YouVersion Logo
Search Icon

Pwovèb 27

27
1Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè #Lik 12.19,20; Jak 4.13,14 jòdi, ou pa konn denmen.
2Kite #Pwo 25.27; 2 Kor 10.18 lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou.
3Wòch #Pwo 17.12 lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l fache.
4#Pwo 6.34 yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi?
5Pito #Pwo 28.23; Gal 2.14 ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l konprann sa li fè a pa anyen.
6Zanmi #Sòm 141.5 rale zòrèy ou pou byen ou, men lènmi pase men nan kou ou pou woule ou.
7#Pwo 25.16 vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch.
8Yon #Pwo 26.2 moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwazo ki byen lwen nich li.
9 # 27.9: Vèsè sa a pa klè menm nan tèks ebre a. Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouray.
10Pa #1 Wa 12.6; Pwo 17.17 janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.
11Pitit #Sòm 119.42; Pwo 10.1 mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m kontan. Konsa, m'a ka reponn moun k'ap kritike m yo.
12Moun #Pwo 22.3 ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.
13Si #Pwo 20.16 yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye.
14Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon.
15Yon #Pwo 19.13 fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen.
16 # 27.16: Vèsè sa a pa klè menm nan tèks ebre a. Si ou rive fè l pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou!
17Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.
18Moun #Det 20.6; Mat 25.21; 1 Kor 3.8; 9.7 ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li.
19Lè ou kanpe devan glas, ou wè jan ou ye. Lè ou gade anndan kè ou, ou wè ki moun ou ye.
20Menm #Pwo 30.15,16; Ekl 1.8; 4.8 jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun.
21Yo #Pwo 17.3 pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye.
22Ou #Jer 5.3 te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l kite sòt.
23Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo. 24Richès #Pwo 23.5 pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou. 25#Sòm 90.5,6 ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo. 26Mouton #1 Tim 6.8 ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden. 27W'a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k'ap sèvi lakay ou.

Currently Selected:

Pwovèb 27: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy