ta konn sa,
li menm ki konn sekrè ki nan kè tout moun?
22(23) Men, #Sòm 7.6; 44.9 se poutèt ou tout tan yo sòti pou touye nou.
Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa.
23(24) Louvri #Jòb 13.24 je ou, Senyè.
Poukisa w'ap dòmi konsa?
Leve non. Pa voye nou jete nèt!
24(25) Poukisa #Sòm 119.25 ou vire do ban nou konsa?
Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y'ap peze nou?
25(26) Nou #Sòm 25.22 tonbe san fòs nan pousyè a.
Nou kouche sou vant atè plat.
26(27) Leve non. Vin pote nou sekou!
Jan ou renmen nou sa a, vin delivre nou non!

Currently Selected:

Sòm 44: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in