Pwovèb 1:1-4
Pwovèb 1:1-4 HAT98
Pwovèb Salomon, pitit David wa peyi Izrayèl. Pwovèb sa yo fè moun konnen sa ki rele sajès ak bon levasyon. Yo fè konprann lè se pawòl bon sans k'ap pale. Pwovèb sa yo moutre moun tout jan pou yo viv ak bon konprann, jan pou yo gen bon kondwit, jan pou yo pa fè lenjistis ak jan pou yo mache dwat nan lavi. Pwovèb yo ap louvri lespri moun ki manke konprann. Y'ap bay jenn gason konesans ak konprann.