YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 19

19
SÒM 19 (18)
Pouvwa Bondye parèt nan tou sa li kreye
(1) Pou #Wòm 1.20 chèf sanba yo. Se yon sòm David.
1(2) Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a.
Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l.
2(3) Jounen jodi a rakonte koze a bay jounen denmen an.
Chak nwit repete li bay nwit ki vin apre a.
3(4) Yo #Wòm 10.18 pa pale, yo pa di yon mo.
Ou pa tande yon ti bwi.
4(5) Men, #Jij 5.31 sa yo di a #19.4: sa yo di a: Se kèk ansyen vèsyon ki bay sa, men tèks ebre a bay: sa yo ekri a. mache ale toupatou sou latè.
Mesay y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè.
Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la.
5(6) Solèy #Ekl 1.5 la menm sòti tankou yon nonm ki fenk marye k'ap sòti anndan chanm li.
Li kontan, l'ap kouri tankou yon grannèg ki konnen li deja genyen kous la.
6(7) Solèy #Wòm 7.12 la #Mat 11.25; 2 Tim 3.15 leve nan yon bout syèl la,
li kouche nan lòt bout la.
Chalè li bat sou tout bagay.
Lalwa Senyè a bon
7(8) Lalwa #Sòm 12.6; 13.3 Senyè a bon sou tout pwen.
Li moutre nou jan pou nou viv.
Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Senyè a.
Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.
8(9) Regleman #Sòm 119.142,151 Senyè a se bagay ki dwat.
Moun ki swiv yo ap gen kè kontan.
Kòmandman li yo klè.
Yo louvri je moun.
9(10) Se #Sòm 119.103,127 pou nou gen krentif pou Senyè a yon jan ki san repwòch.
Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a.
Jijman Senyè a se verite, yo pa janm nan patipri.
10(11) Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò,
menm pase lò ki pi bon an.
Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl.
11(12) Mwen #Jòb 34.32; Sòm 90.8; 1 Kor 4.4 menm k'ap sèvi ou la, yo ban m anpil konesans.
Gen gwo rekonpans pou moun k'ap obeyi yo.
12(13) Ki #Nonb 15.30; 1 Sam 25.33,34,39; Sòm 119.133; Wòm 6.12,14 moun ki konnen tou sa li fè ki mal?
Tanpri, Senyè, delivre m anba sa mwen fè ki mal san m pa konnen!
13(14) Mwen #Jòb 19.25 menm k'ap sèvi ou la, pwoteje m tou anba peche mwen fè ak tout konesans mwen.
Pa kite yo pran pye sou mwen.
Se lè sa a m'a san repwòch.
Se lè sa a m'a delivre anba gwo peche a. #19.13: gwo peche a: Se ka peche sèvi zidòl jan nou jwenn sa nan Egzòd 38.21-31 ak nan 2 Wa 17.21.
14(15) Senyè, se ou ki twou wòch kote m kache a,
se ou ki delivrans mwen,
mwen mande ou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen,
ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.

Currently Selected:

Sòm 19: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy