YouVersion Logo
Search Icon

Pwovèb 26

26
1Menm jan moun pa bezwen tann pou fè #1 Sam 12.17 gwo fredi nan sezon chalè, ni pou lapli tonbe nan sezon rekòt, konsa tou, moun san konprann pa bezwen tann pou yo fè lwanj li.
2Madichon #Nonb 23.8; 2 Sam 16.12 pa ka fè ou anyen si ou pa antò. Se tankou ti zwazo k'ap vòltije sou branch bwa, ziwondèl k'ap vole nan syèl la yo ye.
3Fwèt #Sòm 32.9; Pwo 19.29 pou chwal, baboukèt pou bourik, baton pou do moun ki san konprann.
4Pa #2 Sam 16.11 reponn moun sòt yo menm jan yo pale a, pou ou pa parèt sòt menm jan ak yo.
5Reponn #Mat 16.1-4; 21.24-27; Wòm 12.16 moun sòt yo dapre jan yo pale a, w'a fè yo wè se moun sòt yo ye.
6Yon moun ki voye yon moun sòt fè komisyon, se tankou si li te koupe janm li. Se traka l'ap chache bay tèt li.
7Yon moun ki san konprann sèvi ak yon pwovèb menm jan yon moun bwete sèvi ak move janm lan.
8Fè lwanj yon moun ki san konprann, se tankou si ou te mare wòch la anvan ou tire fistibal la.
9Yon moun san konprann k'ap bay yon pwovèb, se tankou yon moun sou k'ap chache wete yon pikan nan dwèt li.
10 # 26.10: Vèsè sa a pa klè menm nan tèks ebre a. Patwon ki pran nenpòt moun san konprann osinon nenpòt moun k'ap pase nan lari pou travay pou li, se yon danje pou tout moun.
11Menm #2 Pyè 2.22 jan yon chen tounen vin manje sa li vonmi, se konsa moun san konprann yo ap toujou fè sa y'ap fè a.
12Gen #Pwo 29.20 plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann.
13Parese a #Pwo 22.13 di: Gen bèt nan bwa sou wout la. Gen yon lyon nan lari a.
14Parese a ap vire adwat agòch nan kabann li, menm jan yon pòt ap vire louvri fèmen sou gon li yo.
15Parese a #Pwo 19.24 pran kiyè l nan men l. Men, pou l leve l mete nan bouch li, se yon pakèt afè.
16Parese #Pwo 26.5 mete nan tèt li li gen plis konprann pase sèt moun lespri ki konn sa y'ap di.
17Moun k'ap foure bouch nan koze ki pa gade l, se tankou moun k'ap rale ke chen li jwenn sou gran chemen.
18-19Moun k'ap mache twonpe moun, apre sa pou li di: Aa monchè! Se jwe mwen t'ap jwe, moun konsa tankou moun fou k'ap voye bwa dife ak wòch pou touye moun.
20Kote ki pa gen bwa, pa gen dife. Kote ki pa gen tripòt, pa gen kont.
21Chabon #2 Sam 20.1; Pwo 15.18 kenbe recho a limen. Bwa pa kite dife a mouri. Konsa tou, moun ki renmen chache kont toujou ap pouse dife.
22Tripotay #Pwo 18.8 dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.
23Yon #Mat 23.27; Lik 11.39 moun ki gen bèl pawòl nan bouch li men ki gen move kè, se tankou bèl penti sou bwa pouri.
24Ipokrit ki rayi moun toujou ap bay bèl pawòl. Men, nan kè l, se twonpe l'ap twonpe moun.
25#Sòm 28.3 l'ap pale konsa, ou pa bezwen kwè l, paske nan fon kè l, se mechanste ase ki genyen.
26Li te mèt kache sa, tout moun gen pou wè mechanste l'ap fè yo.
27Moun #Estè 7.10; Sòm 7.15; Pwo 28.10 k'ap tann pèlen pou lòt se yo menm k'ap pran ladan li. Moun ki konmanse woule wòch la, se li menm ankò wòch la ap kraze.
28 # 26.28: Premye fraz nan vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Fòk ou rayi yon moun vre pou fè manti sou li. Lè w'ap flate moun, se tèt ou w'ap fè tò.

Currently Selected:

Pwovèb 26: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy