YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 26

26
SÒM 26 (25)
Lapriyè yon inonsan
(1a) Se #Sòm 7.8; 11.1 yon sòm David.
1(1b) Fè m jistis, Senyè,
paske m'ap viv yon jan ki san repwòch.
Mwen mete tout konfyans mwen nan ou,
mwen pa janm lage ou.
2Fouye m, #Sòm 7.9; 17.3 Senyè. Wè tou sa ki nan kè mwen.
Sonde m. Wè tou sa ki nan lide m.
3Ou #2 Wa 20.3; Sòm 25.10 fè m wè jan ou renmen mwen.
M'ap viv yon jan ki dakò ak verite ou la.
4Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti,
mwen pa gen anyen pou m wè ak moun ipokrit.
5Mwen #Sòm 139.21,22 rayi tout moun k'ap fè sa ki mal.
Mwen pa chita ansanm ak mechan yo.
6Senyè, #Egz 30.19,20; Sòm 73.13 m'ap lave men m
pou m moutre jan m inonsan,
mwen pral pwoche bò lotèl ou a,
7pou m #Sòm 9.1 fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi,
pou m rakonte tout bèl bagay ou yo.
8Senyè, #Sòm 27.4 mwen renmen kay kote ou rete a,
kay kote pouvwa ou ye a.
9Pa #Sòm 28.3 trete m menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal.
Pa detwi m ansanm ak sanginè yo,
10ansanm #Det 16.19 ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan,
ki toujou pare pou achte bouch moun.
11Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch.
Delivre m, gen pitye pou mwen.
12M'ap #Sòm 22.25 mache byen fèm nan chemen ki pa gen move pa a.
M'a fè lwanj Senyè a nan mitan pèp la lè l reyini.

Currently Selected:

Sòm 26: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in