YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 27

27
SÒM 27 (26)
Lapriyè pou fè lwanj Bondye
(1a) Se #Egz 15.2; Sòm 23.4; Eza 12.2; 60.20; Mi 7.8; Eb 13.6 yon sòm David.
1(1b) Senyè a se limyè mwen,
se li ki delivrans mwen.
Ki moun ki ka fè m pè?
Se Senyè a k'ap pwoteje mwen.
Ki moun ki ka fè m tranble?
2Lè mechan yo ap mache sou mwen,
lè lènmi m yo ap chache touye m,
se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe.
3Menm #Sòm 3.6 si yon lame moun ta sènen mwen toupatou,
mwen p'ap pè anyen.
Menm si yo ta vle fè mwen lagè,
m'ap toujou gen konfyans nan Bondye.
4Mwen #Sòm 23.6; 26.8; 84.1,2; 90.17; Lik 2.37 mande Senyè a yon bagay,
yon bagay mwen anvi anpil anpil:
Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a,
pou m ka gade bèl bagay li yo byen,
pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a.
5Jou #Sòm 31.20; 40.2; Eza 4.6 malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m lakay li.
L'a kache m byen fon nan Tanp li a.
L'a leve m mete yon kote pou anyen pa rive m.
6Se #Sòm 3.3; Ef 5.19 konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m yo.
M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan Tanp li a.
M'a chante, m'a fè lwanj Senyè a.
7Senyè, #Sòm 30.10 tande m non lè m'ap rele ou!
Gen pitye pou mwen, reponn mwen non!
8Ou #Sòm 24.6 pale nan kè m, ou di mwen vin jwenn ou.
Men m'ap chache fas ou, Senyè!
9Pa #Sòm 24.5; 69.17; 102.2 vire do ban mwen.
Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la.
Se ou ki tout sekou mwen.
Pa kite m pou kont mwen, pa lage m.
10Papa m #Eza 49.15; Jan 16.32; 2 Tim 4.16,17 ak manman m te mèt lage m,
Senyè a va ranmase mwen.
11Senyè, #Sòm 5.8; 25.4 moutre m jan ou vle m viv la.
Fè m mache nan chemen ki pa gen move pa a,
paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m.
12Pa #Sòm 35.11; 41.2; Mat 26.59,60; Mak 14.55,56 lage m nan men lènmi m yo.
Yo sòti pou yo touye m.
Se yon bann moun k'ap bay manti.
13Mwen #Egz 33.19; Sòm 142.5; Eza 38.11 menm, mwen sèten m'a viv pou m wè
jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.
14Mete #Joz 1.6; Sòm 31.24; 37.34; Eza 25.9 espwa ou nan Senyè a!
Gen konfyans, pa dekouraje!
Wi, mete espwa ou nan Senyè a!

Currently Selected:

Sòm 27: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in