YouVersion Logo
Search Icon

Nonb 9

9
Dezyèm fèt delivrans lan
1Nan premye mwa dezyèm lanne apre yo te sòti kite peyi Lejip la, Senyè a pale ak Moyiz nan dezè Sinayi a, li di l konsa:
2— Se #Egz 12.1; Lev 23.5; Nonb 28.16-23 pou tout moun pèp Izrayèl yo fete fèt delivrans lan dat mwen te di yo fete l la. 3Katòzyèm jou premye mwa a, lè solèy fin kouche, n'a fete fèt la dapre tout lòd ak regleman mwen te ban nou pou sa.
4Moyiz di pèp Izrayèl la pou yo fete fèt delivrans lan. 5Epi yo fete fèt la nan aswè katòzyèm jou premye mwa a, nan dezè Sinayi a. Pèp la fè tout bagay jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè a.
6Men, #Egz 18.15; Nonb 5.2 vwala te gen kèk moun ki pat nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, paske yo te manyen kadav yon moun mouri. Yo pat kapab fete fèt delivrans lan jou sa a. Yo leve, y'al jwenn Moyiz ak Arawon. 7Yo di yo:
— Nou pa nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, paske nou te manyen yon kadav moun mouri. Men, poukisa nou pa ta ka pote ofrann nou yo bay Senyè a jou sa a, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo?
8Moyiz reponn yo:
— Rete tann jouk Senyè a va ban m lòd sa pou m di nou.
9Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
10— Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè yonn nan nou, osinon yonn nan pitit pitit nou yo, twouve li pa ta nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, paske li te manyen kadav yon moun mouri, ou ankò si li ta nan vwayaj byen lwen, l'a toujou ka fete fèt Delivrans lan pou Bondye. 11Y'a #Egz 12.6,8; 2 Kwo 30.1-3,15 tann katòzyèm jou dizyèm mwa a, lè solèy fin kouche, pou yo fè l. Y'a manje manje Delivrans lan avèk pen san ledven yo epi ak fèy lanman. 12Yo #Egz 12.10,43-49; Jan 19.36 p'ap gendwa kite anyen pou denmen maten, ni yo pa fèt pou yo kraze okenn zo bèt yo touye a. Y'a fè tout bagay dapre regleman mwen bay pou fete fèt Delivrans lan. 13Men, #Egz 12.15 si yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen epi ki pa nan vwayaj ta rive pa fete fèt Delivrans lan, se pou yo mete l deyò nèt nan mitan fanmi l yo, paske li pat ofri ofrann li bay Senyè a dat pou l te fè l la. Se pou l peye pou sa l fè a.
14Si #Egz 12.48,49 gen etranje k'ap viv nan mitan nou, li menm tou, se pou li fete fèt Pak Senyè a dapre lòd ak regleman fèt la. Va gen yon sèl regleman pou tout moun: ni moun natif-natal ni etranje.
Gwo nyaj dife a
(Egzòd 40.34-38)
15Jou #Egz 40.17,34,38 yo t'ap moute Tant Randevou a, yon nyaj vini epi li kouvri tant kote Bwat Kontra a ye a. Lè aswè rive, ou ta di yon gwo dife ki te parèt anwo tant lan jouk nan maten. 16Se konsa sa te toujou ye: lajounen nyaj la te kouvri l, lannwit li te klere tankou yon dife. 17Chak #Egz 40.36; Nonb 10.11 fwa nyaj la fè yon leve anwo tant lan, la menm moun pèp Izrayèl yo leve, epi yo pati. Lè li desann poze sou tant lan, yo rete, yo moute tant yo la. 18Konsa, #Egz 40.37 se sou kòmandman Senyè a yo te leve pati, e se sou kòmandman li tou yo te rete moute tant yo. Toutotan nyaj la te rete anwo tant lan, yo menm tou, yo te rete kote yo te ye a. 19Si nyaj la te rete anpil jou anwo tant lan san deplase, moun pèp Izrayèl yo te swiv lòd Senyè a, yo menm tou yo pat deplase. 20Gen de fwa nyaj la pat rete lontan anwo tant lan san deplase. Men, se te toujou konsa: se sou kòmandman Senyè a yo te leve pati, se sou kòmandman li tou yo te rete moute tant yo. 21Gen de lè nyaj la rete sèlman pou yon nwit anwo tant lan, depi aswè jouk nan denmen maten. Leve nyaj la leve nan maten, yo menm tou yo leve, yo pati. Gen de fwa tou, li te rete yon jou yon nwit. Leve nyaj la leve, yo menm tou yo leve, yo pati. 22Toutotan #Egz 40.36,37 nyaj la te rete la anwo tant lan san deplase, li te mèt de jou, yon mwa, yon lanne, yo menm tou, yo pat deplase. Men, leve nyaj la leve, yo leve, yo pati. 23Konsa, #Nonb 1.54 yo moute tant yo sou lòd Senyè a, yo leve yo pati sou lòd Senyè a: Yo te fè tou sa Senyè a te di Moyiz di yo fè.

Currently Selected:

Nonb 9: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in