1
Pwovèb 1:7-8
1998 Haïtienne
Krentif pou Bondye, se premye baz konesans. Moun fou pa konn valè konesans. Yo pase sa nan rizib. Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou!
Compare
Explore Pwovèb 1:7-8
2
Pwovèb 1:32-33
Moun ki san esperyans yo mouri paske yo refize aprann. Bann moun fou yo menm, yo pa pran anyen pou anyen, se sa k'ap pèdi yo tou. Men, moun ki koute sa m di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kè poze, yo p'ap bezwen pè anyen.
Explore Pwovèb 1:32-33
3
Pwovèb 1:5
Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen
Explore Pwovèb 1:5
4
Pwovèb 1:10
Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou.
Explore Pwovèb 1:10
5
Pwovèb 1:1-4
Pwovèb Salomon, pitit David wa peyi Izrayèl. Pwovèb sa yo fè moun konnen sa ki rele sajès ak bon levasyon. Yo fè konprann lè se pawòl bon sans k'ap pale. Pwovèb sa yo moutre moun tout jan pou yo viv ak bon konprann, jan pou yo gen bon kondwit, jan pou yo pa fè lenjistis ak jan pou yo mache dwat nan lavi. Pwovèb yo ap louvri lespri moun ki manke konprann. Y'ap bay jenn gason konesans ak konprann.
Explore Pwovèb 1:1-4
6
Pwovèb 1:28-29
le sa a, n'a rele m, mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m toupatou, men nou p'ap jwenn mwen. Nou pat vle wè konesans, nou te toujou refize gen krentif pou Bondye.
Explore Pwovèb 1:28-29
Home
Bible
Plans
Videos