YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 18

18
SÒM 18 (17)
David di Bondye mèsi
(2 Samyèl 22.1-51)
(1) Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Senyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l yo.
1(2) Ala #2 Sam 22.2-51 renmen #Jen 15.1; Det 32.4; 1 Sam 2.2; Sòm 9.9; 18.30,31; 31.3; 91.2; Lik 1.69; Eb 2.13 mwen renmen ou, Senyè!
Se ou menm ki tout fòs mwen.
2(3) Se #Sòm 48.1; 96.4 ou menm ki twou wòch kote m kache a.
Se ou menm ki sèvi m ranpa.
Se ou menm ki delivre m.
Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m.
Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
Se ou ki tout defans mwen.
Se fòs ou k'ap sove m.
Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m kache.
3(4) Mwen #Sòm 32.6; 116.3 rele Senyè a:
Li delivre m anba lènmi m yo.
Lwanj pou Senyè a!
4(5) Lanmò te fin vlope m.
Mwen te pè lè m wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.
5(6) Privye #Sòm 11.4; 120.1; Jo 2.2 lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou.
Kote m vire, mwen wè lanmò devan m.
6(7) Nan #Sòm 77.18; Tra 4.31; 16.26 mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Senyè a.
Mwen mande Bondye m lan sekou.
Kote l chita lakay li a, li tande vwa mwen,
rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.
7(8) Lè #Sòm 21.9 sa a, latè pran tranble, li souke.
Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo.
Yon sèl frison pran yo,
paske Bondye te ankòlè!
8(9) Lafimen #Egz 20.21; Sòm 144.5; Eza 64.1 t'ap sòti nan twou nen li.
Yon gwo flanm dife ak mòso chabon tou limen t'ap sòti nan bouch li.
9(10) Li #Sòm 104.3 bese syèl la, li desann
avè yon gwo nyaj nwa anba pye li.
10(11) Li #Jòb 36.29; Sòm 97.2 moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole.
Yon kouran van t'ap pouse l ale.
11(12) Li te kache kò l nan fènwa.
Yon gwo nyaj pwès, plen dlo, te vlope l toupatou.
12(13) Anpil #1 Sam 2.10; 7.10; Jòb 37.4; Sòm 29.3-9; Eza 30.30 lagrèl ak anpil chabon dife
t'ap sòti nan gwo limyè ki t'ap klere devan l lan.
13(14) Senyè a #Sòm 77.17; 144.6; Aba 3.11 pran gwonde nan syèl la.
Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li. #18.13: Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li: Se sa ase nou jwenn nan 2 Samyèl 22.14 ak nan yon ansyen vèsyon. Men, nan tèks ebre a yo ajoute: anmenmtan lagrèl ak chabon dife tou limen yo t'ap tonbe.
14(15) Li #Egz 15.8; Na 1.4 voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m yo.
Li fè yo tout kouri ak kout zèklè.
15(16) Lè #Sòm 144.7 ou ankòlè, Senyè,
van yo sòti ak fòs nan twou nen ou.
Lè konsa moun wè fon lanmè a,
fondasyon tè a parèt aklè.
16(17) Senyè a rete nan syèl la, li lonje men l, li pran m.
Li rale m sòti nan gwo dlo yo kote m te ye a.
17(18) Li delivre m anba gwo lènmi m yo,
anba tout moun sa yo ki te rayi m
epi ki te pi fò pase m.
18(19) Lè m #Sòm 22.8; 31.8; 118.5 te nan tray, yo pwofite atake m.
Men, Senyè a te soutni m.
19(20) Li #Rit 2.12; 1 Sam 24.19; 1 Wa 8.32 wete m nan move pa a.
Li delivre m paske li renmen mwen.
20(21) Senyè a #Jen 18.19 ban m rekonpans mwen, paske li wè m mache dwat devan li.
Li ban m benediksyon, paske li wè mwen inonsan.
21(22) Mwen te obeyi lalwa Senyè a,
mwen pa vire do bay Bondye m lan pou m fè sa ki mal.
22(23) Mwen #Jen 17.1; 1 Wa 14.8 fè tou sa ki nan lalwa li,
mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.
