YouVersion Logo
Search Icon

Pwovèb 22

22
1Pito yo nonmen non ou an byen pase pou #Ekl 7.1 ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò.
2Pa #Pwo 29.13; Jòb 31.15 gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye.
3Moun #Pwo 14.16; 27.12 ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.
4Soumèt #Pwo 21.20,21 ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan.
5Moun #Pwo 21.23 ki mache kwochi jwenn pikan ak pèlen sou wout yo. Si ou renmen lavi, pa fè menm wout ak yo.
6Bay #Ef 6.4 yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l.
7Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li.
8 # 22.8: Vèsè sa a pa klè menm nan tèks ebre a. #Jòb 4.8; Oze 10.13 ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sa k te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt.
9Bondye #Pwo 19.17; Lik 14.13,14 beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l.
10Mete #Pwo 26.20 moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann.
11Moun #Pwo 16.13; Ekl 10.12 ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè.
12Senyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont.
13Parese #Pwo 26.13 rete chita lakay li, li di si li sòti bèt nan bwa va manje l nan lari a.
14Pawòl #Pwo 2.16; 23.27; Ekl 7.26 fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Senyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a.
15Timoun #Pwo 13.24 toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò.
16 # 22.16: Nou pa fin sèten se sa vèsè sa a vle di nan tèks ebre a. #Jòb 20.19-23; Pwo 28.22; Am 5.11 w'ap peze yon pòv malere se lespri l w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l pòv.
Pawòl moun ki gen bon konprann
17Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a.
18L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou. 19Kounyeya, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Senyè a. 20Depi lontan, mwen te ekri bon pawòl sa yo pou ou. W'a jwenn anpil bon konsèy ak konesans ladan yo. 21Y'a #Lik 1.3,4 fè ou konnen verite a jan li ye a. Konsa, w'a pote bon repons bay moun ki te voye ou la. Men yo:
— 1 —
22Pa #Jòb 5.4; 31.21; Zak 7.10 pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal. 23Se #1 Sam 24.15; Pwo 23.11; Jer 50.34 Senyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo.
— 2 —
24Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo. 25W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.
— 3 —
26Pa #Pwo 6.1,2; 20.16 pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè. 27Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou.
— 4 —
28Pa #Det 19.14; Pwo 23.10 janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo.
— 5 —
29Moutre m #1 Sam 16.21; 1 Wa 11.28; 12.6,8 yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.

Currently Selected:

Pwovèb 22: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy