YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 143

143
SÒM 143 (142)
Lapriyè yon inonsan
(1a) Se #Sòm 140.6; 1 Jan 1.9 yon sòm David.
1(1b) Senyè, koute m lè m'ap lapriyè.
Panche zòrèy ou pou tande jan m'ap kriye nan pye ou.
Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou.
Ou pa nan patipri.
2Pa #Jòb 14.3; 25.4; Sòm 130.3; Ekl 7.20; Wòm 3.23; 1 Kor 4.4 jije m sou sa m fè, se sèvitè ou mwen ye.
Pa gen moun ki inonsan devan je ou.
3Lènmi #Sòm 88.3-6; Lam 3.6 pousib mwen, li mache sou mwen.
Li fè m rete nan fènwa tankou moun ki mouri depi lontan.
4Mwen #Sòm 77.3 santi mwen pa kapab ankò!
Mwen boulvèse anpil.
5Mwen #Sòm 77.5,11,12 chonje tan lontan,
m'ap kalkile tou sa ou te fè.
Tou sa ou te fè yo vin nan tèt mwen ankò.
6Mwen #Jòb 11.13; Sòm 42.2; 63.1 louvri bra m devan ou, mwen lapriyè.
M'ap tann ou tankou tè sèk k'ap tann lapli.
7Senyè, #Sòm 27.9; 28.1; 69.17 prese vin reponn mwen.
Mwen pa kapab ankò!
Pa vire do ban mwen.
Si ou fè sa, m'ap tankou moun ki desann nan peyi kote mò yo ye a.
8Mwen #Sòm 25.1,4; 90.14 mete konfyans mwen nan ou.
Depi granmaten, fè m chonje jan ou renmen m anpil.
Se ou menm m'ap lapriyè.
Moutre m chemen pou m pran an.
9Se #Sòm 59.1 anba zèl ou m'ap chache pwoteksyon.
Tanpri, delivre m anba lènmi m yo.
10Se #Ney 9.20; Sòm 23.3; 119.12; Eza 26.10 ou menm ki Bondye mwen.
Moutre m jan pou m fè sa ou vle m fè a.
Jan ou gen bon kè, fè lespri ou mennen m nan chemen ki pa gen move pa.
11Senyè, #Sòm 25.11; 71.20 poutèt non ou pote a, ban m lavi ankò.
Ou menm ki pa nan patipri, tanpri, wete m nan tray kote m ye a.
12Ou #Sòm 54.5; 116.16 renmen m anpil.
Fè tout lènmi m yo disparèt.
Detwi tout moun k'ap peze m yo, paske se sèvitè ou mwen ye.

Currently Selected:

Sòm 143: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in