YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 43

43
SÒM 43 (42)
1Fè m #1 Sam 24.15; Sòm 5.6; 7.8 jistis, Bondye.
Defann kòz mwen kont moun sa yo ki pa konnen ou.
Delivre m anba moun sa yo k'ap bay manti, k'ap fè mechanste.
2Se #Sòm 31.4; 42.9; 44.9 ou ki Bondye mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen.
Poukisa ou lage m konsa?
Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m,
lè lènmi m yo ap kraze m anba pye yo?
3Voye #Sòm 2.6; 57.3; 84.1 limyè ou, moutre m verite ou la.
Fè yo fè m wè chemen pou m pran an.
Fè yo mennen m sou mòn ki apa pou ou a,
nan kay kote ou rete a.
4Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a,
Bondye ki fè kè m kontan an,
Bondye k'ap fè m fè fèt la.
M'a jwe enstriman mizik pou Bondye,
pou Bondye pa m lan.
5Wi, #Sòm 42.5 men poukisa m kagou konsa?
Poukisa m'ap plenn konsa nan kè m?
M'ap mete espwa mwen nan Bondye,
paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò.
Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.

Currently Selected:

Sòm 43: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in