YouVersion Logo
Search Icon

Pwovèb 1

1
Valè pwovèb yo
1Pwovèb Salomon, pitit David #1 Wa 4.32; Pwo 10.1; 25.1; Ekl 12.9 wa peyi Izrayèl.
2Pwovèb sa yo fè moun konnen sa ki rele sajès ak bon levasyon. Yo fè konprann lè se pawòl bon sans k'ap pale. 3Pwovèb #Pwo 2.9 sa yo moutre moun tout jan pou yo viv ak bon konprann, jan pou yo gen bon kondwit, jan pou yo pa fè lenjistis ak jan pou yo mache dwat nan lavi. 4Pwovèb yo ap louvri lespri moun ki manke konprann. Y'ap bay jenn gason konesans ak konprann. 5Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen, 6konsa, #Sòm 78.2 y'a ka konprann sans tout pwovèb ak tout parabòl, sans tout pawòl k'ap sòti nan bouch moun ki gen bon konprann yo ak koze tout moun pa ka konprann.
Konsèy pou jenn gason
7Krentif #Jòb 28.28; Sòm 111.10; Pwo 9.10; 15.33 pou Bondye, se premye baz konesans. Moun fou pa konn valè konesans. Yo pase sa nan rizib.
8Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou! 9Menm #Jen 41.42; Da 5.29 jan bèl foula ak bèl kolye bay bèl aparans, se konsa tou konsèy manman ou ak konsèy papa ou ap fè anpil pou ou.
10Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou. 11Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou. 12Ann #Nonb 16.32,33 vale yo tou vivan, tankou simityè ki pa janm refize mò. Ann vale yo tout ankè tankou kadav y'ap antere. 13N'a jwenn tout kalite gwo richès, n'a plen kay nou ak tout bagay n'a pran. 14W'a jwenn pa ou nan tou sa n'a pran. Va gen yon sèl kès pou nou tout. 15Pitit #Sòm 1.1 mwen, pa mache avèk moun konsa! Pa mete pye ou kote moun sa yo pase! 16Yo #Eza 59.7; Wòm 3.15 ttoujou deyò pou fè sa ki mal. Pou ti krik ti krak, yo mete san deyò. 17Kisa ou konprann ou fè lè ou kite zwazo wè ou ap tann pèlen pou li? 18Se konsa moun sa yo pran nan pèlen yo menm yo pare a. Yo tonbe nan pyèj yo mete a, yo mouri. 19Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò.
Sajès ap rele tout moun
20Koute #Pwo 8.1-3; 9.3 byen. Sajès ap rele nan lari, l'ap pale byen fò sou plas piblik. 21L'ap rele nan tout kalfou, nan pòtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande.
22L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va sòti pou yo aprann? 23Se #Jowèl 2.28 pou n koute m lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m konnen. 24Ki #Eza 65.12; Jer 7.13; Zak 7.11; Wòm 10.21 jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fè tankou nou pa tande m. Mwen lonje men ban nou, nou fè tankou nou pa wè m. 25Anhan! #Sòm 107.11; Lik 7.30 Se konsa sa ye? Nou voye tout konsèy mwen te ban nou yo jete byen lwen nou. Nou refize kite m korije nou. 26Konsa, #Sòm 2.4 lè n'a nan ka, m'a ri nou. Lè malè va fè nou tranble, m'a pase nou nan rizib. 27Lè malè va tonbe sou nou tankou yon van siklòn, lè tray va pase sou nou tankou yon toubouyon, lè lapenn ak kè sere va pran nou, 28le #1 Sam 8.18; Mi 3.4 sa a, n'a rele m, mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m toupatou, men nou p'ap jwenn mwen. 29Nou #Jòb 21.14 pat vle wè konesans, nou te toujou refize gen krentif pou Bondye. 30Nou #Sòm 107.11 pat janm vle koute konsèy m t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m lè m t'ap korije nou. 31Se #Jer 6.19 pou nou rekòlte sa nou te simen an. Se pou nou sibi konsekans vye konsèy nou t'ap swiv yo. 32Moun #Jer 2.19 ki san esperyans yo mouri paske yo refize aprann. Bann moun fou yo menm, yo pa pran anyen pou anyen, se sa k'ap pèdi yo tou. 33Men, #Sòm 25.13; 112.7 moun ki koute sa m di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kè poze, yo p'ap bezwen pè anyen.

Currently Selected:

Pwovèb 1: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in