23(24) Li konnen mwen pa antò.
Mwen kenbe kò m pou m pa fè sa ki mal.
24(25) Se #Mat 5.7; 18.33 konsa li ban m rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li,
paske li wè mwen inonsan.
25(26) Ou #Lev 26.23,24; Pwo 3.34; Wòm 1.28 menm, Senyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo.
Ou bon ak moun ki bon.
26(27) Ou #Egz 3.7; Pwo 6.17; Lik 1.51 pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou,
men ou malen ak moun ki malen.
27(28) Ou #1 Wa 11.36; Sòm 132.17 delivre moun ki soumèt devan ou,
men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pèsonn.
28(29) Senyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen.
Se ou ki wete m nan fènwa kote m te ye a.
29(30) Avè #Det 32.4; Sòm 12.6; 18.2; Mat 5.48 ou, mwen fonse sou bann lènmi m yo ki ame jouk nan dan.
Avèk ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.
30(31) Bondye #Det 32.31; Sòm 86.8 oo! Tou sa ou fè bon nèt ale.
Ou toujou kenbe pawòl ou.
Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
31(32) Ki #1 Sam 2.4; Sòm 101.2,6 moun ki Bondye si se pa Senyè a?
Ki moun ki pran defans nou si se pa Bondye nou an?
32(33) Se #Eza 58.14; Aba 3.19 Bondye ki ban m fòs,
li fè m mennen yon vi san repwòch.
33(34) Li #Sòm 144.1 asire pye m tankou pye kabrit.
Li fè m mache sou mòn yo, san m pa tonbe.
34(35) Li #Eza 63.9 moutre m jan pou m goumen.
Li ban m fòs pou m sèvi ak pi gwo banza ki genyen.
35(36) Se #Pwo 4.12 ou menm, Senyè, ki pwoteje m. Se ou ki delivre m.
Si m kapab leve kanpe, se paske ou renmen m.
Pouvwa ou pa kite m tonbe.
36(37) Ou pa kite yo bare wout mwen.
Mwen pa janm pèdi pye.
37(38) Mwen kouri dèyè lènmi m yo, mwen jwenn yo.
Mwen pa tounen jouk tan mwen pa fin kraze yo nèt.
38(39) Mwen jete yo atè, yo pa ka leve.
Yo tonbe, mwen mete pye m sou kou yo.
39(40) Ou #Egz 23.27; Sòm 21.12 ban m kont fòs pou batay la.
Ou fè lènmi m yo mande m padon.
40(41) Ou #Jòb 27.9; Pwo 1.28 fè lènmi m yo kouri devan m.
Mwen disparèt tout moun ki rayi m yo.
41(42) Y'ap rele, y'ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo!
Y'ap rele Senyè a, men li pa reponn yo.
42(43) Mwen #2 Sam 3.1; 8.1-14; 19.9,43; Sòm 2.8; Eza 55.5 kraze yo, yo tout tounen pousyè van pote yo ale.
Mwen mache sou yo tankou sou labou nan lari.
43(44) Ou delivre m anba pèp rebèl sa a.
Ou mete m chèf pou m gouvènen sou tout nasyon yo.
Pèp mwen pat janm konnen, se yo menm k'ap sèvi m.
44(45) Moun #Mi 7.17 lòt peyi yo ap flate m.
Kou yo tande vwa m, yo obeyi:
45(46) Yo pèdi tout kouray yo.
Yo sòti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa.
46(47) Viv #Sòm 47.3 Senyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an!
Se Bondye ki delivre mwen! Ann fè konnen jan li gen pouvwa!
47(48) Se #Sòm 59.1 Bondye ki pran revanj mwen.
Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.
48(49) Li #Wòm 15.9 sove m anba lènmi m yo.
Li wete m anba men moun ki t'ap konbat mwen yo.
Ou delivre m anba ansasen yo.
49(50) Se #2 Sam 7.12,13; Sòm 2.2; 89.29; 144.10 poutèt sa, Senyè, m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye.
M'a chante pou fè lwanj ou.
50(51) Bondye delivre wa li a anpil fwa.
Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li te chwazi a,
ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.

Currently Selected:

Sòm 18: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy