YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 144

144
SÒM 144 (143)
Benediksyon pou tout pèp Senyè a
(1a) Se #Sòm 18.31,34 yon sòm David.
1(1b) Lwanj pou Bondye! Se li ki pwoteksyon mwen,
se li ki moutre m jan pou m goumen,
se li ki pare m pou m al nan batay.
2Se #Sòm 18.2,47 sou li mwen konte se li ki tout defans mwen.
Se li ki sèvi m ranpa, se li ki tout delivrans mwen,
Se li ki pwoteksyon mwen, se anba zèl li mwen kache.
Se li ki fè pèp li soumèt devan mwen.
3Senyè, #Sòm 8.4 kisa moun ye pou w'ap fè tèt ou travay pou yo konsa?
Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo?
4Moun #Sòm 39.5; 102.11 tankou lafimen.
Lavi yo tankou nyaj k'ap pase.
5Senyè, #Sòm 18.9; 104.32; Eza 64.1 bese syèl la, desann.
Manyen mòn yo, fè yo fè lafimen.
6Voye #Sòm 18.14 flèch ou yo. Fè lènmi m yo gaye.
Fè yo kouri ak kout zèklè.
7Rete #Sòm 18.16; 69.14 nan syèl la, lonje men ou pran m.
Rale m sòti nan mitan gwo dlo yo.
Delivre m anba men moun lòt nasyon yo.
8Bonjou #Sòm 12.2; Eza 62.8 yo pa laverite.
Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè.
9M'ap #Sòm 33.2,3 chante yon kantik tou nèf pou ou, Bondye.
M'ap chante, m'ap jwe gita pou ou.
10Se ou menm ki fè wa yo genyen nan lagè.
Se ou ki delivre David, sèvitè ou la.
11Delivre m anba bann mechan sa yo ki sòti pou touye m,
delivre m anba men moun lòt nasyon yo.
Bonjou yo pa laverite.
Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè.
12Se #Sòm 128.3 pou pitit gason nou yo tankou jenn plant k'ap pouse.
Se pou pitit fi nou yo tankou bèl poto byen travay ki nan tout kwen Tanp lan.
13Se #Lev 26.3-10 pou galata nou yo plen manje tout kalite,
se pou mouton ki nan savann nou yo fè anpil anpil pitit.
14Se #Eza 24.11 pou bèf nou yo toujou bay rapò,
san yo pa fè avòtman, ni pèt.
Se pou lènmi pa anvayi peyi a. Pa kite yo depòte nou.
Se pou pa gen okenn rèl nan lari nou yo.
15Ala #Det 33.29; Sòm 33.12; 146.5 bon sa bon lè sa mache konsa pou pèp la!
Ala bon sa bon pou yon pèp ki gen Senyè a pou Bondye li!

Currently Selected:

Sòm 144: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy