YouVersion Logo
Search Icon

Nonb 10

10
Twonpèt ajan yo
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2— Fè #Sòm 81.3 yo fè de twonpèt an ajan pou ou. Y'a pran yon gwo moso ajan, y'a bat li ak mato pou fè chak twonpèt yo. W'a sèvi ak yo pou avèti moun yo lè pou yo reyini ak lè lè a rive pou yo leve pati. 3Depi #Jer 4.5; Jowèl 2.15 yo kònen twonpèt yo ansanm, se pou tout moun kouri reyini bò kote ou devan pòt Tant Randevou a.
4Si #Egz 18.21; Nonb 1.16; 7.2 se yon sèl twonpèt yo kònen, se tout chèf branch fanmi yo ase ki va reyini bò kote ou. 5#Nonb 2.3-9 y'a tande twonpèt yo kònen yon premye fwa ansanm ak bri moun k'ap rele, se va siyal pou branch fanmi ki rete bò solèy leve a leve pati. 6#Nonb 2.10-16 y'a tande twonpèt yo kònen yon dezyèm fwa ansanm ak bri moun k'ap rele yo, se va siyal pou branch fanmi ki rete bò sid la leve pati. 7Men #Nonb 10.3; Jowèl 2.1 lè y'ap reyini tout moun yo, y'a kònen twonpèt yo sèlman, san pèsonn pa bezwen rele. 8Se #1 Kwo 15.24 prèt yo, pitit gason Arawon yo, ki pou kònen twonpèt yo.
Men regleman pou nou swiv tout tan tout tan, de pitit an pitit. 9#Jij 2.18; 3.27; 4.3; Nonb 31.6; 1 Sam 10.18; 2 Kwo 13.12 nan peyi a, nou pral fè lagè kont lènmi ki vin atake nou, n'a kònen twonpèt yo epi n'a pouse rèl pou bay siyal batay la. Mwen menm Senyè a, Bondye nou an, m'a vin ede nou, m'a sove nou anba men lènmi nou yo. 10Konsa #Lev 23.24; 1 Kwo 15.24; 2 Kwo 5.12,13; 7.6; 29.26-28; Sòm 81.3 tou, lè kè nou kontan, lè n'ap fete fèt yo, lè premye jou chak mwa rive avèk lalin nouvèl lan, n'a kònen twonpèt yo tou pandan n'ap fè ofrann pou boule nèt pou Senyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi. Lè sa a m'a vin ede nou.
Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an.
Sòti pèp Izrayèl la dezè a
11Ventyèm #Nonb 9.17 jou, dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi pèp la te sòti kite peyi Lejip, nyaj la rete, li leve anwo Tant Randevou a. 12Epi #Egz 19.1,2; 40.36; Nonb 9.5; 12.16 moun pèp Izrayèl yo leve, yo pati, chak fanmi nan pozisyon yo te ba yo a. Yo kite dezè Sinayi a. Apre yon tan, nyaj la rete nan dezè Paran an. 13Se #Nonb 2.34 konsa yo konmanse vwayaje ankò sou kòmandman Senyè a, jan li te di Moyiz di yo sa pou li a.
14Premye #Nonb 2.3-9 moun ki pati se moun k'ap mache dèyè labànyè fanmi Jida a, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Jida yo, se te Nakchon, pitit gason Aminadab la. 15Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Isaka a. 16Epi se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Zabilon an.
17Apre #Nonb 1.51; 4.24,33 sa, yo demoute tant lan, epi moun Gèchon yo ak moun Merari yo ki la pou pote tant lan pati.
18Apre #Nonb 2.10-16 yo, moun k'ap mache dèyè labànyè fanmi Riben lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Riben lan, se te Elisou, pitit gason Chedeyou a. 19Se Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Simeyon an. 20Epi se Elyasaf, pitit gason Dewèl la, ki te alatèt branch fanmi Gad la.
21Apre #Nonb 1.51; 4.4,15 yo, se te moun Keyat yo ki reskonsab pou pote tout bagay ki apa nèt pou Bondye yo. Tan pou yo rive kote yo pral rete a, tant lan va gentan moute ankò ap tann yo. 22Apre #Nonb 2.18-24 yo, moun k'ap mache dèyè labànyè fanmi Efrayim lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Efrayim lan, se Elichama, pitit gason Amiyou a, ki t'ap mache. 23Se Gamaliyèl, pitit gason Pedachou a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Manase a. 24Epi se Abidan, pitit gason Gideyoni an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Benjamen an.
25Apre #Nonb 2.25-31 yo, moun k'ap mache dèyè labànyè fanmi Dann lan vini, chak divizyon apa. Se yo k'ap pwoteje tout pèp la pa dèyè nèt. Alatèt divizyon branch fanmi Dann lan se Ayezè, pitit gason Amichadayi a, ki t'ap mache. 26Se Pagiyèl, pitit gason Okran an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Asè a. 27Epi se Ayira, pitit gason Enan an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Neftali a.
28Men nan ki lòd moun pèp Izrayèl yo t'ap mache, chak divizyon nan pozisyon yo, lè yo leve pou yo pati.
29Moyiz #Jen 12.7; 32.12; Egz 2.18; 3.8; 6.7,8 rele bòfrè li a, Obab, pitit gason Ragèl, moun peyi Madyan an, li di l konsa:
— Nou pral pati la a pou n'ale nan peyi Senyè a te di l'ap ban nou an. Senyè a te pwomèt li t'ap fè anpil byen pou nou. Vini avèk nou non! N'a pataje tout byen nou yo avè ou.
30Obab reponn li:
— Non. M'ap tounen nan peyi m al jwenn fanmi m.
31Moyiz di l konsa:
— Tanpri, pa kite nou pou kont nou. Se ou ki konnen dènye kote nou ka moute tant nou yo nan dezè a. W'a sèvi nou gid. 32Si #Jij 1.16; 4.11 ou vini ak nou, w'a gen pa ou nan tout byen Senyè a ap ban nou.
Derapman pèp la nan dezè a
33Se #Egz 3.1; Det 1.33; Jer 31.2 konsa, pèp la leve li pati, li kite mòn Sinayi a, mòn Senyè a, yo mache twa jou. Epi Bwat Kontra Senyè a pran devan yo tout pou chache yon kote pou yo moute tant yo.
34Chak #Egz 13.21; Sòm 105.39 fwa y'ap kite yon kote pou yo ale yon lòt kote, nyaj Senyè a te rete anlè tèt yo nan syèl la tout lajounen.
35Chak #Sòm 68.1 fwa Bwat Kontra a pati, Moyiz di:
— Leve non, Senyè! Gaye lènmi ou yo!
Fè tout moun ki rayi ou yo kouri lè ou parèt!
36Lè Bwat Kontra a kanpe, Moyiz di:
— Tounen non, Senyè!
Vin rete nan mitan tout lame moun pèp Izrayèl yo!

Currently Selected:

Nonb 10: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in