YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 34:17-22

Sòm 34:17-22 HAT98

(18) Lè moun ki mache dwat yo rele l, li tande yo. Li wete yo anba tray. (19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. (20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre l anba tout soufrans li yo. (21) L'ap pwoteje l nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l p'ap kraze. (22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman. (23) Senyè a ap delivre moun k'ap sèvi l yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l.